< 詩篇 135 >

1 なんぢらヱホバを讃稱へよ ヱホバの名をほめたたへよ ヱホバの僕等ほめたたへよ
Beni SENYÈ a! Beni non SENYÈ a! Beni Li, O sèvitè a SENYÈ yo,
2 ヱホバの家われらの神のいへの大庭にたつものよ讃稱へよ
nou menm ki kanpe lakay SENYÈ a, nan lakou lakay SENYÈ nou an!
3 ヱホバは恵ふかし なんぢらヱホバをほめたたへよ その聖名はうるはし讃うたへ
Beni SENYÈ a, paske SENYÈ a bon. Chante lwanj a non Li, paske sa bèl.
4 そはヤハおのがためにヤコブをえらみイスラエルをえらみてその珍寳となしたまへり
Paske SENYÈ a te chwazi Jacob pou Li menm, Israël pou pwòp posesyon pa Li.
5 われヱホバの大なるとわれらの主のもろもろの神にまされるとをしれり
Paske mwen konnen ke SENYÈ a gran, e ke SENYÈ nou an pi wo ke tout dye yo.
6 ヱホバその聖旨にかなふことを天にも地にも海にも淵にもみなことごとく行ひ給ふなり
Nenpòt sa ke SENYÈ a vle, Li fè l, nan syèl la oswa sou tè a, nan lanmè yo ak nan tout fon yo.
7 ヱホバは地のはてより霧をのぼらせ 雨のために電光をつくりその庫より風をいだしたまふ
Li fè vapè monte soti nan tout pwent tè yo. Ki fè rive loray avèk lapli yo, ki fè van vin parèt sòti nan trezò Li yo.
8 ヱホバは人より畜類にいたるまでエジプトの首出をうちたまへり
Li te frape premye ne Égypte yo, ni lòm, ni bèt.
9 エジプトよヱホバはなんぢの中にしるしと奇しき事跡とをおくりて パロとその僕とに臨ませ給へり
Li te voye sign ak mèvèy nan mitan nou, O Égypte, sou Farawon avèk tout sèvitè Li yo.
10 ヱホバはおほくの國々をうち 又いきほひある王等をころし給へり
Li te frape anpil nasyon, e te detwi wa pwisan yo,
11 アモリ人のわうシホン、バシヤンの王オグならびにカナンの國々なり
Sihon, wa Amoreyen yo, Og, wa Basan ak tout wayòm a Canaan yo.
12 かれらの地をゆづりとしその民イスフルの嗣業としてあたへ給へり
Epi Li te bay yo peyi yo kon eritaj, yon eritaj a Israël, pèp Li a.
13 ヱホバよなんぢの名はとこしへに絶ることなし ヱホバよなんぢの記念はよろづ世におよばん
Non Ou, O SENYÈ, dire jis pou tout tan, Memwa Ou, O SENYÈ, pou tout jenerasyon yo.
14 ヱホバはその民のために審判をなしその僕等にかかはれる聖意をかへたまふ可ればなり
Paske SENYÈ a va jije pèp Li a, e va gen konpasyon pou sèvitè Li yo.
15 もろもろのくにの偶像はしろかねと金にして人の手のわざなり
Zidòl a nasyon yo pa anyen sof ke ajan ak lò, zèv a men a lòm.
16 そのぐうざうは口あれどいはず目あれど見ず
Yo gen bouch, men yo pa pale. Yo gen zye, men yo pa wè.
17 耳あれどきかず またその口に氣息あることなし
Yo gen zòrèy, men yo pa tande, ni nanpwen souf nan bouch yo.
18 これを造るものと之によりたのむものとは皆これにひとしからん
(Sila) ki fè yo va vin tankou yo. Wi, tout (sila) ki mete konfyans nan yo.
19 イスラエルの家よヱホバをほめまつれ アロンのいへよヱホバをほめまつれ
O lakay Israël, beni SENYÈ a! O lakay Aaron, Beni SENYÈ a!
20 レビの家よヱホバをほめまつれ ヱホバを畏るるものよヱホバをはめまつれ
O lakay Lévi, beni SENYÈ a! Nou menm ki gen lakrent SENYÈ a, beni SENYÈ a!
21 ヱルサレムにすみたまふヱホバはシオンにて讃まつるべきかな ヱホバをほめたたへよ
Ke SENYÈ a beni soti nan Sion, (Sila) ki abite Jérusalem nan, Beni SENYÈ a!

< 詩篇 135 >