< 箴言 知恵の泉 3 >

1 わが子よ、わたしの教を忘れず、わたしの戒めを心にとめよ。
Fis mwen an, pa bliye enstriksyon mwen an, men kite kè ou kenbe kòmandman Mwen yo;
2 そうすれば、これはあなたの日を長くし、命の年を延べ、あなたに平安を増し加える。
paske konsa, longè jou, ane lavi ak lapè yo va vin ogmante sou ou.
3 いつくしみと、まこととを捨ててはならない、それをあなたの首に結び、心の碑にしるせ。
Pa kite dousè ak verite kite ou. Mare yo antoure kou ou. Ekri yo sou tablo kè ou.
4 そうすれば、あなたは神と人との前に恵みと、誉とを得る。
Konsa, ou va twouve favè avèk bon repitasyon nan men Bondye a, ak moun.
5 心をつくして主に信頼せよ、自分の知識にたよってはならない。
Mete konfyans nan SENYÈ a ak tout kè ou; pa apiye sou pwòp bon konprann pa w.
6 すべての道で主を認めよ、そうすれば、主はあなたの道をまっすぐにされる。
Nan tout chemen ou yo rekonèt Li; konsa Li va fè pa ou yo vin dwat.
7 自分を見て賢いと思ってはならない、主を恐れて、悪を離れよ。
Pa vin saj nan pwòp zye pa ou; krent SENYÈ a e vire kite mal.
8 そうすれば、あなたの身を健やかにし、あなたの骨に元気を与える。
Li va sèvi kon yon gerizon pou kò ou, ak rafrechisman a zo ou.
9 あなたの財産と、すべての産物の初なりをもって主をあがめよ。
Onore SENYÈ a ak sa ki soti nan bonte ou yo; ak premye pati nan tout prodwi ou,
10 そうすれば、あなたの倉は満ちて余り、あなたの酒ぶねは新しい酒であふれる。
pou depo ou yo kab vin plen ak abondans, e pou sitèn ou yo plen ak diven tounèf.
11 わが子よ、主の懲しめを軽んじてはならない、その戒めをきらってはならない。
Fis mwen an, pa rejte disiplin SENYÈ a, ni rayi repwòch Li,
12 主は、愛する者を、戒められるからである、あたかも父がその愛する子を戒めるように。
Paske sila ke SENYÈ a renmen an, Li korije li, jis tankou yon papa konn korije fis nan sila li pran plezi a.
13 知恵を求めて得る人、悟りを得る人はさいわいである。
A la beni nonm ki twouve sajès, e nonm ki vin genyen bon konprann nan beni!
14 知恵によって得るものは、銀によって得るものにまさり、その利益は精金よりも良いからである。
Paske avantaj li pi bon ke avantaj ajan, e pwofi li pi bon ke lò fen.
15 知恵は宝石よりも尊く、あなたの望む何物も、これと比べるに足りない。
Li pi presye pase bijou; e okenn lòt bagay ke ou ta dezire pa kab konpare avèk li.
16 その右の手には長寿があり、左の手には富と、誉がある。
Lavi ki long va trouve nan men dwat li. Nan men goch li se richès ak lonè.
17 その道は楽しい道であり、その道筋はみな平安である。
Chemen li yo byen dous, e tout pa li yo se lapè.
18 知恵は、これを捕える者には命の木である、これをしっかり捕える人はさいわいである。
Li se yon pyebwa lavi a sila ki pran l yo, e byen kontan se tout sila ki kenbe l fèm yo.
19 主は知恵をもって地の基をすえ、悟りをもって天を定められた。
SENYÈ a ak sajès te fonde latè a; ak bon konprann Li te etabli syèl yo.
20 その知識によって海はわきいで、雲は露をそそぐ。
Ak konesans Li, fon yo te vin ouvri, e syèl yo te vin degoute lawouze.
21 わが子よ、確かな知恵と、慎みとを守って、それをあなたの目から離してはならない。
Fis mwen an, pa kite yo vin disparèt devan zye ou; kenbe bon sajès ak bon konprann.
22 それはあなたの魂の命となりあなたの首の飾りとなる。
Konsa yo va lavi pou nanm ou ak dekorasyon pou kou ou.
23 こうして、あなたは安らかに自分の道を行き、あなたの足はつまずくことがない。
Konsa, ou va mache nan chemen ou ak sekirite, e pye ou p ap chape.
24 あなたは座しているとき、恐れることはなく、伏すとき、あなたの眠りはここちよい。
Lè ou kouche ou p ap pè; kouche ou ak dòmi ou va byen dous.
25 あなたはにわかに起る恐怖を恐れることなく、悪しき者の滅びが来ても、それを恐れることはない。
Pa pè gwo laperèz ki parèt sibitman, ni atak a mechan an lè l vini.
26 これは、主があなたの信頼する者であり、あなたの足を守って、わなに捕われさせられないからである。
Paske Bondye va konfyans ou, e va veye pye ou pou l pa pran nan pyèj.
27 あなたの手に善をなす力があるならば、これをなすべき人になすことをさし控えてはならない。
Pa refize fè byen a sila ki merite l yo, si se nan kapasite ou pou fè l.
28 あなたが物を持っている時、その隣り人に向かい、「去って、また来なさい。あす、それをあげよう」と言ってはならない。
Pa di vwazen ou: “Ale e retounen pita”, oswa “Demen, m ap bay ou”, lè l deja nan men w.
29 あなたの隣り人がかたわらに安らかに住んでいる時、これに向かって、悪を計ってはならない。
Pa kalkile mal kont vwazen ou pandan l ap viv an sekirite akote ou.
30 もし人があなたに悪を行ったのでなければ、ゆえなく、これと争ってはならない。
Pa fè kont ak yon nonm san koz, depi li pa konn fè ou tò.
31 暴虐な人を、うらやんではならない、そのすべての道を選んではならない。
Pinga ou gen anvi a yon nonm vyolan, ni pa chwazi chemen li yo.
32 よこしまな者は主に憎まれるからである、しかし、正しい者は主に信任される。
Moun pèvès se yon abominasyon a SENYÈ a; men SENYÈ a vin toupre a sila yo ki dwat yo.
33 主の、のろいは悪しき者の家にある、しかし、正しい人のすまいは主に恵まれる。
Malediksyon SENYÈ a sou kay mechan yo, men Li beni abitasyon a moun dwat yo.
34 彼はあざける者をあざけり、へりくだる者に恵みを与えられる。
Li moke moun k ap moke, men Li bay gras a sila ki aflije yo.
35 知恵ある者は、誉を得る、しかし、愚かな者ははずかしめを得る。
Saj yo va resevwa gran respe kon eritaj, men moun plen foli yo va dezonere.

< 箴言 知恵の泉 3 >