< 伝道者の書 6 >

1 わたしは日の下に一つの悪のあるのを見た。これは人々の上に重い。
Gen yon mal ke m konn wè anba syèl la e ki gaye patou pami lòm—
2 すなわち神は富と、財産と、誉とを人に与えて、その心に慕うものを、一つも欠けることのないようにされる。しかし神は、その人にこれを持つことを許されないで、他人がこれを持つようになる。これは空である。悪しき病である。
Yon nonm ke Bondye fin bay richès, byen ak lonè, jiskaske nanm li pa manke anyen nan tout sa ke li dezire. Men Bondye pa kite li manje ladann, paske yon etranje ap jwe benefis yo. Sa se vanite ak gwo malè.
3 たとい人は百人の子をもうけ、また命長く、そのよわいの日が多くても、その心が幸福に満足せず、また葬られることがなければ、わたしは言う、流産の子はその人にまさると。
Si yon nonm fè yon santèn timoun e viv anpil ane, malgre fòs kantite ke yo kapab ye, men nanm li pa janm satisfè ak bon bagay, e li pa menm ka fè yon bon antèman; alò, mwen di: “Pito li te sòti kon foskouch nan vant li.”
4 これはむなしく来て、暗やみの中に去って行き、その名は暗やみにおおわれる。
Paske li parèt an ven e non li vin kouvri nan fènwa.
5 またこれは日を見ず、物を知らない。けれどもこれは彼よりも安らかである。
Li pa janm wè solèy la, e li p ap janm konnen anyen; li pi bon pase lòt la.
6 たとい彼は千年に倍するほど生きても幸福を見ない。みな一つ所に行くのではないか。
Menm si lòt la viv pandan mil ane de fwa e pa rejwi de bon bagay—èske se pa tout moun ki ale menm kote a?
7 人の労苦は皆、その口のためである。しかしその食欲は満たされない。
Tout travay a lòm se pou satisfè bouch li; malgre sa, apeti li pa janm satisfè.
8 賢い者は愚かな者になんのまさるところがあるか。また生ける者の前に歩むことを知る貧しい者もなんのまさるところがあるか。
Paske, se ki lavantaj yon nonm saj genyen sou yon moun san konprann? Ki lavantaj malere a genyen nan konnen jan pou mache devan sila ki vivan yo?
9 目に見る事は欲望のさまよい歩くにまさる。これもまた空であって、風を捕えるようなものである。
Sa ke zye wè pi bon pase sa ke nanm dezire. Sa tou, se san rezon ak kouri dèyè van.
10 今あるものは、すでにその名がつけられた。そして人はいかなる者であるかは知られた。それで人は自分よりも力強い者と争うことはできない。
Tout sa ki egziste te gen non deja, e yo tout konnen sa ke lòm nan ye; paske li pa ka goumen ak sila ki pi fò pase l.
11 言葉が多ければむなしい事も多い。人になんの益があるか。
Paske, gen anpil pawòl ki ogmante vanite. Alò, se ki lavantaj pou yon nonm?
12 人はその短く、むなしい命の日を影のように送るのに、何が人のために善であるかを知ることができよう。だれがその身の後に、日の下に何があるであろうかを人に告げることができるか。
Paske kilès ki konnen sa ki bon pou yon nonm pandan lavi li, pandan ti kras ane lavi li ki san rezon an? Li va pase yo tankou lonbraj. Paske se kilès ki ka di sa k ap rive apre li anba solèy la?

< 伝道者の書 6 >