< 詩篇 24 >

1 ダビデの歌 地と、それに満ちるもの、世界と、そのなかに住む者とは主のものである。
Yon sòm David Tè a se pou SENYÈ a, avèk tout sa ki ladann; lemonn avèk tout (sila) ki rete ladann yo.
2 主はその基を大海のうえにすえ、大川のうえに定められた。
Li te fonde li sou lanmè yo, e te etabli li sou rivyè yo.
3 主の山に登るべき者はだれか。その聖所に立つべき者はだれか。
Se kilès ki kab monte sou kolin SENYÈ a? Epi kilès ki kab kanpe nan lye sen pa Li an?
4 手が清く、心のいさぎよい者、その魂がむなしい事に望みをかけない者、偽って誓わない者こそ、その人である。
(Sila) ki gen men pwòp avèk yon kè ki san tach, ki pa leve nanm li vè sa ki fo, ni ki pa fè fo temwayaj.
5 このような人は主から祝福をうけ、その救の神から義をうける。
Li va resevwa yon benediksyon soti nan SENYÈ a, ak ladwati soti nan Bondye delivrans li an.
6 これこそ主を慕う者のやから、ヤコブの神の、み顔を求める者のやからである。 (セラ)
Sa se jenerasyon a (sila) k ap chache Li yo, ka p chache figi Ou—menm Jacob. Tan
7 門よ、こうべをあげよ。とこしえの戸よ、あがれ。栄光の王がはいられる。
Leve wo lento ou yo, o pòtay yo! Leve wo, o pòt ansyen yo! Pou Wa glwa la kapab antre!
8 栄光の王とはだれか。強く勇ましい主、戦いに勇ましい主である。
Se kilès ki Wa a glwa a? SENYÈ fò e pwisan an, SENYÈ a pwisan nan batay la.
9 門よ、こうべをあげよ。とこしえの戸よ、あがれ。栄光の王がはいられる。
Leve wo lento ou yo, O Pòtay yo! Leve wo, O pòt ansyen yo! Pou Wa glwa la kapab antre!
10 この栄光の王とはだれか。万軍の主、これこそ栄光の王である。 (セラ)
Se kilès ki Wa glwa a? SENYÈ dèzame yo! Se Li menm ki Wa glwa a. Tan.

< 詩篇 24 >