< 詩篇 138 >

1 ダビデのうた われはわが心をつくしてなんぢに感謝し もろもろの神のまへにて汝をほめうたはん
Yon Sòm David Mwen va bay Ou remèsiman avèk tout kè m. Mwen va chante lwanj a Ou devan lòt dye yo.
2 我なんぢのきよき宮にむかひて伏拝み なんぢの仁慈とまこととの故によりて聖名にかんしやせん そは汝そのみことばをもろもろの聖名にまさりて高くしたまひたればなり
Mwen va pwostène mwen vè sen tanp Ou a, e bay remèsiman a non Ou pou lanmou dous Ou ak verite Ou a; Paske Ou te bay glwa a Non ak Pawòl Ou plis ke tout bagay.
3 汝わがよばはりし日にわれにこたへ わが霊魂にちからをあたへて雄々しからしめたまへり
Nan jou ke m te rele Ou a, Ou te reponn mwen. Ou te fè m plen ak kouraj ak fòs nan nanm mwen.
4 ヱホバよ地のすべての王はなんぢに感謝せん かれらはなんぢの口のもろもろの言をききたればなり
Tout wa sou latè yo va ba Ou remèsiman, O SENYÈ, lè yo fin tande pawòl a bouch Ou.
5 かれらはヱホバのもろもろの途についてうたはん ヱホバの榮光おほいなればなり
Wi, yo va chante sou chemen SENYÈ a, paske gran se glwa SENYÈ a.
6 ヱホバは高くましませども卑きものを顧みたまふ されど亦おごれるものを遠よりしりたまへり
Paske malgre SENYÈ a egzalte, Li toujou okipe (sila) ki ba yo. Men moun ki ògeye yo, Li rekonèt yo de lwen.
7 縦ひわれ患難のなかを歩むとも汝われをふたたび活し その手をのばしてわが仇のいかりをふせぎ その右の手われをすくひたまふべし
Malgre mwen mache nan mitan gwo twoub, Ou va fè m reprann mwen. Ou va lonje fè parèt men Ou kont kòlè ènmi m yo. Men dwat Ou va sove mwen.
8 ヱホバはわれに係れることを全うしたまはん ヱホバよなんぢの憐憫はとこしへにたゆることなし願くはなんぢの手のもろもろの事跡をすてたまふなかれ
SENYÈ a va akonpli sa ki konsène mwen an. Lanmou dous Ou a, O SENYÈ, se pou tout tan. Pa abandone zèv men Ou yo.

< 詩篇 138 >