< ヨブ 記 4 >

1 その時、テマンびとエリパズが答えて言った、
Konsa, Éliphaz, Temanit lan te reponn;
2 「もし人があなたにむかって意見を述べるならば、あなたは腹を立てるでしょうか。しかしだれが黙っておれましょう。
Si yon moun ta eseye pale yon mo avèk ou, èske ou va pèdi pasyans? Men se kilès ki kab refize pale?
3 見よ、あなたは多くの人を教えさとし、衰えた手を強くした。
Gade byen, ou te enstwi anpil lòt moun; ou te ranfòse menm fèb yo.
4 あなたの言葉はつまずく者をたすけ起し、かよわいひざを強くした。
Pawòl ou yo te ede fèb yo kanpe, e ou te ranfòse jenou ki manke fòs yo.
5 ところが今、この事があなたに臨むと、あなたは耐え得ない。この事があなたに触れると、あなたはおじ惑う。
Men koulye a, se sou ou sa rive, e ou pa gen pasyans. Sa touche ou menm e ou vin dekouraje nèt.
6 あなたが神を恐れていることは、あなたのよりどころではないか。あなたの道の全きことは、あなたの望みではないか。
Èske se pa lakrent Bondye pa ou ki konfyans ou, ak entegrite chemen ou yo ki espwa ou?
7 考えてみよ、だれが罪のないのに、滅ぼされた者があるか。どこに正しい者で、断ち滅ぼされた者があるか。
“Sonje byen se kilès ki kon peri inosan? Oswa ki kote ou wè moun ladwati yo te detwi?
8 わたしの見た所によれば、不義を耕し、害悪をまく者は、それを刈り取っている。
Selon sa ke mwen menm te wè, sila ki raboure inikite yo, ak sila ki simen twoub yo, yo rekòlte li.
9 彼らは神のいぶきによって滅び、その怒りの息によって消えうせる。
Pa souf Bondye, yo peri, e pa van chalè Li, yo fini nèt.
10 ししのほえる声、たけきししの声はともにやみ、若きししのきばは折られ、
Gwo vwa a lyon fewòs la, vwa fewòs a lyon an, e dan a jenn lyon yo fin kase.
11 雄じしは獲物を得ずに滅び、雌じしの子は散らされる。
Pi gran lyon an peri paske li manke manje, e pitit li yo vin gaye.
12 さて、わたしに、言葉がひそかに臨んだ、わたしの耳はそのささやきを聞いた。
“Alò, an kachèt yon pawòl rive sou mwen; zòrèy mwen te resevwa yon ti souf li.
13 すなわち人の熟睡するころ、夜の幻によって思い乱れている時、
Pami refleksyon enkyetan ki sòti nan vizyon lannwit yo, lè dòmi pwofon tonbe sou moun,
14 恐れがわたしに臨んだので、おののき、わたしの骨はことごとく震えた。
laperèz te vini sou mwen. Mwen te tranble e zo m yo te souke.
15 時に、霊があって、わたしの顔の前を過ぎたので、わたしの身の毛はよだった。
Konsa, yon lespri te pase kote figi mwen; plim sou chè mwen, te kanpe sou kò m.
16 そのものは立ちどまったが、わたしはその姿を見わけることができなかった。一つのかたちが、わたしの目の前にあった。わたしは静かな声を聞いた、
Li te kanpe an plas, men mwen pa t kab distenge aparans li. Yon fòm te devan zye m. Te gen silans, epi mwen te tande yon vwa:
17 『人は神の前に正しくありえようか。人はその造り主の前に清くありえようか。
'Èske lòm kapab jis devan Bondye? Èske yon nonm kapab san tach devan Sila ki fè l la?
18 見よ、彼はそのしもべをさえ頼みとせず、その天使をも誤れる者とみなされる。
Menm nan sèvitè Li yo, Li pa mete konfyans; ak pwòp zanj Li yo, Li jwenn fot.
19 まして、泥の家に住む者、ちりをその基とする者、しみのようにつぶされる者。
Konbyen anplis, pou sila ki rete nan kay fèt an ajil yo, ki gen pousyè kon fondasyon, ki vin kraze devan papiyon!
20 彼らは朝から夕までの間に打ち砕かれ、顧みる者もなく、永遠に滅びる。
Antre maten ak aswè, yo vin kase an mòso; san yo pa wè anyen, yo peri nèt.
21 もしその天幕の綱が彼らのうちに取り去られるなら、ついに悟ることもなく、死にうせるではないか』。
Èske kòd soutyen tant yo pa plwaye pa anndan? Yo mouri konsa, san sajès.'

< ヨブ 記 4 >