< Sòm 65 >

1 Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David, se yon chante. Bondye, ou merite vre pou yo fè lwanj ou sou Mòn Siyon, se pou yo ba ou sa yo te pwomèt ou a.
For the Chief Musician. A Psalm. A Song of David. Praise waiteth for thee, O God, in Zion; And unto thee shall the vow be performed.
2 Paske ou tande lè y'ap lapriyè ou. Tout moun ap vin nan pye ou,
O thou that hearest prayer, Unto thee shall all flesh come.
3 pou rekonèt peche yo. Peche nou yo twòp pou nou. Men, w'ap efase yo.
Iniquities prevail against me: As for our transgressions, thou wilt forgive them.
4 Ala bon sa bon pou moun ou menm ou chwazi, pou moun ou menm ou rele bò kote ou! L'ap rete anndan lakay ou! N'ap plen vant nou ak bon bagay ki gen lakay ou, ak benediksyon ki nan kay ki apa pou ou a.
Blessed is the man whom thou choosest, and causest to approach [unto thee], That he may dwell in thy courts: We shall be satisfied with the goodness of thy house, Thy holy temple.
5 Bondye, ou menm k'ap delivre nou, w'ap reponn nou, paske ou pa nan patipri. w'ap fè bèl bagay pou nou. Moun toupatou sou latè, moun byen lwen lòt bò lanmè ap mete konfyans yo nan ou.
By terrible things thou wilt answer us in righteousness, O God of our salvation, Thou that art the confidence of all the ends of the earth, And of them that are afar off upon the sea:
6 Avèk fòs ou, ou mete mòn yo kanpe nan plas yo. Ou fè wè jan ou gen anpil pouvwa.
Who by his strength setteth fast the mountains, Being girded about with might;
7 Ou kase lanmè a lè l' move. Ou fè lanm lanmè yo sispann fè bri. Ou fè pèp yo rete trankil lè yo move.
Who stilleth the roaring of the seas, The roaring of their waves, And the tumult of the peoples.
8 Moun ki rete nan dènye bout latè a pran tranble lè yo wè bèl bagay ou fè yo. Depi sou bò solèy leve jouk sou bò solèy kouche ou fè moun rele sitèlman yo kontan.
They also that dwell in the uttermost parts are afraid at thy tokens: Thou makest the outgoings of the morning and evening to rejoice.
9 Ou moutre jan ou pran swen latè: Ou voye lapli pou wouze l'. Ou fè l' donnen anpil. Larivyè Bondye toujou plen dlo. Ou pare yon bèl rekòt mayi. Men ki jan ou pran swen tè a:
Thou visitest the earth, and waterest it, Thou greatly enrichest it; The river of God is full of water: Thou providest them grain, when thou hast so prepared the earth.
10 Ou mete dlo nan kannal pou wouze jaden yo. Ou kase bit tè yo. Ou voye gwo lapli pou tè a bwè kont dlo li. Ou fè grenn yo jèmen.
Thou waterest its furrows abundantly; Thou settlest the ridges thereof: Thou makest it soft with showers; Thou blessest the springing thereof.
11 Ala yon bèl rekòt ou ban nou lè lanne a fini! Tout kote ou pase gen abondans an kantite!
Thou crownest the year with thy goodness; And thy paths drop fatness.
12 Jaden ki nan dezè a jwenn kont dlo yo. Ti mòn yo kontan.
They drop upon the pastures of the wilderness; And the hills are girded with joy.
13 Jaden yo plen zannimo. Jaden mayi kouvri tout fon yo. Fon yo kontan, y'ap chante sitèlman yo kontan.
The pastures are clothed with flocks; The valleys also are covered over with grain; They shout for joy, they also sing.

< Sòm 65 >