< ヨブ 記 22 >

1 そこでテマンびとエリパズは答えて言った、
Epi Éliphaz, Temanit lan, te reponn:
2 「人は神を益することができるであろうか。賢い人も、ただ自身を益するのみである。
“Èske yon nonm plen kouraj kapab itil a Bondye? Byen klè yon nonm saj se itil a pwòp tèt li.
3 あなたが正しくても、全能者になんの喜びがあろう。あなたが自分の道を全うしても、彼になんの利益があろう。
Èske Toupwisan an pran plezi nan ladwati ou, oswa twouve pwofi si chemen ou yo san fot?
4 神はあなたが神を恐れることのゆえに、あなたを責め、あなたをさばかれるであろうか。
Èske se akoz krentif la menm ou gen pou Bondye ke L ap repwoche ou? Ke l ap antre nan jijman kont ou?
5 あなたの悪は大きいではないか。あなたの罪は、はてしがない。
Se pa ke mechanste ou gran e inikite ou yo san limit?
6 あなたはゆえなく兄弟のものを質にとり、裸な者の着物をはぎ取り、
Paske ou te pran garanti a frè ou yo san koz e te menm retire rad pa yo jis yo vin toutouni.
7 疲れた者に水を飲ませず、飢えた者に食物を与えなかった。
A moun fatige yo, ou pa t bay dlo pou bwè e a grangou yo, ou te refize yo pen.
8 力ある人は土地を得、名ある人はそのうちに住んだ。
Men posede tè a se pou nonm ki pwisan an, e se moun entèg ki viv ladann.
9 あなたは、やもめをむなしく去らせた。みなしごの腕は折られた。
Ou te voye vèv yo ale men vid e te kraze fòs a òfelen yo.
10 それゆえ、わなはあなたをめぐり、恐怖は、にわかにあなたを驚かす。
Akoz sa, pèlen yo antoure ou, e laperèz, sibitman, vin bay ou gwo lakrent,
11 あなたの光は暗くされ、あなたは見ることができない。大水はあなたをおおうであろう。
oswa se fènwa pou ou pa kab wè ak anpil dlo ki kouvri ou.
12 神は天に高くおられるではないか。見よ、いと高き星を。いかに高いことよ。
“Èske Bondye pa nan wotè syèl la? Menm anplis, gade zetwal byen lwen yo; kijan yo wo!
13 それであなたは言う、『神は何を知っておられるか。彼は黒雲を通して、さばくことができるのか。
Ou di: ‘Kisa Bondye konnen? Èske Li kab jije nan fènwa pwofon an?
14 濃い雲が彼をおおい隠すと、彼は見ることができない。彼は天の大空を歩まれるのだ』と。
Nwaj yo se yon plas pou L kab kache, pou L pa kab wè. Se anwo plafon syèl la l ap mache.’
15 あなたは悪しき人々が踏んだいにしえの道を守ろうとするのか。
Èske ou va kenbe ansyen chemen a, kote mesye mechan yo te mache,
16 彼らは時がこないうちに取り去られ、その基は川のように押し流された。
ki te rachte avan lè yo, ki te lese fondasyon ki lave a retire nèt pa rivyè a?
17 彼らは神に言った、『われわれを離れてください』と、また『全能者はわれわれに何をなしえようか』と。
Yo te di a Bondye: ‘Kite nou!’, Epi: ‘Kisa Toupwisan an kab fè pou nou?’
18 しかし神は彼らの家を良い物で満たされた。ただし悪人の計りごとはわたしのくみする所ではない。
Sepandan, Li te ranpli lakay yo ak bon bagay; men konsèy a mechan yo lwen m.
19 正しい者はこれを見て喜び、罪なき者は彼らをあざ笑って言う、
Moun ladwati yo wè, yo fè kè kontan. Inosan yo moke yo.
20 『まことにわれわれのあだは滅ぼされ、その残した物は火で焼き滅ぼされた』と。
Yo di: ‘Anverite, advèsè nou yo koupe retire nèt. E dife a fin manje retay yo.’
21 あなたは神と和らいで、平安を得るがよい。そうすれば幸福があなたに来るでしょう。
“Vin konnen L depi koulye a e fè lapè avè L; se konsa, sa ki bon va rive kote ou.
22 どうか、彼の口から教を受け、その言葉をあなたの心におさめるように。
Souple, resevwa enstriksyon nan bouch Li e etabli pawòl Li yo nan kè ou.
23 あなたがもし全能者に立ち返って、おのれを低くし、あなたの天幕から不義を除き去り、
Si ou retounen bò kote Toupwisan an, ou va restore, si ou retire inikite a byen lwen tant ou.
24 こがねをちりの中に置き、オフルのこがねを谷川の石の中に置き、
Mete riches ou nan pousyè a, lò Ophir a pami wòch kouran dlo yo.
25 全能者があなたのこがねとなり、あなたの貴重なしろがねとなるならば、
Alò, se Toupwisan an ki va riches ou, e pi bèl ajan pou ou.
26 その時、あなたは全能者を喜び、神に向かって顔をあげることができる。
Paske konsa ou va rejwi nan Toupwisan an, e leve figi ou vè Bondye.
27 あなたが彼に祈るならば、彼はあなたに聞かれる。そしてあなたは自分の誓いを果す。
Ou va priye a Li menm, e Li va tande ou. Ou va peye ve ou yo.
28 あなたが事をなそうと定めるならば、あなたはその事を成就し、あなたの道には光が輝く。
Anplis, ou va fè yon dekrè e li va etabli pou ou; konsa limyè va briye sou wout ou.
29 彼は高ぶる者を低くされるが、へりくだる者を救われるからだ。
Lè ou santi ou vin ba, alò ou va pale ak konfyans, e moun ki enb lan, Li va sove li.
30 彼は罪のない者を救われる。あなたはその手の潔いことによって、救われるであろう」。
Li va delivre menm sila ki pa inosan yo, e delivrans sa a va fèt akoz men ou ki pwòp.”

< ヨブ 記 22 >