< Jòb 33 >

1 Atòkile, Jòb, tanpri, koute sa m'ap di ou. Louvri zòrèy ou byen pou ou tande m'.
約伯啊,請聽我的話, 留心聽我一切的言語。
2 M' pare pou m' di dènye sa ki vin nan bouch mwen.
我現在開口, 用舌發言。
3 M' pral di tou sa ki nan kè m'. Se verite a tou senp mwen pral pale.
我的言語要發明心中所存的正直; 我所知道的,我嘴唇要誠實地說出。
4 Se lespri Bondye a ki fè m'. Se souf Bondye ki gen tout pouvwa a ki ban m' lavi.
上帝的靈造我; 全能者的氣使我得生。
5 Si ou kapab, w'a reponn mwen. Pare kò ou. Pran pozisyon batay ou avè m'.
你若回答我, 就站起來,在我面前陳明。
6 Ou menm avè m', devan Bondye nou tout se menm. Nou tou de, se ak labou li fè nou.
我在上帝面前與你一樣, 也是用土造成。
7 Ou wè! Ou pa bezwen pè m'! Mwen pa ka fè ou anyen!
我不用威嚴驚嚇你, 也不用勢力重壓你。
8 Mwen te tande ou ak de zòrèy mwen. Ki jan ou fè ka di:
你所說的,我聽見了, 也聽見你的言語,說:
9 Mwen menm, mwen inonsan. M' pa fè ankenn peche! M' pa gen anyen sou konsyans mwen.
我是清潔無過的,我是無辜的; 在我裏面也沒有罪孽。
10 Men, se Bondye ki pretann mwen ba l' jwen pou l' atake m'. Se li menm k'ap aji avè m' tankou si mwen te lènmi l'.
上帝找機會攻擊我, 以我為仇敵,
11 Li mete de pye m' nan sèp. L'ap veye tou sa m'ap fè.
把我的腳上了木狗, 窺察我一切的道路。
12 La, Jòb monchè, m'ap reponn ou: ou antò. Paske Bondye pa kanmarad moun.
我要回答你說:你這話無理, 因上帝比世人更大。
13 Poukisa w'ap chache Bondye kont konsa? Se paske li pa reponn lè w'ap plenyen nan pye l'?
你為何與他爭論呢? 因他的事都不對人解說?
14 Bondye pale divès jan. Men, pesonn pa okipe sa l'ap di.
上帝說一次、兩次, 世人卻不理會。
15 Lè moun kouche nan kabann yo, lè yo fon nan dòmi lannwit, Bondye pale ak yo nan rèv, nan vizyon.
人躺在床上沉睡的時候, 上帝就用夢和夜間的異象,
16 Li fè yo konnen sa li gen pou l' di yo. Li ba yo avètisman pou yo mache sou piga yo.
開通他們的耳朵, 將當受的教訓印在他們心上,
17 Li vle pou yo kite move chemen y'ap swiv la, pou yo pa kite lògèy vire tèt yo.
好叫人不從自己的謀算, 不行驕傲的事,
18 Konsa, yo p'ap mouri. Y'a sove lavi yo.
攔阻人不陷於坑裏, 不死在刀下。
19 Bondye avèti moun tou lè li voye maladi sou yo. Li ba yo doulè nan tout kò yo.
人在床上被懲治, 骨頭中不住地疼痛,
20 Li bay yo degoutans manje. Yo pèdi anvi manje menm lò manje a gou.
以致他的口厭棄食物, 心厭惡美味。
21 Y'ap depafini, tout moun wè jan y'ap vin mèg. Tout zo nan kò yo griyen.
他的肉消瘦,不得再見; 先前不見的骨頭都凸出來。
22 Sa ki rete pou yo mouri a, pou y' ale nan peyi san chapo a pa anyen.
他的靈魂臨近深坑; 他的生命近於滅命的。
23 Lè sa a, yon zanj Bondye ka vin bò kote l', yonn nan milyonven zanj Bondye yo ki la pou fè moun chonje devwa yo.
一千天使中, 若有一個作傳話的與上帝同在, 指示人所當行的事,
24 Zanj lan va gen pitye pou li. L'a di Bondye: -Tanpri, pa kite l' mouri. M'ap peye pou sove lavi li.
上帝就給他開恩, 說:救贖他免得下坑; 我已經得了贖價。
25 Kò li va refè, l'a vin fre tankou lè l' te jenn.
他的肉要比孩童的肉更嫩; 他就返老還童。
26 Li lapriyè Bondye, Bondye reponn li. li al adore Bondye ak kè kontan. Bondye padonnen l' devan tout moun.
他禱告上帝, 上帝就喜悅他, 使他歡呼朝見上帝的面; 上帝又看他為義。
27 L'ap mache bay Bondye lwanj toupatou. L'ap di: -Mwen te peche, mwen te fè sa ki mal. Men, Bondye pa fè m' peye pou sa m' te fè a.
他在人前歌唱說: 我犯了罪,顛倒是非, 這竟與我無益。
28 Li egzante m' lanmò. Li ban m' lavi ankò.
上帝救贖我的靈魂免入深坑; 我的生命也必見光。
29 Men tou sa Bondye ap fè, de fwa, twa fwa pou lèzòm,
上帝兩次、三次向人行這一切的事,
30 pou l' pa kite yo mouri, pou l' ba yo lavi ak kè kontan.
為要從深坑救回人的靈魂, 使他被光照耀,與活人一樣。
31 Koulye a, Jòb, louvri zòrèy ou! Koute byen sa m'ap di! Pe bouch ou la! Kite m' fin pale!
約伯啊,你當側耳聽我的話, 不要作聲,等我講說。
32 Men, si ou gen kichòy ou vle di, pale; m'ap koute ou. Paske mwen ta vle ba ou rezon.
你若有話說,就可以回答我; 你只管說,因我願以你為是。
33 Osinon, pe bouch ou, koute m' pito! Kite m' moutre ou sa ki rele gen bon konprann.
若不然,你就聽我說; 你不要作聲,我便將智慧教訓你。

< Jòb 33 >