< ヨブ 記 20 >

1 そこでナアマびとゾパルは答えて言った、
Epi Tsophar, Naamatit lan, te reponn:
2 「これによって、わたしは答えようとの思いを起し、これがために心中しきりに騒ぎ立つ。
“Akoz sa a, tout refleksyon k ap boulvèse m yo, fè m fè repons, menm akoz tout anndan m tèlman ajite.
3 わたしはわたしをはずかしめる非難を聞く、しかし、わたしの悟りの霊がわたしに答えさせる。
Mwen tande repwòch ki fè m wont. Konsa, lespri bon konprann mwen fè m reponn.
4 あなたはこの事を知らないのか、昔から地の上に人の置かれてよりこのかた、
Èske ou pa konnen bagay sa a depi nan tan ansyen an, depi lòm te mete sou latè,
5 悪しき人の勝ち誇はしばらくであって、神を信じない者の楽しみはただつかのまであることを。
Ke viktwa a mechan yo kout, e jwa a enkwayan an se pou yon moman?
6 たといその高さが天に達し、その頭が雲におよんでも、
Malgre wotè li ta rive nan syèl la, pou tèt li ta touche nwaj yo,
7 彼はおのれの糞のように、とこしえに滅び、彼を見た者は言うであろう、『彼はどこにおるか』と。
l ap peri nèt tankou fatra. Sila ki te konn wè li yo va di: ‘Kibò li ye?’
8 彼は夢のように飛び去って、再び見ることはない。彼は夜の幻のように追い払われるであろう。
Li vole ale tankou yon rèv, e yo pa kab jwenn li. Menm tankou yon rèv lannwit, li fin chase ale.
9 彼を見た目はかさねて彼を見ることがなく、彼のいた所も再び彼を見ることがなかろう。
Zye ki te wè l la pa wè l ankò, e plas li a pa gade li ankò.
10 その子らは貧しい者に恵みを求め、その手は彼の貨財を償うであろう。
Fis li yo fè byen pou malere yo, e men yo remèt byen li yo.
11 その骨には若い力が満ちている、しかしそれは彼と共にちりに伏すであろう。
Zo li yo plen ak fòs jenès li, men li kouche ansanm avè l nan pousyè a.
12 たとい悪は彼の口に甘く、これを舌の裏にかくし、
“Sepandan, mechanste dous nan bouch li e li kache li anba lang li,
13 これを惜しんで捨てることなく、口の中に含んでいても、
Li pito mal la, e refize lage l, men kenbe li nan bouch li,
14 その食物は彼の腹の中で変り、彼の内で毒蛇の毒となる。
men manje nan vant li vire. Li tounen pwazon vipè anndan l.
15 彼は貨財をのんでも、またそれを吐き出す、神がそれを彼の腹から押し出されるからだ。
Li te vale richès, men vomi fè yo retounen vin parèt. Bondye va fè yo sòti nan vant li.
16 彼は毒蛇の毒を吸い、まむしの舌は彼を殺すであろう。
Li souse pwazon koulèv yo; lang a vipè a kap touye li.
17 彼は蜜と凝乳の流れる川々を見ることができない。
Li pa gade dlo yo ankò, ni rivyè ki koule yo ak siwo ak bòl lèt yo.
18 彼はほねおって獲たものを返して、それを食うことができない。その商いによって得た利益をもって楽しむことができない。
Li remèt sa ke li te pran an. Li pa kab vale l. Afè richès a komès li yo, li pa kab menm rejwi de yo.
19 彼が貧しい者をしえたげ、これを捨てたからだ。彼は家を奪い取っても、それを建てることができない。
Paske li te oprime e abandone malere yo. Li te sezi yon kay ke li pa t bati.
20 彼の欲張りは足ることを知らぬゆえ、その楽しむ何物をも救うことができないであろう。
“Akoz li pa t kab kalme kè l, li pat kab kenbe anyen nan sa li renmen.
21 彼が残して食べなかった物とては一つもない。それゆえ、その繁栄はながく続かないであろう。
Anyen pat rete ke li pat devore; akoz sa a, byen li yo pat dire.
22 その力の満ちている時、彼は窮境に陥り、悩みの手がことごとく彼の上に臨むであろう。
Ranpli ak tout bagay li, li va jennen; men a tout moun ki soufri yo va vini kont li.
23 彼がその腹を満たそうとすれば、神はその激しい怒りを送って、それを彼の上に降り注ぎ、彼の食物とされる。
Lè li plen vant li, Bondye va voye kòlè fewòs pa Li sou li. Lapli va tonbe sou li pandan l ap manje.
24 彼は鉄の武器を免れても、青銅の矢は彼を射通すであろう。
Li kapab sove ale devan zam fèt ak fè a, men banza fèt an bwonz lan va tire frennen l.
25 彼がこれをその身から引き抜けば、きらめく矢じりがその肝から出てきて、恐れが彼の上に臨む。
L ap rale sòti parèt dèyè do li, menm pwent glise a soti nan fyèl li. Gwo laperèz va parèt sou li.
26 もろもろの暗黒が彼の宝物のためにたくわえられ、人が吹き起したものでない火が彼を焼きつくし、その天幕に残っている者を滅ぼすであろう。
Fènwa nèt rezève kon trezò li, e flanm dife san van an va devore li. Li va manje tout sa ki rete nan tant li an.
27 天は彼の罪をあらわし、地は起って彼を攻めるであろう。
Syèl yo va revele inikite li e tè a va leve kont li.
28 その家の財産は奪い去られ、神の怒りの日に消えうせるであろう。
Riches lakay li va pati, posesyon li yo va ale nan jou kòlè Li a.
29 これが悪しき人の神から受ける分、神によって定められた嗣業である」。
Sa se pòsyon a moun mechan k ap sòti nan men Bondye, sa se eritaj ke Bondye òdone pou bay li.”

< ヨブ 記 20 >