< Sòm 133 >

1 Yon chan pou monte vè tanp lan. Gade byen, a la bon e agreyab pou frè yo viv ak tèt ansanm! 2 Se tankou lwil presye ki koule sou tèt, vin desann jis sou bab, menm bab Aaron, vin desann rive sou kote vètman li. 3 Se tankou lawouze Mòn Hermon ki vin desann sou mòn Sion nan; paske la, SENYÈ a te kòmande benediksyon an——lavi jis pou tout tan.

< Sòm 133 >