< Egzòd 35 >

1 Alò, Moïse te reyini tout kongregasyon a fis Israël yo. Li te di yo: “Se bagay sa yo ke SENYÈ a te kòmande nou fè:
摩西招聚以色列全會眾,對他們說:「這是耶和華所吩咐的話,叫你們照着行:
2 Pandan sis jou nou mèt travay, men nan setyèm jou a, nou va gen yon jou sen, yon repo Saba konplè a SENYÈ a. Nenpòt moun ki fè travay nan li va vin mete a lanmò.
六日要做工,第七日乃為聖日,當向耶和華守為安息聖日。凡這日之內做工的,必把他治死。
3 Nou pa pou limen dife nan okenn lojman nou nan jou Saba a.”
當安息日,不可在你們一切的住處生火。」
4 Moïse te pale ak tout kongregasyon fis Israël yo. Li te di: “Sa se bagay ke SENYÈ a te kòmande a, e te di:
摩西對以色列全會眾說:「耶和華所吩咐的是這樣:
5 ‘Pran pami nou yon ofrann pou SENYÈ a. Nenpòt moun ki gen kè bon volonte, kite li pote kòm ofrann bay SENYÈ a: lò, ajan, ak bwonz,
你們中間要拿禮物獻給耶和華,凡樂意獻的可以拿耶和華的禮物來,就是金、銀、銅,
6 twal ble, mov ak wouj, twal fen blan, pwal kabrit,
藍色、紫色、朱紅色線,細麻,山羊毛,
7 ak po belye fonse wouj, e po dofen avèk bwa akasya,
染紅的公羊皮,海狗皮,皂莢木,
8 avèk lwil pou limyè, epis pou lwil onksyon an e pou lansan santi bon an,
點燈的油,並做膏油和香的香料,
9 epi pyè oniks avèk pyè monti pou efòd la, e pou pyès lestomak la.
紅瑪瑙與別樣的寶石,可以鑲嵌在以弗得和胸牌上。」
10 “‘Kite chak nonm ki gen kapasite pami nou vin fè tout sa ke SENYÈ a te kòmande yo:
「你們中間凡心裏有智慧的都要來做耶和華一切所吩咐的:
11 tabènak la, tant li ak kouvèti li, kwòk li yo, planch li yo, poto li yo, pilye li yo, ak baz reseptikal li yo;
就是帳幕和帳幕的罩棚,並帳幕的蓋、鉤子、板、閂、柱子、帶卯的座,
12 lach la avèk poto pa li, chèz pwopyatwa a, ak rido vwal la;
櫃和櫃的槓,施恩座和遮掩櫃的幔子,
13 tab la avèk poto pa li, tout bagay itil yo, ak pen Prezans lan;
桌子和桌子的槓與桌子的一切器具,並陳設餅,
14 chandelye a osi avèk limyè li ak lwil pou limyè a;
燈臺和燈臺的器具,燈盞並點燈的油,
15 epi lotèl lansan an ak poto pa li, lwil onksyon an avèk lansan santi bon an, ak rido pòtay nan antre tabènak la;
香壇和壇的槓,膏油和馨香的香料,並帳幕門口的簾子,
16 lotèl ofrann brile a avèk griyaj li, poto li, ak tout bagay itil li yo, basen, avèk baz li;
燔祭壇和壇的銅網,壇的槓並壇的一切器具,洗濯盆和盆座,
17 episa k ap pann sou galeri yo, avèk pilye li yo, baz reseptikal yo, ak rido pòtay la;
院子的帷子和帷子的柱子,帶卯的座和院子的門簾,
18 pikèt tabènak yo avèk pikèt galeri yo, ak kòd pa yo;
帳幕的橛子並院子的橛子,和這兩處的繩子,
19 vètman tise yo pou sèvi nan lye sen an, vètman sen yo pou Aaron, prèt la, ak vètman a fis li yo pou yo sèvi kòm prèt.’”
精工做的禮服和祭司亞倫並他兒子在聖所用以供祭司職分的聖衣。」
20 Konsa, tout kongregasyon a fis Israël yo te pati kite prezans Moïse.
以色列全會眾從摩西面前退去。
21 Tout sa yo ki te mennen pa kè yo, tout sa yo ki te mennen pa pwòp lespri pa yo te vin pote ofrann pou zèv a tant reyinyon an, pou sèvis li, e pou vètman sen li yo.
凡心裏受感和甘心樂意的都拿耶和華的禮物來,用以做會幕和其中一切的使用,又用以做聖衣。
22 Epi tout sa yo ki te mennen pa bon volonte kè yo, ni gason ni fanm, te vin pote bijou monte, bwòch, zanno, bag, braslè, avèk tout kalite bagay fèt an lò. Se konsa chak moun ki te prezante yon ofrann an lò bay SENYÈ a te fè.
凡心裏樂意獻禮物的,連男帶女,各將金器,就是胸前鍼、耳環、打印的戒指,和手釧帶來獻給耶和華。
23 Chak moun, ki te gen nan posesyon li twal ble, mov, e wouj, avèk twal fen blan ak pwal kabrit, po belye fonse wouj, ak po dofen, te pote yo.
凡有藍色、紫色、朱紅色線,細麻,山羊毛,染紅的公羊皮,海狗皮的,都拿了來;
24 Tout moun ki te kab fè yon ofrann lò ak bwonz te pote pòsyon ofrann SENYÈ a; epi chak moun ki te posede bwa akasya pou nenpòt travay nan sèvis la te pote li.
凡獻銀子和銅給耶和華為禮物的都拿了來;凡有皂莢木可做甚麼使用的也拿了來。
25 Tout fanm ki te abil, te file fil pou twal avèk men yo, e te pote sa ke yo te file yo, materyo ble avèk mov, wouj, ak len byen fen.
凡心中有智慧的婦女親手紡線,把所紡的藍色、紫色、朱紅色線,和細麻都拿了來。
26 Tout fanm avèk kè bon volonte, ansanm ak yon kapasite te file pwal kabrit yo.
凡有智慧、心裏受感的婦女就紡山羊毛。
27 Mèt dirijan yo te pote pyè bijou oniks, pyè bijou pou monte gwo efòd la ak pou pyès lestomak la;
眾官長把紅瑪瑙和別樣的寶石,可以鑲嵌在以弗得與胸牌上的,都拿了來;
28 epi epis avèk lwil pou limyè a, pou lwil onksyon an, e pou lansan santi bon an.
又拿香料做香,拿油點燈,做膏油。
29 Izrayelit yo, tout mesye yo ni fanm ki te gen yon kè ki mennen yo pote nenpòt materyo pou èv, ke SENYÈ a pa Moïse te kòmande yo fè a, te pote yon ofrann bon volonte bay SENYÈ a.
以色列人,無論男女,凡甘心樂意獻禮物給耶和華的,都將禮物拿來,做耶和華藉摩西所吩咐的一切工。
30 Alò, Moïse te di a fis Israël yo: “Ou wè sa, SENYÈ a te rele Betsaléel, fis a Uri, fis a Hur, nan tribi Juda a.
摩西對以色列人說:「猶大支派中,戶珥的孫子、烏利的兒子比撒列,耶和華已經提他的名召他,
31 Epi li te ranpli li avèk lespri Bondye a, nan sajès, nan konprann, nan konesans, ak nan tout kapasite mendèv yo;
又以上帝的靈充滿了他,使他有智慧、聰明、知識,能做各樣的工,
32 pou fè desen pou travay an lò ak ajan ak bwonz,
能想出巧工,用金、銀、銅製造各物,
33 anplis nan koupe pyè bijou yo pou monti yo, e pou desen ki fèt an bwa ak tout kalite èv lespri moun.
又能刻寶石,可以鑲嵌,能雕刻木頭,能做各樣的巧工。
34 “Li osi te dedike kè l pou enstwi ni li menm, ni Oholiab, fis a Ahisamac la nan tribi Dan nan.
耶和華又使他,和但支派中亞希撒抹的兒子亞何利亞伯,心裏靈明,能教導人。
35 Li te ranpli yo avèk kapasite pou fè tout èv a yon gravè, yon desinatè, e yon moun ki fè bwodri avèk twal an ble an mov, an wouj, an twal fen blanc, e yon tiseran, kòm atizan nan tout zèv ak fèzè desen.”
耶和華使他們的心滿有智慧,能做各樣的工,無論是雕刻的工,巧匠的工,用藍色、紫色、朱紅色線,和細麻、繡花的工,並機匠的工,他們都能做,也能想出奇巧的工。

< Egzòd 35 >