< 詩篇 137 >

1 われらバビロンの河のほとりにすわり シオンをおもひいでて涙をながしぬ
Bò rivyè a Babylone yo, se la nou te chita. Nou te kriye, lè nou te sonje Sion.
2 われらそのあたりの柳にわが琴をかけたり
Sou pye sikrèn nan mitan li an, nou te pandye ap nou yo.
3 そはわれらを虜にせしものわれらに歌をもとめたり 我儕をくるしむる者われらにおのれを歓ばせんとて シオンのうた一つうたへといへり
Paske la, ravisè nou yo te mande nou chante pou yo, e bouwo nou yo ak gwo kè kontan, t ap di: “Chante pou nou youn nan chanson Sion yo.”
4 われら外邦にありていかでヱホバの歌をうたはんや
Kijan pou nou ta chante chan SENYÈ a nan yon peyi etranje?
5 エルサレムよもし我なんぢをわすれなばわが右の手にその巧をわすれしめたまへ
Si mwen ta bliye ou, O Jérusalem, kite men dwat mwen bliye kapasite li.
6 もしわれ汝を思ひいでず もしわれヱルサレムをわがすべての歓喜の極となさずばわが舌をわが腭につかしめたまヘ
Ke lang mwen kole rèd anlè bouch mwen, Si m pa ta sonje ou, si m pa ta leve Jérusalem wo, pi wo ke pi gwo plezi m yo.
7 ヱホバよねがはくはヱルサレムの日にエドムの子輩がこれを掃除けその基までもはらひのぞけといへるを聖意にとめたまへ
Sonje, O SENYÈ, kont fis a Édom yo, jou a Jérusalem nan, ke yo te di: “Raze l nèt! Raze l jis rive nan fondasyon li.”
8 ほろぼさるべきバビロンの女よ なんぢがわれらに作しごとく汝にむくゆる人はさいはひなるべし
O fi a Babylone nan, Ou menm ki te devaste nou an, A la beni (sila) ki rekonpanse ou ak menm rekonpans ke ou te rekonpanse nou an va beni!
9 なんぢの嬰児をとりて岩のうへになげうつものは福ひなるべし
A la beni (sila) ki sezi pitit ou yo, e ki kraze yo nan wòch la va beni!

< 詩篇 137 >