Preface
Read
+
Publisher
Nainoia, Inc.
PO Box 462, Bellefonte, PA 16823
(814) 470-8028
Nainoia Inc, Publisher
LinkedIn/NAINOIA-INC
Third Party Publisher Resources
Request Custom Formatted Verses
Please contact us below
Submit your proposed corrections
I understand that the Aionian Bible republishes public domain and Creative Commons Bible texts and that volunteers may be needed to present the original text accurately. I also understand that apocryphal text is removed and most variant verse numbering is mapped to the English standard. I have entered my corrections under the verse(s) below. Proposed corrections to the Haitian Creole Bible, Job Chapter 35 https://www.AionianBible.org/Bibles/Haitian---Haitian-Creole-Bible/Job/35 1) Eliyou pran lapawòl ankò, li di: 2) -Pa konprann ou gen rezon lè w'ap di ou inonsan devan Bondye, 3) lè w'ap di Bondye: Ki mele ou sa? M' te mèt peche, sa pa fè ou anyen. 4) Enben. Mwen pral reponn ou, ni ou ni zanmi ou yo. 5) Gade syèl la! Ou wè jan nwaj yo wo anwo tèt ou! 6) Si ou fè peche, sa pa fè Bondye anyen! Ou te mèt fè peche sou peche, sa pa di l' anyen? 7) Si ou mache dwat, ki avantaj Bondye jwenn nan sa? Kisa ou ba li la a? 8) Se moun parèy ou ki soufri lè ou fè sa ki mal. Se yo ki pwofite tou lè ou fè sa ki dwat. 9) Lè moun ap sibi anba ponyèt lòt moun, yo plenyen. Lè se chèf k'ap peze yo, yo rele. 10) Men, yo pa vire kote Bondye ki kreye yo a. Yo te mèt nan nenpòt gwo lapenn, se li menm k'ap ba yo kouraj. 11) Yo pa vire kote Bondye ki ba yo plis lespri pase bèt nan bwa, plis bon konprann pase zwezo nan syèl la. 12) Yo rele kont rele yo, Bondye pa reponn yo, paske mechan yo gen lògèy. 13) Se pou gremesi y'ap plede rele konsa. Bondye pa tande, li pa wè. 14) Jòb monchè, ou di ou pa ka wè Bondye. Men, ou mete ka ou devan li. 15) Ou di ankò: Bondye pa nan pini. Mwen te mèt peche, sa pa di l' anyen. 16) Jòb monchè, w'ap louvri bouch ou pou ou pa di anyen. W'ap fè tout pale anpil sa a paske ou pa konn sa w'ap di. Additional comments?
Refresh Captcha
The world's first Holy Bible un-translation!