< サムエル記Ⅱ 1 >

1 サウルが死んだ後、ダビデはアマレクびとを撃って帰り、ふつかの間チクラグにとどまっていたが、
Alò, li te vin rive ke lè Saül te fin mouri, e David te retounen soti nan masak a Amalekit yo, ke David te rete pandan de jou nan Tsiklag.
2 三日目となって、ひとりの人が、その着物を裂き、頭に土をかぶって、サウルの陣営からきた。そしてダビデのもとにきて、地に伏して拝した。
Nan twazyèm jou a, vwala, yon mesye te sòti nan kan an kote Saül la. Rad li te chire epi te gen pousyè sou tèt li. Lè li te parèt a David, li te tonbe atè; li te kouche plat nèt pou fè respè.
3 ダビデは彼に言った、「あなたはどこからきたのか」。彼はダビデに言った、「わたしはイスラエルの陣営から、のがれてきたのです」。
Alò, David te di li: “Depi ki kote ou sòti?” Li te reponn: “Mwen te chape soti nan kan Israël la.”
4 ダビデは彼に言った、「様子はどうであったか話しなさい」。彼は答えた、「民は戦いから逃げ、民の多くは倒れて死に、サウルとその子ヨナタンもまた死にました」。
David te di li: “Se kijan bagay yo te sòti? Souple, fè m konnen.” Konsa, li te di: “Moun yo gen tan sove ale kite batay la, e anplis, anpil nan moun yo tonbe mouri. Epi Saül avèk Jonathan, fis li a te mouri tou.”
5 ダビデは自分と話している若者に言った、「あなたはサウルとその子ヨナタンが死んだのを、どうして知ったのか」。
Konsa, David te di a jennonm nan ki te pale li a: “Kijan ou fè konnen ke Saül avèk fis li, Jonathan mouri?”
6 彼に話している若者は言った、「わたしは、はからずも、ギルボア山にいましたが、サウルはそのやりによりかかっており、戦車と騎兵とが彼に攻め寄ろうとしていました。
Jennonm ki te pale li a te di: “Pa aza mwen te sou Mòn Guilboa, e gade byen, Saül t ap apiye sou frenn li an. Epi gade, cha yo avèk chevalye yo t ap kouri rèd sou li.
7 その時、彼はうしろを振り向いてわたしを見、わたしを呼びましたので、『ここにいます』とわたしは答えました。
Lè l te gade dèyè li, li te wè m e te rele mwen. Epi mwen te di: ‘Men mwen’.
8 彼は『おまえはだれか』と言いましたので、『アマレクびとです』と答えました。
Li te di mwen: ‘Se ki moun ou ye?’ Epi mwen te reponn li: ‘Mwen se yon Amalekit’.
9 彼はまたわたしに言いました、『そばにきて殺してください。わたしは苦しみに耐えない。まだ命があるからです』。
Alò li te di mwen: ‘Souple, kanpe akote mwen pou touye mwen; paske gwo doulè gen tan sezi mwen akoz lavi m toujou rete nan mwen.’
10 そこで、わたしはそのそばにいって彼を殺しました。彼がすでに倒れて、生きることのできないのを知ったからです。そしてわたしは彼の頭にあった冠と、腕につけていた腕輪とを取って、それをわが主のもとに携えてきたのです」。
Konsa, mwen te kanpe akote li pou te touye li; paske mwen te konnen ke li pa t kab viv lè l te fin tonbe a. Epi mwen te pran kouwòn ki te sou tèt li a, ak braslè ki te nan bra li a, e mwen te mennen yo isit la kote mèt mwen.”
11 そのときダビデは自分の着物をつかんでそれを裂き、彼と共にいた人々も皆同じようにした。
Alò, David te sezi rad li, te chire yo, menm jan tout mesye ki te avè l yo te fè.
12 彼らはサウルのため、またその子ヨナタンのため、また主の民のため、またイスラエルの家のために悲しみ泣いて、夕暮まで食を断った。それは彼らがつるぎに倒れたからである。
Yo te fè dèy e te kriye fè jèn pou Saül avèk fis li a, Jonathan, pou pèp SENYÈ a e pou lakay Israël jis rive nan aswè, akoz yo te tonbe pa nepe.
13 ダビデは自分と話していた若者に言った、「あなたはどこの人ですか」。彼は言った、「アマレクびとで、寄留の他国人の子です」。
David te di a jennonm ki te pale li a: “Se kibò ou sòti?” Epi li te reponn: “Mwen se fis a yon etranje, yon Amalekit.”
14 ダビデはまた彼に言った、「どうしてあなたは手を伸べて主の油を注がれた者を殺すことを恐れなかったのですか」。
Alò, David te di li: “Kijan sa ye ke ou pa t pè lonje men ou pou detwi onksyone a SENYÈ a?”
15 ダビデはひとりの若者を呼び、「近寄って彼を撃て」と言った。そこで彼を撃ったので死んだ。
Epi David te rele youn nan jennonm yo e te di: “Ale, koupe l fè l desann.” Konsa, li te frape li e li te mouri.
16 ダビデは彼に言った、「あなたの流した血の責めはあなたに帰する。あなたが自分の口から、『わたしは主の油を注がれた者を殺した』と言って、自身にむかって証拠を立てたからである」。
David te di li: “San ou sou pwòp tèt pa w; paske bouch ou te fè temwayaj kont ou menm e te di: ‘Mwen te touye onksyone a SENYÈ a.’”
17 ダビデはこの悲しみの歌をもって、サウルとその子ヨナタンのために哀悼した。
Alò, David te chante lamantasyon sila sou Saül avèk fis li a, Jonathan.
18 これは、ユダの人々に教えるための弓の歌で、ヤシャルの書にしるされている。彼は言った、
Epi li te di yo pou montre fis a Juda yo chan ki rele Banza a. Gade byen, li ekri nan liv a Jaschar a.
19 「イスラエルよ、あなたの栄光は、あなたの高き所で殺された。ああ、勇士たちは、ついに倒れた。
“Bèlte ou, O Israël, detwi sou wo plas ou yo! O kijan glwa ou yo te tonbe sou wo plas yo!
20 ガテにこの事を告げてはいけない。アシケロンのちまたに伝えてはならない。おそらくはペリシテびとの娘たちが喜び、割礼なき者の娘たちが勝ちほこるであろう。
Pa pale sa nan Gath, ni pwoklame sa nan lari Askalon yo, sof fi Filisten yo ta rejwi; fi a ensikonsi yo ta egzalte,
21 ギルボアの山よ、露はおまえの上におりるな。死の野よ、雨もおまえの上に降るな。その所に勇士たちの盾は捨てられ、サウルの盾は油を塗らずに捨てられた。
O mòn a Guilboa yo, pa kite lawouze ni lapli vin tonbe sou nou, ni sou chanm ofrann yo; paske pwisan yo te tonbe, paske la, boukliye pwisan an te vin sal. Boukliye Saül te pedi lwil onksyon an.
22 殺した者の血を飲まずには、ヨナタンの弓は退かず、勇士の脂肪を食べないでは、サウルのつるぎは、むなしくは帰らなかった。
Soti nan san a sila ki te mouri yo, soti nan grès a pwisan yo, banza a Jonathan an pa t fè bak, ni nepe a Saül la pa t retounen vid.
23 サウルとヨナタンとは、愛され、かつ喜ばれた。彼らは生きるにも、死ぬにも離れず、わしよりも早く、ししよりも強かった。
Saül avèk Jonathan, byen emab e byeneme pandan vi pa yo, epi nan mò yo, yo pa t vin separe. Yo te pi rapid ke èg yo. Yo te pi pwisan pase lyon yo.
24 イスラエルの娘たちよ、サウルのために泣け。彼は緋色の着物をもって、はなやかにあなたがたを装い、あなたがたの着物に金の飾りをつけた。
O fi Israël yo, kriye pou Saül, ki te fè nou abiye byen bèl ak twal wouj, ki te mete òneman an lò sou vètman nou.
25 ああ、勇士たちは戦いのさなかに倒れた。ヨナタンは、あなたの高き所で殺された。
Kijan pwisan yo vin tonbe nan mitan batay la! Jonathan vin touye sou wo plas nou yo.
26 わが兄弟ヨナタンよ、あなたのためわたしは悲しむ。あなたはわたしにとって、いとも楽しい者であった。あなたがわたしを愛するのは世の常のようでなく、女の愛にもまさっていた。
Mwen twouble pou ou, frè m Jonathan. Ou te konn fè m byen kontan. Lanmou ou te yon bèl bagay. Lanmou ou te pi presye ke lanmou a yon fanm.
27 ああ、勇士たちは倒れた。戦いの器はうせた」。
Kijan pwisan yo te tonbe e zam lagè yo te vin peri!”

< サムエル記Ⅱ 1 >