< 列王記Ⅰ 13 >

1 見よ、神の人が主の命によってユダからベテルにきた。その時ヤラベアムは祭壇の上に立って香をたいていた。
Alò, vwala, te vini yon nonm Bondye soti Juda rive Béthel pa pawòl SENYÈ a, pandan Jéroboam te kanpe akote lotèl la pou brile lansan an.
2 神の人は祭壇にむかい主の命によって呼ばわって言った、「祭壇よ、祭壇よ、主はこう仰せられる、『見よ、ダビデの家にひとりの子が生れる。その名をヨシヤという。彼はおまえの上で香をたく高き所の祭司らを、おまえの上にささげる。また人の骨がおまえの上で焼かれる』」。
Li te kriye kont lotèl la pa pawòl SENYÈ a. Li te di: “O lotèl, lotèl, konsa di SENYÈ a: ‘Veye byen, yon fis va ne nan kay David la. Josias va non li. Epi sou ou, li va fè sakrifis a prèt ki brile lansan sou ou yo, ak zo Kretyen yo ki va brile sou ou.’”
3 その日、彼はまた一つのしるしを示して言った、「主の言われたしるしはこれである、『見よ、祭壇は裂け、その上にある灰はこぼれ出るであろう』」。
Konsa, li te bay yon sign nan menm jou sa, e li te di: “Sa se sign ke SENYÈ a te pale a: Gade byen, lotèl la va vin fann separe e sann ki sou li yo va vide deyò.”
4 ヤラベアム王は、神の人がベテルにある祭壇にむかって呼ばわる言葉を聞いた時、祭壇から手を伸ばして、「彼を捕えよ」と言ったが、彼にむかって伸ばした手が枯れて、ひっ込めることができなかった。
Alò, lè wa a te tande pawòl a nonm Bondye a, ke li te kriye kont lotèl Béthel la, Jéroboam te lonje men l soti nan lotèl la. Li te di: “Sezi li.” Men men ke li te lonje kont li an te vin sèch, jiskaske li pa t kab rale retounen l kote li.
5 そして神の人が主の言葉をもって示したしるしのように祭壇は裂け、灰は祭壇からこぼれ出た。
Lotèl la osi te ouvri fann e sann yo te vide nèt soti nan lotèl la, selon sign ke nonm a Bondye a te bay selon pawòl SENYÈ a.
6 王は神の人に言った、「あなたの神、主に願い、わたしのために祈って、わたしの手をもとに返らせてください」。神の人が主に願ったので、王の手はもとに返って、前のようになった。
Wa a te di a nonm Bondye a: “Souple, fè yon lapriyè a SENYÈ a, Bondye ou a e mande pou mwen, pou men m kapab vin restore a mwen menm.” Konsa, nonm Bondye a te priye a SENYÈ a, epi men a wa a te restore de li menm. Li te vin jan li te ye avan an.
7 そこで王は神の人に言った、「わたしと一緒に家にきて、身を休めなさい。あなたに謝礼をさしあげましょう」。
Alò, wa a te di a nonm Bondye a: “Vin lakay la avèk mwen pou rafrechi ou, e mwen va ba ou yon rekonpans.”
8 神の人は王に言った、「たとい、あなたの家の半ばをくださっても、わたしはあなたと一緒にまいりません。またこの所では、パンも食べず水も飲みません。
Men nonm Bondye a te di a wa a: “Menmsi ou te ban mwen menm mwatye kay ou, mwen pa t ap prale avèk ou, ni mwen pa t ap manje pen, ni bwè dlo nan plas sa a.
9 主の言葉によってわたしは、『パンを食べてはならない、水を飲んではならない。また来た道から帰ってはならない』と命じられているからです」。
Paske se konsa li te kòmande mwen pa pawòl SENYÈ a e te di: ‘Ou pa pou manje okenn pen, ni bwè dlo, ni retounen pa chemen ke ou te vini an.’”
10 こうして彼はほかの道を行き、ベテルに来た道からは帰らなかった。
Pou sa, li te fè yon lòt chemen e li pa t retounen pa chemen ke li te vini Béthel la.
11 さてベテルにひとりの年老いた預言者が住んでいたが、そのむすこたちがきて、その日神の人がベテルでした事どもを彼に話した。また神の人が王に言った言葉をもその父に話した。
Alò, yon pwofèt granmoun t ap viv Béthel, epi fis li yo te vini pou te di li tout zèv ke nonm Bondye a te fè pandan jou sa nan Béthel. Yo te pale li pawòl yo ke li te pale a wa a.
12 父が彼らに「その人はどの道を行ったか」と聞いたので、むすこたちはユダからきた神の人の行った道を父に示した。
Papa yo te di yo: “Se ki direksyon li te pran?” Alò, fis li yo te wè direksyon ke nonm Bondye ki te sòti Juda a te pran an.
13 父はむすこたちに言った、「わたしのためにろばにくらを置きなさい」。彼らがろばにくらを置いたので、彼はそれに乗り、
Epi li te di a fis li yo: “Sele bourik la pou mwen.” Konsa, yo te sele bourik la pou li e li te sòti sou li.
14 神の人のあとを追って行き、かしの木の下にすわっているのを見て、その人に言った、「あなたはユダからこられた神の人ですか」。その人は言った、「そうです」。
Konsa, li te ale dèyè nonm Bondye a. Li te twouve li te chita anba yon pye bwadchenn. Konsa, li te mande l: “Èske ou menm se nonm Bondye ki te sòti Juda a?” Li te reponn: “Se mwen”.
15 そこで彼はその人に言った、「わたしと一緒に家にきてパンを食べてください」。
Konsa, li te di li: “Vin lakay mwen pou manje pen.”
16 その人は言った、「わたしはあなたと一緒に引き返すことはできません。あなたと一緒に行くことはできません。またわたしはこの所であなたと一緒にパンも食べず水も飲みません。
Li te di: “Mwen p ap kab retounen avèk ou, ni ale avèk ou, ni mwen p ap manje pen ni bwè dlo avèk ou nan plas sa a.
17 主の言葉によってわたしは、『その所でパンを食べてはならない、水を飲んではならない。また来た道から帰ってはならない』と言われているからです」。
Paske yon lòd rive jwenn mwen pa pawòl SENYÈ a: ‘Ou pa pou manje pen, ni bwè dlo, ni pa retounen pa chemen ke ou te vini an.’”
18 彼はその人に言った、「わたしもあなたと同じ預言者ですが、天の使が主の命によってわたしに告げて、『その人を一緒に家につれ帰り、パンを食べさせ、水を飲ませよ』と言いました」。これは彼がその人を欺いたのである。
Li te di li: “Mwen menm se yon pwofèt tankou ou, e yon zanj te pale avèk mwen pa pawòl SENYÈ, e li te di: ‘Mennen li retounen lakay ou avèk ou pou l kab manje pen ak bwè dlo. Men se manti li t ap fè.’”
19 そこでその人は彼と一緒に引き返し、その家でパンを食べ、水を飲んだ。
Konsa, li te retounen avèk li e te manje pen lakay li a e te bwè dlo.
20 彼らが食卓についていたとき、主の言葉が、その人をつれて帰った預言者に臨んだので、
Alò, li te vin rive, pandan yo te chita sou tab la a, ke pawòl SENYÈ a te vini a pwofèt ki te fè li retounen an;
21 彼はユダからきた神の人にむかい呼ばわって言った、「主はこう仰せられます、『あなたが主の言葉にそむき、あなたの神、主がお命じになった命令を守らず、
epi li te kriye a nonm Bondye ki te sòti Juda a, e li te di: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Akoz ou te dezobeyi kòmandman SENYÈ a e pa t swiv lòd ke SENYÈ a, Bondye ou a, te kòmande ou a,
22 引き返して、主があなたに、パンを食べてはならない、水を飲んではならない、と言われた場所でパンを食べ、水を飲んだゆえ、あなたの死体はあなたの先祖の墓に行かないであろう』」。
men ou te retounen, ou te manje pen e bwè dlo nan plas kote Li te di ou: “Pa manje okenn pen ni bwè okenn dlo a”; kò ou p ap rive nan tonm papa ou a.’”
23 そしてその人がパンを食べ、水を飲んだ後、彼はその人のため、すなわちつれ帰った預言者のためにろばにくらを置いた。
Li te vin rive lè li te fin manje pen an e bwè a, ke li te sele bourik la pou li, pou pwofèt la te mennen li retounen.
24 こうしてその人は立ち去ったが、道でししが彼に会って彼を殺した。そしてその死体は道に捨てられ、ろばはそのかたわらに立ち、ししもまた死体のかたわらに立っていた。
Alò, lè li t ap prale, yon lyon te rankontre li sou wout la e te touye li, kò li te jete sou wout la, avèk bourik la kanpe akote li ak lyon an osi te kanpe akote kò a.
25 人々はそこをとおって、道に捨てられている死体と、死体のかたわらに立っているししを見て、かの老預言者の住んでいる町にきてそれを話した。
Epi vwala, moun yo t ap pase kote l, e yo te wè kò a jete sou wout la ak lyon an ki te kanpe akote kò a. Konsa, yo te rive pale sa nan vil kote pwofèt granmoun nan te rete a.
26 その人を道からつれて帰った預言者はそれを聞いて言った、「それは主の言葉にそむいた神の人だ。主が彼に言われた言葉のように、主は彼をししにわたされ、ししが彼を裂き殺したのだ」。
Alò, lè pwofèt ki te mennen li retounen soti nan chemen an te tande sa, li te di: “Se nonm Bondye ki te dezobeyi lòd SENYÈ a. Pou sa, SENYÈ a te bay li a lyon, ki te chire li e touye li selon pawòl ke SENYÈ a te pale li a.”
27 そしてむすこたちに言った、「わたしのためにろばにくらを置きなさい」。彼らがくらを置いたので、
Alò, li te pale avèk fis li yo e te di: “Sele bourik la pou mwen.” Epi yo te sele li.
28 彼は行って、死体が道に捨てられ、ろばとししが死体のかたわらに立っているのを見た。ししはその死体を食べず、ろばも裂いていなかった。
Li te ale twouve kò li ki te jete sou wout la avèk bourik la ak lyon ki te kanpe akote kò a. Lyon an pa t manje kò a, ni li pa t chire bourik la.
29 そこで預言者は神の人の死体を取りあげ、それをろばに載せて町に持ち帰り、悲しんでそれを葬った。
Konsa, pwofèt la te leve pran kò a nonm Bondye a. Li te kouche li sou bourik la, e li te mennen li retounen. Li te rive nan vil a pwofèt granmoun nan pou kriye pou li e antere li.
30 すなわちその死体を自分の墓に納め、皆これがために「ああ、わが兄弟よ」と言って悲しんだ。
Li te kouche kadav la nan pwòp tonm pa li, e yo te kriye pou li, e te di: “Anmwey, frè m!”
31 彼はそれを葬って後、むすこたちに言った、「わたしが死んだ時は、神の人を葬った墓に葬り、わたしの骨を彼の骨のかたわらに納めなさい。
Apre li te fin antere li, li te pale avèk fis li yo e te di: “Lè m mouri, antere mwen nan tonm kote nonm Bondye a antere a. Kouche zo pa m yo akote zo pa l yo.
32 彼が主の命によって、ベテルにある祭壇にむかい、またサマリヤの町々にある高き所のすべての家にむかって呼ばわった言葉は必ず成就するのです」。
Paske bagay la, anverite, va rive ke li te kriye selon pawòl SENYÈ a kont lotèl la Béthel ak kont tout kay plas wo ki nan vil a Samarie yo.”
33 この事の後も、ヤラベアムはその悪い道を離れて立ち返ることをせず、また一般の民を、高き所の祭司に任命した。すなわち、だれでも好む者は、それを立てて高き所の祭司とした。
Apre evenman sa a, Jéroboam pa t kite chemen mechanste li, men ankò li te fè prèt pou wo plas yo soti nan tout pèp la. Nenpòt moun ki ta vle fè sa, li te òdone pou devni prèt nan wo plas yo.
34 この事はヤラベアムの家の罪となって、ついにこれを地のおもてから断ち滅ぼすようになった。
Evenman sa a te devni peche lakay Jéroboam, jis menm pou ta detwi kay li e fè l disparèt sou fas tè a.

< 列王記Ⅰ 13 >