< エズラ記 1 >

1 ペルシャ王クロスの元年に、主はさきにエレミヤの口によって伝えられた主の言葉を成就するため、ペルシャ王クロスの心を感動されたので、王は全国に布告を発し、また詔書をもって告げて言った、
Alò, nan premye ane Cyrus, wa a Perse la, pou pawòl SENYÈ a te kab akonpli pa bouch a Jérémie, SENYÈ a te vire lespri a Cyrus, wa Perse la, pou l te voye yon pwoklamasyon toupatou nan wayòm li an, e anplis pou l ta ekri li pou te di:
2 「ペルシャ王クロスはこのように言う、天の神、主は地上の国々をことごとくわたしに下さって、主の宮をユダにあるエルサレムに建てることをわたしに命じられた。
“Konsa pale Cyrus, wa a Perse la, ‘SENYÈ a, Bondye Syèl la, te ban mwen tout wayòm yo sou latè epi Li te chwazi mwen pou bati yon kay pou Li Jérusalem, ki nan Juda.
3 あなたがたのうち、その民である者は皆その神の助けを得て、ユダにあるエルサレムに上って行き、イスラエルの神、主の宮を復興せよ。彼はエルサレムにいます神である。
Nenpòt moun ki pami nou nan tout pèp li a, ke Bondye pa li a kapab avèk li! Lese l monte Jérusalem ki nan Juda pou rebati lakay SENYÈ a, Bondye Israël la (Se Li ki Bondye), ki nan Jérusalem nan.
4 すべて生き残って、どこに宿っている者でも、その所の人々は金、銀、貨財、家畜をもって助け、そのほかにまたエルサレムにある神の宮のために真心よりの供え物をささげよ」。
Nenpòt nan yo ki toujou vivan, nenpòt kote ke li ta rete, kite moun nan plas sa yo bay li soutyen avèk ajan avèk lò, avèk byen ak bèt, ansanm avèk yon ofrann bòn volonte pou lakay Bondye ki Jérusalem nan.’”
5 そこでユダとベニヤミンの氏族の長、祭司およびレビびとなど、すべて神にその心を感動された者は、エルサレムにある主の宮を復興するために上って行こうと立ち上がった。
Epi chèf lakay papa zansèt pa yo nan Juda avèk Benjamin, e prèt avèk Levit yo te leve, menm tout sila ki te gen lespri vire pa Bondye yo, pou monte rebati lakay SENYÈ a ki Jérusalem nan.
6 その周囲の人々は皆、銀の器、金、貨財、家畜および宝物を与えて彼らを力づけ、そのほかにまた、もろもろの物を惜しげなくささげた。
Tout sila ki te antoure yo te ankouraje yo avèk bagay an ajan, lò, byen pa yo, bèt yo, bagay yo koute chè pa yo, apati de tout sa ki te bay kon ofrann bòn volonte.
7 クロス王はまたネブカデネザルが、さきにエルサレムから携え出して自分の神の宮に納めた主の宮の器を取り出した。
Anplis, Wa Cyrus te mennen fè sòti tout bagay ki te pou lakay SENYÈ a ke Nebucadnetsar te mennen fè sòti Jérusalem pou mete lakay dye a li menm yo;
8 すなわちペルシャ王クロスは倉づかさミテレダテの手によってこれを取り出して、ユダのつかさセシバザルに数え渡した。
menm sa yo Cyrus, wa Perse la, te fè sòti pa men Mithredath, trezorye a e li menm, te konte yo pou Sheshbatsar, prens a Juda a.
9 その数は次のとおりである。金のたらい一千、銀のたらい一千、香炉二十九、
Men kontwòl yo: trant asyèt an lò, mil asyèt an ajan, vent-nèf kouto;
10 金の鉢三十、銀の鉢二千四百十、その他の器一千、
trant bòl an lò, kat-san-dis bòl an ajan nan yon lòt kalite ak mil nan lòt atik.
11 金銀の器は合わせて五千四百六十九あったが、セシバザルは捕囚を連れてバビロンからエルサレムに上った時、これらのものをことごとく携えて上った。
Tout bagay an lò avèk ajan yo te vin kontwole nan senk-mil-kat-san. Sheshbatsar te mennen yo tout monte avèk moun egzil ki te sòti Babylone yo pou rive Jérusalem.

< エズラ記 1 >