< ヨブ 記 26 >

1 そこでヨブは答えて言った、
Epi Job te reponn:
2 「あなたは力のない者をどれほど助けたかしれない。気力のない腕をどれほど救ったかしれない。
Kèl kalite èd ou ye pou fèb yo! Kèl sekou ou te bay a bra ki te san fòs la!
3 知恵のない者をどれほど教えたかしれない。悟りをどれほど多く示したかしれない。
Kèl konsèy ou te bay a sila ki san sajès la! Kèl kalite bèl eklèsisman ou te bay an abondans!
4 あなたはだれの助けによって言葉をだしたのか。あなたから出たのはだれの霊なのか。
Se a kilès ou t ap eksprime pawòl sa yo menm? Epi se lespri a kilès ki te enspire ou menm?
5 亡霊は水およびその中に住むものの下に震う。
Lespri mò yo tranble anba dlo yo avèk tout sila ki rete ladann yo.
6 神の前では陰府も裸である。滅びの穴もおおい隠すものはない。 (Sheol h7585)
Sejou Lanmò An se toutouni devan Bondye. Labim nan pa gen kouvèti. (Sheol h7585)
7 彼は北の天を空間に張り、地を何もない所に掛けられる。
Li lonje rale zetwal nò a sou espas vid. Li fè mond lan pandye san anyen pap kenbe l.
8 彼は水を濃い雲の中に包まれるが、その下の雲は裂けない。
Li vlope dlo yo nan nwaj Li yo, e nwaj la pa pete anba fòs yo.
9 彼は月のおもてをおおい隠して、雲をその上にのべ、
Li fè kache figi gwo lalin nan e gaye nwaj Li sou li.
10 水のおもてに円を描いて、光とやみとの境とされた。
Li te trase yon lizyè sou sifas dlo yo, ak pou limit tenèb la ak limyè a.
11 彼が戒めると、天の柱は震い、かつ驚く。
Pilye syèl yo tanmen tranble, e yo etone lè L repwòche yo.
12 彼はその力をもって海を静め、その知恵をもってラハブを打ち砕き、
Ak pwisans Li, li kalme lanmè a, e ak bon konprann Li, li te brize Rahab.
13 その息をもって天を晴れわたらせ、その手をもって逃げるへびを突き通される。
Ak souf Li, li dekore syèl yo. Se men L ki te frennen sèpan ki t ap sove ale a.
14 見よ、これらはただ彼の道の端にすぎない。われわれが彼について聞く所はいかにかすかなささやきであろう。しかし、その力のとどろきに至っては、だれが悟ることができるか」。
Gade byen, sa se yon ti kras bagay de tout chemen L yo. Epi a la ti kras souf pawòl nou konn tande de Li! Men tonnè pwisans Li an! Se kilès ki kab konprann li?

< ヨブ 記 26 >