< 箴言 知恵の泉 31 >

1 レムエル王のことば即ちその母の彼に教へし箴言なり
Pawòl a wa Lemuel yo; pwofesi ke manman li te ansegne li a:
2 わが子よ何を言んか わが胎の子よ何をいはんか 我が願ひて得たる子よ何をいはんか
“O fis mwen an! O fis a vant mwen an! O fis a ve mwen yo!
3 なんぢの力を女につひやすなかれ 王を滅すものに汝の途をまかする勿れ
Pa bay fòs ou a fanm, ni wout ou a sila ki konn detwi wa yo.
4 レムエルよ酒を飮は王の爲べき事に非ず 王の爲べき事にあらず 醇醪を求むるは牧伯の爲すべき事にあらず
Se pa pou wa yo, O Lemuel, se pa pou wa yo bwè diven, ni pou chèf yo ta bwè diven,
5 恐くは洒を飮て律法をわすれ 且すべて惱まさるる者の審判を枉げん
Paske y ap bwè epi vin bliye dekrè ki te fèt la, e tòde dwa a sila ki aflije yo.
6 醇醪を亡びんとする者にあたへ 酒を心の傷める者にあたへよ
Bay bwason fò a sila k ap peri a, ak diven a sila ki gen lavi anmè a.
7 かれ飮てその貧窮をわすれ復その苦楚を憶はざるべし
Kite li bwè pou bliye mizè li e pa sonje pwoblèm li ankò.
8 なんぢ瘖者のため又すべての孤者の訟のために口をひらけ
Ouvri bouch ou pou bèbè a; pou dwa yo a tout sila ki san sekou.
9 なんぢ口をひらきて義しき審判をなし貧者と窮乏者の訟を糺せ
Ouvri bouch ou, fè jijman ak dwati, e defann dwa a aflije yo ak endijan an.”
10 誰か賢き女を見出すことを得ん その價は眞珠よりも貴とし
Yon madanm ki ekselan, se kilès ki ka twouve li? Paske valè li depase bijou.
11 その夫の心は彼を恃み その産業は乏しくならじ
Kè a mari li mete konfyans nan li e li p ap manke reyisi.
12 彼が存命ふる間はその夫に善事をなして惡き事をなさず
Li fè l sa ki bon e pa sa ki mal pandan tout jou lavi li.
13 彼は羊の毛と麻とを求め喜びて手から操き
Li chache lèn ak len e travay avèk men l ak kè kontan.
14 商賈の舟のごとく遠き國よりその糧を運び
Li tankou bato komès; li mennen manje li soti byen lwen.
15 夜のあけぬ先に起てその家人に糧をあたへ その婢女に日用の分をあたふ
Anplis, li leve pandan li toujou fènwa pou bay manje a tout lakay li, ak yon pòsyon pou sèvant li yo.
16 田畝をはかりて之を買ひ その手の操作をもて葡萄園を植ゑ
Li konsidere yon chan e achte li. Ak benefis travay li, li plante yon chan rezen.
17 力をもて腰に帯し その手を強くす
Li mare senti l ak gwo fòs pou fè bra li vin fò.
18 彼はその利潤の益あるを知る その燈火は終夜きえず
Li santi ke siksè li bon; lanp li pa janm etenn lannwit.
19 かれ手を紡線車にのべ その指に紡錘をとり
Li lonje men l vè aparèy tise a e men l kenbe l.
20 手を貧者にのべ 手を困苦者に舒ぶ
Li lonje men l vè pòv yo avèk sila ki gen bezwen an.
21 彼は家人の爲に雪をおそれず 蓋その家人みな蕃紅の衣をきればなり
Lakay li pa fè krent pou lanèj, paske tout lakay abiye an wouj.
22 彼はおのれの爲に美しき褥子をつくり 細布と紫とをもてその衣とせり
Li fè kouvèti pou tèt li; tout vètman li se twal fen blan ak mov.
23 その夫はその地の長老とともに邑の門に坐するによりて人に知らるるなり
Mari li byen rekonèt nan pòtay lavil yo, lè l chita pami ansyen a peyi yo.
24 彼は細布の衣を製りてこれをうり 帯をつくりて商賈にあたふ
Li fè vètman an len pou vann yo, e founi sentiwon a tout komèsan yo.
25 彼は筋力と尊貴とを衣とし且のちの日を笑ふ
Fòs ak respè se abiman li e li souri a lavni.
26 彼は口を啓きて智慧をのぶ 仁愛の教誨その舌にあり
Li ouvri bouch li avèk sajès e enstriksyon ladousè sou lang li.
27 かれはその家の事を鑒み 怠惰の糧を食はず
Li gade byen tout afè lakay li e li pa manje pen laparès.
28 その衆子は起て彼を祝す その夫も彼を讃ていふ
Pitit li yo leve e beni li; mari li tou ba li gwo lwanj pou di l:
29 賢く事をなす女子は多けれども 汝はすべての女子に愈れり
“Anpil fi te fè byen bon; men ou pi bon anpil pase yo tout.”
30 艶麗はいつはりなり 美色は呼吸のごとし 惟ヱホバを畏るる女は誉られん
Chàm konn twonpe e bèlte konn vanite; men se fanm nan ki krent SENYÈ a k ap resevwa lwanj.
31 その手の操作の果をこれにあたへ その行爲によりてこれを邑の門にほめよ
Ba li sa ke men l te pwodwi, epi kite zèv li yo fè lwanj li nan pòtay yo.

< 箴言 知恵の泉 31 >