< 詩篇 1 >

1 悪しき者のはかりごとに歩まず、罪びとの道に立たず、あざける者の座にすわらぬ人はさいわいである。
Beni se nonm ki pa mache nan konsèy mechan yo ni kanpe nan pa pechè yo, ni chita nan chèz mokè yo,
2 このような人は主のおきてをよろこび、昼も夜もそのおきてを思う。
men gran plezi li se nan lalwa SENYÈ a. Sou lalwa Li, li reflechi lajounen kon lannwit.
3 このような人は流れのほとりに植えられた木の時が来ると実を結び、その葉もしぼまないように、そのなすところは皆栄える。
Li va tankou yon pyebwa ki plante bò kote flèv dlo ki bay fwi li nan sezon li. Fèy li p ap janm fane, e tout sa li fè byen reyisi.
4 悪しき者はそうでない、風の吹き去るもみがらのようだ。
Mechan yo pa konsa. Yo tankou pay ke van an pouse ale.
5 それゆえ、悪しき者はさばきに耐えない。罪びとは正しい者のつどいに立つことができない。
Pou sa, mechan yo p ap kanpe nan chèz jijman an, ni pechè yo nan asanble ak moun dwat yo.
6 主は正しい者の道を知られる。しかし、悪しき者の道は滅びる。
Paske SENYÈ a konnen chemen a (sila) ki dwat yo, men chemen a mechan yo va disparèt.

< 詩篇 1 >