< 詩篇 130 >

1 京まうでの歌 ああヱホバよわれふかき淵より汝をよべり
Yon chan pou monte vè tanp lan. Soti nan pwofondè abim nan, mwen te kriye a Ou menm, O SENYÈ.
2 主よねがはくはわが聲をきい汝のみみをわが懇求のこゑにかたぶけたまヘ
SENYÈ, koute vwa mwen! Kite zòrèy Ou rete atantif a vwa siplikasyon mwen yo.
3 ヤハよ主よなんぢ若もろもろの不義ふぎに目をとめたまはば誰たれかよく立たつことをえんや
Si Ou menm, SENYÈ, ta sonje inikite yo, O SENYÈ, se kilès ki ta kab kanpe?
4 されどなんぢに赦あれば人におそれかしこまれ給ふべし
Men avèk Ou menm, gen padon, pou moun ta gen reverans Ou.
5 我ヱホバを俟望む わが霊魂はまちのぞむ われはその聖言によりて望をいだく
Mwen tann SENYÈ a. Nanm mwen ap tann e nan pawòl Li, mwen mete espwa m.
6 わがたましひは衛士があしたを待にまさり 誠にゑじが旦をまつにまさりて主をまてり
Nanm mwen ap tann SENYÈ a plis pase gadyen k ap tann maten rive a. Anverite, plis pase gadyen k ap tann maten rive a.
7 イスラエルよヱホバによりて望をいだけ そはヱホバにあはれみあり またゆたかなる救贖あり
O Israël, mete espwa nan SENYÈ a. Paske kote SENYÈ a ye, gen mizerikòd. Avèk Li, gen redanmsyon an abondans.
8 ヱホバはイスラエルをそのもろもろの邪曲よりあがなひたまはん
Li va fè redanmsyon Israël de tout inikite Li yo.

< 詩篇 130 >