< 歴代誌Ⅱ 11 >

1 レハベアムはエルサレムに来て、ユダとベニヤミンの家の者、すなわち、えり抜きの軍人十八万人を集め、国を取りもどすためにイスラエルと戦おうとしたが、
Alò, lè Roboam te vini Jérusalem. Li te rasanble lakay Juda avèk Benjamin, san-katre-ven-mil mesye byen chwazi ki te gèrye, pou goumen kont Israël pou reprann wayòm nan pou Roboam.
2 主の言葉が神の人シマヤに臨んで言った、
Men pawòl SENYÈ a te vini a Schemaeja, nonm Bondye a, Li te di:
3 「ソロモンの子、ユダの王レハベアムおよびユダとベニヤミンにいるすべてのイスラエルの人々に言いなさい、
“Pale a Roboam, fis a Salomon an, wa a Juda a ak tout Israël nan Juda avèk Benjamin pou di:
4 『主はこう仰せられる、あなたがたは上ってはならない。あなたがたの兄弟と戦ってはならない。おのおの自分の家に帰りなさい。この事はわたしから出たのである』」。それで人々は主の言葉を聞き、ヤラベアムを攻めに行くのをやめて帰った。
‘Konsa pale SENYÈ a: “Nou pa pou monte ni goumen kont fanmi pa nou yo! Retounen chak mesye yo lakay yo, paske bagay sa a sòti nan Mwen menm.”’” Konsa, yo te koute pawòl SENYÈ a, e yo te retounen pou yo pa sòti kont Jéroboam.
5 レハベアムはエルサレムに住んで、ユダに防衛の町々を建てた。
Roboam te viv Jérusalem, e li te bati vil pou fè defans nan Juda.
6 すなわちベツレヘム、エタム、テコア、
Konsa li te bati Bethléem, Étham, Tekoa,
7 ベテズル、ソコ、アドラム、
Beth-Tsur, Soko, Adullam,
8 ガテ、マレシャ、ジフ、
Gath, Maréscha, Ziph,
9 アドライム、ラキシ、アゼカ、
Adoraïm, Lakis, Azéka
10 ゾラ、アヤロン、およびヘブロン。これらはユダとベニヤミンにあって要害の町々である。
Tsorea, Ajalon avèk Hébron, ki se vil fòtifye nan Juda ak nan Benjamin.
11 彼はその要害を堅固にし、これに軍長を置き、糧食と油とぶどう酒をたくわえ、
Anplis, li te ranfòse fò yo, e li te mete kòmandan ladan yo avèk depo manje, lwil ak diven.
12 またそのすべての町に盾とやりを備えて、これを非常に強化し、そしてユダとベニヤミンを確保した。
Li te mete boukliye defans avèk lans nan chak vil yo, e li te byen fòtifye yo. Konsa, Juda avèk Benjamin te pou li.
13 イスラエルの全地の祭司とレビびとは四方の境から来てレハベアムに身を寄せた。
Anplis, prèt avèk Levit ki te nan tout Israël yo te kanpe avèk li soti nan landwa pa yo.
14 すなわちレビびとは自分の放牧地と領地を離れてユダとエルサレムに来た。これはヤラベアムとその子らが彼らを排斥して、主の前に祭司の務をさせなかったためである。
Paske Levit yo te kite tè patiraj pa yo pou te rive Juda avèk Jérusalem, paske Jéroboam te bloke sèvis yo kòm prèt SENYÈ a.
15 ヤラベアムは高き所と、みだらな神と、自分で造った子牛のために自分の祭司を立てた。
Li te etabli prèt pa li yo pou kont li pou sèvi nan wo plas yo, pou imaj bouk yo avèk jenn bèf ke li te fè yo.
16 またイスラエルのすべての部族のうちで、すべてその心を傾けて、イスラエルの神、主を求める者は先祖の神、主に犠牲をささげるために、レビびとに従ってエルサレムに来た。
Sila yo nan tout tribi Israël ki te dispoze kè yo pou swiv SENYÈ a, Bondye Israël la, te swiv yo rive Jérusalem pou fè sakrifis a SENYÈ a, Bondye a zansèt pa yo a.
17 このように彼らはユダの国を堅くし、ソロモンの子レハベアムを三年の間強くした。彼らは三年の間ダビデとソロモンの道に歩んだからである。
Yo te fòtifye wayòm Juda a, e yo te bay soutyen a Roboam, fis Salomon nan pandan twazan, paske yo te mache nan chemen David avèk Salomon an pandan twazan.
18 レハベアムはダビデの子エレモテの娘マハラテを妻にめとった。マハラテはエッサイの子エリアブの娘アビハイルが産んだ者である。
Alò, Roboam te pran kòm madanm li, Mahalath, fi a Jerimoth la, fis a David la avèk Abichaïl, fi a Éliab la, fis a Jesse a.
19 彼女はエウシ、シマリヤおよびザハムの三子を産んだ。
Li te fè fis yo: Jeusch, Schemaria, avèk Zaham.
20 彼はまた彼女の後にアブサロムの娘マアカをめとった。マアカはアビヤ、アッタイ、ジザおよびシロミテを産んだ。
Apre, li te pran Maaca, fi a Absalom an. Li te fè pou li Abija, Attaï, Ziza, avèk Schelomith.
21 レハベアムはアブサロムの娘マアカをすべての妻とそばめにまさって愛した。彼は妻十八人、そばめ六十人をめとって、男の子二十八人と女の子六十人をもうけた。
Roboam te renmen Maaca, fi a Absalom an plis pase tout lòt madanm avèk ti mennaj li yo. Paske li te pran dizuit madanm avèk swasant mennaj, e li te fè venn-tuit fis ak swasant fi.
22 レハベアムはマアカの子アビヤを立ててかしらとし、その兄弟の長とした。彼はアビヤを王にしようと思ったからである。
Roboam te chwazi Abija, fis a Maaca a kòm chèf e dirijan pami frè li yo, paske li te gen entansyon fè l wa.
23 それで王は賢くとり行い、そのむすこたちをことごとく、ユダとベニヤミンの全地方にあるすべての要害の町に散在させ、彼らに糧食を多く与え、また多くの妻を得させた。
Li te aji avèk sajès, e li te plase fis li yo nan tout teritwa a Juda avèk Benjamin nan tout vil fòtifye yo, e li te ba yo anpil manje. Epi li te chache anpil madanm pou yo.

< 歴代誌Ⅱ 11 >