< 2 Kings 3 >

1 And Joram the son of Achab reigned over Israel in Samaria in the eighteenth year of Josaphat king of Juda. And he reigned twelve years.
Alò Joram, fis Achab la te devni Wa sou Israël nan Samarie nan di-zuityèm ane a Josaphat, wa Juda a, e li te renye pandan douzan.
2 And he did evil before the Lord, but not like his father and his mother: for he took away the statues of Baal, which his father had made.
Li te fè mal nan zye SENYÈ a, malgre, se pa tankou papa li avèk manman li. Paske li te retire pilye sakre a Baal ke papa li te fè a.
3 Nevertheless he stuck to the sins of Jeroboam the son of Nabat, who made Israel to sin, nor did he depart from them.
Sepandan, li te kenbe rèd a peche Jéroboam, fis a Nebat la. Avèk sila li te fè Israël peche a. Li pa t kite yo.
4 Now Mesa, king of Moab, nourished many sheep, and he paid to the king of Israel a hundred thousand lambs, and a hundred thousand rams with their fleeces.
Alò, Mesha, wa Moab la te yon mèt ki fò nan pran swen mouton. Li te konn peye wa Israël la avèk lenn a san-mil jenn mouton ansanm avèk lenn san-mil belye.
5 And when Achab was dead, he broke the league which he had made with the king of Israel.
Men lè Achab te vin mouri, wa Moab la te fè rebèl kont wa Israël la.
6 And king Joram went out that day from Samaria, and mustered all Israel.
Konsa, wa Joram te kite Samarie nan tan sa a pou te rasanble tout Israël.
7 And he sent to Josaphat king of Juda, saying: The king of Moab is revolted from me, come with me against him to battle. And he answered: I will come up: he that is mine, is thine: my people, thy people: and my horses, thy horses.
Alò, li te voye kote Josaphat, wa Juda a. Li te di: “Wa Moab la te fè rebèl kont mwen. Èske ou va monte avè m pou goumen kont Moab?” Li te reponn: “M ap monte. Mwen tankou ou menm e pèp mwen an tankou pèp pa w la, cheval mwen yo tankou cheval pa ou yo.”
8 And he said: Which way shall we go up? But he answered: By the desert of Edom.
Konsa, li te mande: “Nan ki chemen nou dwe monte?” Wa Joram te reponn: “Pa chemen dezè ki nan Édom an.”
9 So the king of Israel, and the king of Juda, and the king of Edom went, and they fetched a compass of seven days’ journey, and there was no water for the army, and for the beasts, that followed them.
Konsa, wa Israël la te ale avèk wa Juda a ak wa Édom an e nan vwayaj la, yo fè yon tou mache pandan sèt jou, e pa t gen dlo pou lame a ak pou betay ki te swiv yo.
10 And the king of Israel said: Alas, alas, alas, the Lord hath gathered us three kings together, to deliver us into the hands of Moab!
Alò, wa Israël la te di: “Elas! Konsa SENYÈ a te rele twa wa sa yo pou lage yo nan men Moab.”
11 And Josaphat said: Is there not here a prophet of the Lord, that we may beseech the Lord by him? And one of the servants of the king of Israel answered: Here is Eliseus the son of Saphat, who poured water on the hands of Elias.
Men Josaphat te di: “Èske pa gen yon pwofèt SENYÈ a isit la, pou nou kapab fè demann SENYÈ a pa li menm?” Youn nan sèvitè wa yo te reponn. Li te di: “Élisée, fis a Schaphath la, ki te konn vide dlo sou men a Élie yo isit la.”
12 And Josaphat said: The word of the Lord is with him. And the king of Israel, and Josaphat king of Juda, and the king of Edom went down to him.
Josaphat te di: “Pawòl SENYÈ a avèk li.” Konsa, wa Israël la avèk Josaphat, avèk wa Édom an te desann kote li.
13 And Eliseus said to the king of Israel: What have I to do with thee? go to the prophets of thy father, and thy mother. And the king of Israel said to him: Why hath the Lord gathered together these three kings, to deliver them into the hands of Moab?
Alò, Élisée te di a wa Israël la: “Kisa m gen avè w? Ale kote pwofèt a papa ou avèk pwofèt a manman ou yo.” Wa Israël la te reponn: “Non, paske SENYÈ a te rele twa wa sila yo ansanm pou livre yo nan men a wa Moab la.”
14 And Eliseus said to him: As the Lord of hosts liveth, in whose sight I stand, if I did not reverence the face of Josaphat king of Juda, I would not have hearkened to thee, nor looked on thee.
Élisée te di: “Jan SENYÈ a viv la, devan sila mwen kanpe a, si se pa ke m respekte prezans a Josaphat, wa Juda a, mwen pa t ap gade ou, ni wè ou.
15 But now bring me hither a minstrel. And when the minstrel played, the hand of the Lord came upon him, and he said:
Men koulye a, mennen ban mwen yon mizisyen.” Epi li te vin rive ke lè mizisyen an te jwe, men SENYÈ a te vini sou Elisée.
16 Thus saith the Lord: Make the channel of this torrent full of ditches.
Li te di: “Konsa di SENYÈ a: ‘Fè vale sila a vin ranpli avèk kanal.’
17 For thus saith the Lord: You shall not see wind, nor rain: and yet this channel shall be filled with waters, and you shall drink, you and your families, and your beasts.
Paske konsa pale SENYÈ a: ‘Ou p ap wè van ni ou p ap wè lapli. Malgre sa, vale sila a va vin ranpli avèk dlo pou nou kab bwè; ni nou, ni bèf nou yo, ni bèt nou yo.
18 And this is a small thing in the sight of the Lord: moreover he will deliver also Moab into your hands.
Sa se sèlman yon tikras bagay nan zye SENYÈ a. Anplis, Li va livre Moabit yo nan men nou.
19 And you shall destroy every fenced city, and every choice city, and shall cut down every fruitful tree, and shall stop up all the springs of waters, and every goodly field you shall cover with stones.
Konsa, nou va frape chak vil ki fòtifye e chak nan pi bèl vil yo, koupe mete atè tout bon pyebwa, bouche tout sous dlo e gate tout bon mòso tè avèk wòch yo.’”
20 And it came to pass in the morning, when the sacrifices used to be offered, that behold, water came by the way of Edom, and the country was filled with water.
Li te vin rive nan maten vè lè pou ofri sakrifis la, ke vwala, dlo te sòti vè direksyon Édom e peyi a te vin ranpli avèk dlo.
21 And all the Moabites hearing that the kings were come up to fight against them, gathered together all that were girded with a belt upon them, and stood in the borders.
Alò, tout Moabit yo te tande ke wa yo te monte pou goumen kont yo. Epi tout moun ki te kapab, te mete vètman pwotèj yo e sila avèk plis laj yo te resevwa lòd pou vin kanpe sou lizyè fwontyè a.
22 And they rose early in the morning, and the sun being now up, and shining upon the waters, the Moabites saw the waters over against them red, like blood,
Yo te leve bonè nan maten, solèy la te vin klere sou dlo a, e Moabit yo te wè dlo anfas yo a wouj tankou san.
23 And they said: It is the blood of the sword: the kings have fought among themselves, and they have killed one another: go now, Moab, to the spoils.
Konsa, yo te di: “Sa se san. Asireman, wa yo te goumen ansanm e youn te touye lòt. Pou sa, Moab, antre pran piyaj la!”
24 And they went into the camp of Israel: but Israel rising up defeated Moab, who fled before them. And they being conquerors, went and smote Moab.
Men lè yo te rive nan kan Israël la, Izrayelit yo te leve e te frape Moabit yo jiskaske yo te kouri devan yo. Epi yo te avanse nan peyi a e te fè yon gwo masak pami Moabit yo.
25 And they destroyed the cities: and they filled every goodly field, every man casting his stone: and they stopt up all the springs of waters: and cut down all the trees that bore fruit, so that brick walls only remained: and the city was beset by the slingers, and a great part thereof destroyed.
Konsa, yo te detwi vil yo, epi chak moun te jete yon wòch sou chak mòso bon tè pou te plen yo. Epi yo te bouche tout sous dlo yo e te koupe tout bon pyebwa yo, jis yo rive nan Kir-Haréseth kote se sèl wòch li yo ki rete. Men mesye fistibal yo te antoure li e te frape li.
26 And when the king of Moab saw this, to wit, that the enemies had prevailed, he took with him seven hundred men that drew the sword, to break in upon the king of Edom: but they could not.
Lè wa Moab la te wè ke batay la te twò mechan pou li, li te pran avèk li sèt-san mesye ki te rale nepe pou ouvri yon pasaj pou rive kote wa Édom an; men yo pa t kapab.
27 Then he took his eldest son that should have reigned in his stead, and offered him for a burnt offering upon the wall: and there was great indignation in Israel, and presently they departed from him, and returned into their own country.
Alò, li te pran pi gran fis li a ki te gen pou renye nan plas li, e li te ofri li kòm yon ofrann brile sou mi lan. Epi te vin gen lakòlè byen cho kont Israël, e yo te kite li pou retounen nan peyi pa yo.

< 2 Kings 3 >