< Sòm 134 >

1 Yon chan pou monte vè tanp lan. Gade byen! Beni SENYÈ a, tout sèvitè SENYÈ yo, Ki sèvi pandan lannwit lakay SENYÈ a! 2 Leve men nou vè sanktiyè a, e beni SENYÈ a. 3 Ke SENYÈ a beni ou soti nan Sion, (Sila) ki te fè syèl la avèk tè a.

< Sòm 134 >