< 歴代誌Ⅱ 24 >

1 ヨアシは位についた時七歳で、エルサレムで四十年の間、世を治めた。彼の母はベエルシバから出た者で名をヂビアといった。
Joas te gen laj setan lè l te devni wa, e li te renye pandan karantan Jérusalem, Non manman li te Tsibja soti nan Beer-Schéba.
2 ヨアシは祭司エホヤダの世にある日の間は常に主の良しと見られることを行った。
Joas te fè sa ki te bon nan zye SENYÈ a pandan tout jou a Jehojada yo, prèt la.
3 エホヤダは彼のためにふたりの妻をめとり、彼に男子と女子が生れた。
Jehojada te pran de madanm pou li, e li te vin papa a fis ak fi.
4 この後ヨアシは主の宮を修繕しようと志して、
Li te vin rive apre sa ke Joas te pran desizyon pou restore lakay SENYÈ a.
5 祭司とレビびとを集めて言った、「ユダの町々へ行って、あなたがたの神の宮を年々修繕する資金をすべてのイスラエルびとから集めなさい。その事を急いでしなさい」。ところがレビびとはこれを急いでしなかった。
Li te rasanble prèt yo avèk Levit yo, e li te di yo: “Ale antre nan tout vil Juda yo e rekeyi lajan pami tout Israël pou repare lakay SENYÈ nou an chak ane. Epi fè sa byen vit.” Men Levit yo pa t aji avèk vitès.
6 それで王はかしらであるエホヤダを召して言った、「あなたはなぜレビびとに求めて、主のしもべモーセがあかしの幕屋のためにイスラエルの会衆に課した税金をユダとエルサレムから取り立てさせないのか」。
Akoz sa, wa a te rele Jehojada, chèf prèt la. Li te mande li: “Poukisa nou pa t egzije Levit yo pou pote soti Juda avèk Jérusalem taks etabli pa Moïse la, sèvitè SENYÈ a sou asanble Israël la pou tant temwayaj la?”
7 かの悪い女アタリヤの子らが神の宮に侵入して主の宮のもろもろの奉納物をとり、バアルのために用いたからである。
Paske fis a Athalie yo, ki te tèlman mechan, te antre kase lakay Bondye a. Anplis yo te sèvi ak bagay sen nan kay yo pou sèvi Baal.
8 そこで王は命じて一個の箱を造らせ、これを主の宮の門の外に置き、
Konsa, wa a te pase lòd e yo te fè yon bwat kès pou te mete li deyò akote pòtay lakay SENYÈ a.
9 ユダとエルサレムにふれて、神のしもべモーセが荒野でイスラエルに課した税金を主のために持ってこさせた。
Yo te fè yon pwoklamasyon nan Juda avèk Jérusalem pou pote bay SENYÈ a, taks Moïse la, sèvitè Bondye a, ki te etabli nan dezè a pou Israël la.
10 すべてのつかさたちおよびすべての民は皆喜んでその税金を持って来て、その箱に投げ入れたので、ついに箱はいっぱいになった。
Tout ofisye yo avèk tout pèp la te rejwi. Yo te pote taks pa yo e yo te depoze yo nan kès la jiskaske yo te ranpli l.
11 レビびとはその箱に金が多くあるのを見て、王の役人の所へ持って行くと、王の書記と祭司長の下役とが来て、その箱を傾け、これを取ってもとの所に返した。彼らは日々このようにして金をおびただしく集めた。
Li te vin rive ke nenpòt lè Levit yo te pote kès la anndan kote ofisye wa a yo, e lè yo te wè ke te gen anpil lajan, ke grefye a wa a avèk ofisye a chèf prèt la te vin vide kès la, pran l e remete li nan plas li. Konsa, yo te fè chak jou, e yo te rekeyi anpil lajan.
12 王とエホヤダはこれを主の宮の工事をなす者に渡し、石工および木工を雇って、主の宮を修繕させ、また鉄工および青銅工を雇って、主の宮を修復させた。
Wa a avèk Jehojada te bay li a sila ki te fè travay nan sèvis lakay SENYÈ a. Yo te anplwaye mason avèk chapant pou restore lakay SENYÈ a, ak ouvriye, fè, avèk bwonz pou repare lakay SENYÈ a.
13 工人たちは働いたので、修復の工事は彼らの手によってはかどり、神の宮を、もとの状態に復し、これを堅固にした。
Konsa, ouvriye yo te travay, epi èv reparasyon an te avanse nan men yo. Yo te restore lakay Bondye a selon plan li, e yo te ranfòse li.
14 それをなし終ったとき、余った金を王とエホヤダの前に持って来たので、それをもって主の宮のために器物を造った。すなわち勤めの器、燔祭の器、香の皿、および金銀の器を造った。エホヤダの世にある日の間は、絶えず主の宮で燔祭をささげた。
Lè yo te fini, yo te mennen rès lajan an devan wa a avèk Jehojada. Li te fonn pou fè zouti pou lakay SENYÈ a, zouti pou sèvis la ak ofrann brile a, avèk po ak zouti an lò avèk ajan. Epi yo te ofri ofrann brile yo lakay SENYÈ a san rete pandan tout jou a Jehojada yo.
15 しかしエホヤダは年老い、日が満ちて死んだ。その死んだ時は百三十歳であった。
Alò, lè Jehojada te rive a yon gwo laj byen mi, li te vin mouri. Li te gen san-trantan lè l te mouri.
16 人々は彼をダビデの町で王たちの中に葬った。彼はイスラエルにおいて神とその宮とに良い事を行ったからである。
Yo te antere li lavil David pami wa yo akoz li te fè byen an Israël ni pou Bondye, ni pou lakay Li a.
17 エホヤダの死んだ後、ユダのつかさたちが来て、うやうやしく王に敬意を表した。王は彼らに聞き従った。
Men apre lanmò Jehojada, ofisye Juda yo te vini bese ba devan wa a, e wa a te koute yo.
18 彼らはその先祖の神、主の宮を捨てて、アシラ像および偶像に仕えたので、そのとがのために、怒りがユダとエルサレムに臨んだ。
Yo te abandone lakay SENYÈ a, Bondye a zansèt yo a pou te sèvi Asherim yo avèk zidòl yo. Konsa, lakòlè SENYÈ a te desann sou Juda avèk Jérusalem akoz koupabilite sa a.
19 主は彼らをご自分に引き返そうとして、預言者たちをつかわし、彼らにむかってあかしをさせられたが、耳を傾けなかった。
Malgre sa, Li te voye pwofèt yo kote yo pou mennen yo retounen a SENYÈ a. Sepandan, yo te fè temwayaj kont yo, e te refize koute yo.
20 そこで神の霊が祭司エホヤダの子ゼカリヤに臨んだので、彼は民の前に立ち上がって言った、「神はこう仰せられる、『あなたがたが主の戒めを犯して、災を招くのはどういうわけであるか。あなたがたが主を捨てたために、主もあなたがたを捨てられたのである』」。
Alò Lespri Bondye a te vini sou Zacharie, fis a Jehojada a, prèt la. Li te kanpe anwo pèp la, e te pale yo: “Konsa Bondye te di: ‘Poukisa nou vyole kòmandman a SENYÈ la, e akoz sa nou pa reyisi? Akoz nou te abandone SENYÈ a, Li menm osi te abandone nou.’”
21 しかし人々は彼を害しようと計り、王の命によって、石をもって彼を主の宮の庭で撃ち殺した。
Pou sa, yo te fè konplo kont li. Sou kòmand a wa a, yo te lapide li jiska lanmò nan lakou lakay SENYÈ a.
22 このようにヨアシ王はゼカリヤの父エホヤダが自分に施した恵みを思わず、その子を殺した。ゼカリヤは死ぬ時、「どうぞ主がこれをみそなわして罰せられるように」と言った。
Konsa, Joas pa t sonje bonte ke papa li, Jehojada te montre li a, men li te touye fis li. Epi pandan li t ap mouri, li te di: “Ke SENYÈ a wè e fè revandikasyon!”
23 年の終りになって、スリヤの軍勢はヨアシにむかって攻め上り、ユダとエルサレムに来て、民のつかさたちをことごとく民のうちから滅ぼし、そのぶんどり物を皆ダマスコの王に送った。
Alò, li te vin rive nan fen ane ke lame Siryen yo te monte kont li. Yo te vini Juda avèk Jérusalem, e te detwi tout ofisye a pèp la ki te pami pèp la, epi yo te voye tout piyaj la kote wa a Damas la.
24 この時スリヤの軍勢は少数で来たのであるが、主は大軍を彼らの手に渡された。これは彼らがその先祖の神、主を捨てたためである。このように彼らはヨアシを罰した。
Anverite, lame Siryen an te vini avèk yon ti kantite moun, men SENYÈ a te livre yon trè gwo lame nan men yo, paske yo te abandone SENYÈ a, Bondye a zansèt yo a. Se konsa yo te egzekite jijman sou Joas.
25 スリヤ軍はヨアシに大傷を負わせて捨て去ったが、ヨアシの家来たちは祭司エホヤダの子の血のために、党を結んで彼にそむき、彼を床の上に殺して、死なせた。人々は彼をダビデの町に葬ったが、王の墓には葬らなかった。
Lè yo te kite Joas, (akoz yo te kite li byen blesi), pwòp sèvitè li yo te fè konplo kont li akoz san fis Jehojada a, prèt la, e yo te asasine li sou kabann li an. Konsa, li te mouri e yo te antere li lavil David la, men yo pa t antere li nan tonm a wa yo.
26 党を結んで彼にそむいた者は、アンモンの女シメアテの子ザバデおよびモアブの女シムリテの子ヨザバデであった。
Alò, sa yo se sila ki te fè konplo kont li yo: Zabad, fis a Schimeath la, Amonit lan, ak Jozabad, fis a Schimrith la, Moabit la.
27 ヨアシの子らのこと、ヨアシに対する多くの預言および神の宮の修理の事などは、列王の書の注釈にしるされている。ヨアシの子アマジヤが彼に代って王となった。
Konsènan fis li yo, tout pawòl madichon kont li yo ak rekonstriksyon lakay Bondye a, gade byen, yo ekri nan istwa Liv A Wa Yo. Epi Amatsia, fis li a, te vin wa nan plas li.

< 歴代誌Ⅱ 24 >