< Jòb 17 >

1 Souf mwen prèt pou koupe. Mwen pa lwen mouri. Se pou simityè ase mwen bon.
我的心靈消耗,我的日子滅盡; 墳墓為我預備好了。
2 Kote m' vire, se moun k'ap pase m' nan betiz. Vye pawòl jouman yo enpoze m' dòmi.
真有戲笑我的在我這裏, 我眼常見他們惹動我。
3 Ou mèt kwè m', Bondye! Se ou menm ankò ki pou bay garanti pou mwen. M' pa gen pesonn lòt ki ka tope ak yo.
願主拿憑據給我,自己為我作保。 在你以外誰肯與我擊掌呢?
4 Ou fèmen lespri yo pou yo pa konprann. Pa kite yo gen rezon sou mwen.
因你使他們心不明理, 所以你必不高舉他們。
5 Pawòl la di: Yon moun ap fè gwo fèt pou zanmi l', epi pitit li yo ap mouri grangou anndan lakay li.
控告他的朋友、以朋友為可搶奪的, 連他兒女的眼睛也要失明。
6 Yo fè koze sou mwen nan pèp la. Yo vin krache nan figi m'!
上帝使我作了民中的笑談; 他們也吐唾沫在我臉上。
7 Mwen sitèlman nan lapenn, m' pa ka louvri je m'. Mwen fin tounen zo ak po. Ata lonbraj mwen pa fè!
我的眼睛因憂愁昏花; 我的百體好像影兒。
8 Moun k'ap mache dwat yo sezi lè yo wè sa. Inonsan yo fin debòde sou mechan an ki vire do bay Bondye.
正直人因此必驚奇; 無辜的人要興起攻擊不敬虔之輩。
9 Moun k'ap mennen yon vi dwat, se yo ki gen rezon. Sa ki pa mete men yo nan ankenn move zafè kanpe pi rèd sou pozisyon yo.
然而,義人要持守所行的道; 手潔的人要力上加力。
10 Nou tout mèt vin kanpe devan m', mwen p'ap jwenn yonn ladan nou ki gen bon konprann.
至於你們眾人,可以再來辯論吧! 你們中間,我找不着一個智慧人。
11 Mwen fin viv! Tout plan m' te gen nan tèt mwen kraze. Mwen pa gen ankenn espwa ankò.
我的日子已經過了; 我的謀算、我心所想望的已經斷絕。
12 Yo pretann lannwit se lajounen. Lè fènwa, yo di limyè a pa lwen.
他們以黑夜為白晝, 說:亮光近乎黑暗。
13 Se lanmò m'ap tann. Se al kouche nan simityè ki sèl espwa m'. (Sheol h7585)
我若盼望陰間為我的房屋, 若下榻在黑暗中, (Sheol h7585)
14 Mwen di tonm lan ou se papa m'. Mwen di vèmen ki pral manje m' yo: nou se manman m' ak sè m'.
若對朽壞說:你是我的父; 對蟲說:你是我的母親姊妹;
15 Kote ki gen espwa pou mwen ankò? Ki moun ki wè yon bon lavi pou mwen ankò?
這樣,我的指望在哪裏呢? 我所指望的誰能看見呢?
16 Lè m'a mouri, lè m'a fin desann nan peyi kote mò yo ye a, èske m'a ka pote espwa m' yo ansanm avè m'? (Sheol h7585)
等到安息在塵土中, 這指望必下到陰間的門閂那裏了。 (Sheol h7585)

< Jòb 17 >