< Psalmorum 81 >

1 In finem, Pro torcularibus, Psalmus ipsi Asaph. Exultate Deo adiutori nostro: iubilate Deo Iacob.
Pou direktè koral la; pou jwe sou Gitia la. Yon Sòm Asaph Chante avèk jwa a Bondye ki se fòs nou! Rele fò ak jwa a Bondye a Jacob la!
2 Sumite psalmum, et date tympanum: psalterium iucundum cum cithara.
Leve yon chan, bat tanbouren an, gita ak son ki dous la ansanm avèk ap la.
3 Buccinate in Neomenia tuba, in insigni die solemnitatis vestræ:
Sone twonpèt la nan nouvèl lin nan, sou plèn lin nan, nan jou fèt nou an.
4 Quia præceptum in Israel est: et iudicium Deo Iacob.
Paske se yon règleman Israël, yon òdonans a Bondye Jacob la.
5 Testimonium in Ioseph posuit illud, cum exiret de Terra Ægypti: linguam, quam non noverat, audivit.
Li te etabli li kon yon temwayaj nan Joseph lè li te ale toupatou nan peyi Égypte la. Mwen te tande yon lang ke M pa t konnen.
6 Divertit ab oneribus dorsum eius: manus eius in cophino servierunt.
Mwen te retire fado a sou zepòl li. Men li yo te vin lib panyen an.
7 In tribulatione invocasti me, et liberavi te: exaudivi te in abscondito tempestatis: probavi te apud aquam contradictionis.
Ou te rele nan twoub la e Mwen te fè ou sekou. Mwen te reponn Ou nan plas kote tonnè a kache a. Mwen te fè ou pase eprèv nan dlo Meriba yo. Tan
8 Audi populus meus, et contestabor te: Israel si audieris me,
Tande, O pèp Mwen an e Mwen va korije nou. O Israël, si ou ta koute Mwen!
9 non erit in te deus recens, neque adorabis deum alienum.
Pa kite okenn dye etranje rete pami nou. Ni nou pa pou adore okenn dye etranje.
10 Ego enim sum Dominus Deus tuus, qui eduxi te de terra Ægypti: dilata os tuum, et implebo illud.
Mwen menm, SENYÈ a, se Bondye nou an, ki te mennen nou sòti nan peyi Égypte la. Ouvri bouch nou byen laj e mwen va ranpli li.
11 Et non audivit populus meus vocem meam: et Israel non intendit mihi.
Men pèp Mwen an pa t koute vwa M. Ni Israël pa t obeyi Mwen.
12 Et dimisi eos secundum desideria cordis eorum, ibunt in adinventionibus suis.
Akoz sa, Mwen te lage yo a kè di yo, pou mache nan pwòp manèv yo.
13 Si populus meus audisset me: Israel si in viis meis ambulasset:
O ke pèp Mwen an ta koute Mwen, ke Israël ta mache nan vwa Mwen yo!
14 Pro nihilo forsitan inimicos eorum humiliassem: et super tribulantes eos misissem manum meam.
Mwen ta soumèt lènmi yo byen vit e ta vire men m kont advèsè yo.
15 Inimici Domini mentiti sunt ei: et erit tempus eorum in sæcula.
(Sila) ki rayi SENYÈ yo ta tresayi devan Li menm e pinisyon yo ta pou tout tan.
16 Et cibavit eos ex adipe frumenti: et de petra, melle saturavit eos.
Men ou menm, Mwen ta nouri ou avèk pi bon kalite ble a. Avèk siwo ki sòti nan wòch, Mwen ta satisfè ou.

< Psalmorum 81 >