< Levitik 1 >

1 Alò, SENYÈ a te rele Moïse, e Li te pale avèk li depi nan tant asanble a. Li te di:
耶和華從會幕中呼叫摩西,對他說:
2 “Pale a fis Israël yo pou di yo: ‘Lè nenpòt moun nan nou pote yon ofrann bay SENYÈ a, nou va pote ofrann bèt ki sòti nan twoupo a, oswa nan bann mouton an.
「你曉諭以色列人說:你們中間若有人獻供物給耶和華,要從牛群羊群中獻牲畜為供物。
3 “‘Si ofrann li an se yon ofrann brile ki sòti nan twoupo a, li va ofri li; yon mal san defo. Li va ofri li nan pòtay tant asanble a, pou li kapab aksepte devan SENYÈ a.
「他的供物若以牛為燔祭,就要在會幕門口獻一隻沒有殘疾的公牛,可以在耶和華面前蒙悅納。
4 Li va poze men li sou tèt ofrann brile a, e ofrann la va aksepte pou li, pou fè ekspiyasyon pou li.
他要按手在燔祭牲的頭上,燔祭便蒙悅納,為他贖罪。
5 Li va touye jenn towo a devan SENYÈ a. Konsa, fis Aaron yo, ki se prèt yo, va ofri san an e flite li toutotou lotèl ki nan pòtay tant asanble a.
他要在耶和華面前宰公牛;亞倫子孫作祭司的,要奉上血,把血灑在會幕門口、壇的周圍。
6 Li va, answit, kòche ofrann brile a e koupe li an mòso.
那人要剝去燔祭牲的皮,把燔祭牲切成塊子。
7 Fis Aaron yo, prèt la, va mete dife sou lotèl la e ranje bwa yo sou dife a.
祭司亞倫的子孫要把火放在壇上,把柴擺在火上。
8 Alò fis Aaron yo, prèt yo, va ranje mòso yo, tèt la avèk grès ren an sou bwa ki sou lotèl la.
亞倫子孫作祭司的,要把肉塊和頭並脂油擺在壇上火的柴上。
9 Men zantray li yo avèk janm li yo, moun nan va lave yo avèk dlo. Epi prèt la va brile li nèt sou lotèl la kòm yon ofrann brile, yon ofrann pa dife, yon bagay ki santi dous pou SENYÈ a.
但燔祭的臟腑與腿要用水洗。祭司就要把一切全燒在壇上,當作燔祭,獻與耶和華為馨香的火祭。
10 “‘Men si ofrann li an sòti nan bann bèt la, mouton oswa kabrit kòm yon ofrann brile, li va ofri li yon mal, san defo.
「人的供物若以綿羊或山羊為燔祭,就要獻上沒有殘疾的公羊。
11 Li va touye li sou kote nò lotèl la, devan SENYÈ a, epi fis Aaron yo, prèt yo, va flite san li toutotou lotèl la.
要把羊宰於壇的北邊,在耶和華面前;亞倫子孫作祭司的,要把羊血灑在壇的周圍。
12 Li va, answit, koupe li an mòso, avèk tèt li ak grès ren li. Prèt la va ranje yo sou bwa ki sou dife ki sou lotèl la.
要把燔祭牲切成塊子,連頭和脂油,祭司就要擺在壇上火的柴上;
13 Men zantray li yo avèk janm yo, moun nan va lave yo avèk dlo. Epi prèt la va ofri tout nèt, e ofri li nan lafimen sou lotèl la. Li se yon ofrann brile, yon ofrann pa dife, yon bagay ki santi dous pou SENYÈ a.
但臟腑與腿要用水洗,祭司就要全然奉獻,燒在壇上。這是燔祭,是獻與耶和華為馨香的火祭。
14 “‘Men si ofrann li an bay SENYÈ a se yon ofrann brile fèt ak zwazo, alò, li va pote ofrann li an ak toutrèl oswa jèn ti pijon.
「人奉給耶和華的供物,若以鳥為燔祭,就要獻斑鳩或是雛鴿為供物。
15 Prèt la va ofri li sou lotèl la, e tòde kou li pou ofri li nan lafimen sou lotèl la; konsa, san li va koule sou kote lotèl la.
祭司要把鳥拿到壇前,揪下頭來,把鳥燒在壇上;鳥的血要流在壇的旁邊;
16 Li va osi retire fal li avèk plim li yo e voye li sou kote lès lotèl la, nan plas sann yo.
又要把鳥的嗉子和髒物除掉,丟在壇的東邊倒灰的地方。
17 Li va chire li pa zèl li, san fin separe l nèt. Konsa, prèt la va ofri li nan lafimen sou lotèl la, sou bwa ki sou dife a. Li se yon ofrann brile, yon ofrann pa dife yon bagay ki santi dous devan SENYÈ a.
要拿着鳥的兩個翅膀,把鳥撕開,只是不可撕斷;祭司要在壇上、在火的柴上焚燒。這是燔祭,是獻與耶和華為馨香的火祭。」

< Levitik 1 >