< 詩篇 86 >

1 ダビデの祈 主よ、あなたの耳を傾けて、わたしにお答えください。わたしは苦しみかつ乏しいからです。
Yon priyè a David Prete m zòrèy Ou, O SENYÈ e reponn mwen. Paske mwen aflije e malere.
2 わたしのいのちをお守りください。わたしは神を敬う者だからです。あなたに信頼するあなたのしもべをお救いください。あなたはわたしの神です。
Konsève nanm mwen, paske mwen se yon nonm fidèl. Ou menm, Bondye mwen an, sove sèvitè Ou ki mete konfyans nan Ou a.
3 主よ、わたしをあわれんでください。わたしはひねもすあなたに呼ばわります。
Montre m gras Ou, O SENYÈ, paske se a Ou menm mwen kriye tout lajounen.
4 あなたのしもべの魂を喜ばせてください。主よ、わが魂はあなたを仰ぎ望みます。
Fè nanm a sèvitè Ou a kontan, paske a Ou menm, SENYÈ, mwen leve nanm mwen.
5 主よ、あなたは恵みふかく、寛容であって、あなたに呼ばわるすべての者にいつくしみを豊かに施されます。
Paske Ou menm, Senyè a, Ou plen bonte e Ou prèt pou padone, ranpli avèk lanmou dous, pou tout (sila) ki rele sou non Ou yo.
6 主よ、わたしの祈に耳を傾け、わたしの願いの声をお聞きください。
Prete zòrèy Ou, O SENYÈ, a lapriyè mwen. Prete atansyon a vwa siplikasyon mwen yo.
7 わたしの悩みの日にわたしはあなたに呼ばわります。あなたはわたしに答えられるからです。
Nan jou twoub mwen an, mwen va rele Ou, paske Ou va reponn mwen.
8 主よ、もろもろの神のうちにあなたに等しい者はなく、また、あなたのみわざに等しいものはありません。
Nanpwen tankou Ou pami dye yo, O Senyè, ni nanpwen zèv tankou pa Ou yo.
9 主よ、あなたが造られたすべての国民はあなたの前に来て、伏し拝み、み名をあがめるでしょう。
Tout nasyon ke Ou te fè yo, va vini pou adore devan Ou, O Senyè, e yo va bay non Ou glwa.
10 あなたは大いなる神で、くすしきみわざをなされます。ただあなたのみ、神でいらせられます。
Paske Ou gran e fè zèv ki mèvèye. Se Ou sèl ki Bondye.
11 主よ、あなたの道をわたしに教えてください。わたしはあなたの真理に歩みます。心をひとつにしてみ名を恐れさせてください。
Montre m chemen Ou an, O SENYÈ. Mwen va mache nan verite Ou. Fè kè m dispoze pou krent non Ou.
12 わが神、主よ、わたしは心をつくしてあなたに感謝し、とこしえに、み名をあがめるでしょう。
Mwen va ba Ou remèsiman, O SENYÈ, Bondye mwen an, avèk tout kè m. Mwen va bay glwa a non Ou jis pou tout tan.
13 わたしに示されたあなたのいつくしみは大きく、わが魂を陰府の深い所から助け出されたからです。 (Sheol h7585)
Paske lanmou dous Ou anvè mwen gran, e Ou te delivre nanm mwen soti nan fon sejou lanmò yo. (Sheol h7585)
14 神よ、高ぶる者はわたしに逆らって起り、荒ぶる者の群れはわたしのいのちを求め、彼らは自分の前にあなたを置くことをしません。
O Bondye, mesye awogan yo te leve kont mwen, yon bann mesye vyolan ap chache lavi mwen. Yo pa mete Ou devan yo.
15 しかし主よ、あなたはあわれみと恵みに富み、怒りをおそくし、いつくしみと、まこととに豊かな神でいらせられます。
Men Ou menm, O SENYÈ, Ou se yon Bondye ki plen ak gras avèk mizerikòd, lan nan kòlè e plen avèk lanmou dous ak verite.
16 わたしをかえりみ、わたしをあわれみ、あなたのしもべにみ力を与え、あなたのはしための子をお救いください。
Vire vè mwen e fè m gras. O dispoze fòs Ou a sèvitè Ou a, e fè sekou a fis a sèvant Ou a.
17 わたしに、あなたの恵みのしるしをあらわしてください。そうすれば、わたしを憎む者どもはわたしを見て恥じるでしょう。主よ、あなたはわたしを助け、わたしを慰められたからです。
Montre m yon sign bonte Ou, pou (sila) ki rayi mwen yo kapab wè l e vin wont. Paske Ou menm, O SENYÈ, te fè m sekou, e te konsole mwen.

< 詩篇 86 >