Preface
Read
+
Publisher
Nainoia, Inc.
PO Box 462, Bellefonte, PA 16823
(814) 470-8028
Nainoia Inc, Publisher
LinkedIn/NAINOIA-INC
Third Party Publisher Resources
Request Custom Formatted Verses
Please contact us below
Submit your proposed corrections
I understand that the Aionian Bible republishes public domain and Creative Commons Bible texts and that volunteers may be needed to present the original text accurately. I also understand that apocryphal text is removed and most variant verse numbering is mapped to the English standard. I have entered my corrections under the verse(s) below. Proposed corrections to the Haitian Creole Bible, Exodus Chapter 11 https://www.AionianBible.org/Bibles/Haitian---Haitian-Creole-Bible/Exodus/11 1) Seyè a di Moyiz: -Mwen pral voye yon lòt malè sou farawon an ak sou peyi Lejip la. Apre sa, l'ap kite nou ale. Wi, lè l'a pare pou l' kite nou ale a, se mete l'ap mete nou deyò. 2) Pale ak pèp Izrayèl la. Se pou yo chak mande vwazen ak vwazen yo fè yo kado bagay yo genyen ki fèt an ajan osinon an lò. 3) Seyè a te fè moun peyi Lejip yo vin gen kè sansib pou moun pèp Izrayèl yo. Pou Moyiz menm, tout moun nan peyi a te gen gwo respè pou li. Moun farawon yo ansanm ak tout pèp la te respekte Moyiz anpil. 4) Moyiz di farawon an: -Men sa Seyè a di: Aswè a, nan mitan lannwit, m'ap pase kay moun peyi Lejip yo. 5) Tout premye pitit gason moun peyi Lejip yo pral mouri, depi premye pitit farawon an, ki chita sou fotèy la, jouk premye pitit gason dènye klas sèvant k'ap travay nan moulen. Premye pitit tout bèt pral mouri tou. 6) Pral gen yon sèl gwo rèl nan tout peyi a, rèl moun poko janm tande, rèl moun p'ap janm tande ankò. 7) Men, nan mitan pèp Izrayèl la, ou p'ap menm tande yon chen wouke, paske ni moun ni bèt p'ap mouri la. Konsa, w'a konnen Seyè a fè yon diferans ant pèp peyi Lejip la ak pèp Izrayèl la. 8) Lè sa a, tout moun pa ou yo pral desann vin kote mwen. Y'ap bese tèt yo jouk atè devan mwen. y'a di m': Ale non, ou menm ansanm ak tou pèp ou a. Se lè sa a, m'a pati. Lèfini, Moyiz soti byen fache lakay farawon an. 9) Seyè a di Moyiz: -Farawon an p'ap koute ou. Konsa, m'a fè plis mèvèy toujou nan peyi Lejip. 10) Moyiz ak Arawon te fè tout mirak sa yo devan farawon an. Men farawon an pa t' vle kite moun pèp Izrayèl yo soti kite peyi a. Seyè a fè farawon an fè tèt di pi rèd toujou. Additional comments?
Refresh Captcha
The world's first Holy Bible un-translation!