< 詩篇 47 >

1 可拉後裔的詩,交與伶長。 萬民哪,你們都要拍掌! 要用誇勝的聲音向上帝呼喊!
Pou chèf sanba yo. Se yon sòm pitit Kore yo. Nou tout pèp yo, bat bravo! Fè lwanj Seyè a! Rele ak kè kontan!
2 因為耶和華至高者是可畏的; 他是治理全地的大君王。
Paske, Seyè ki anwo nan syèl la, se moun ki pa nan jwèt, se moun pou nou pè. Se yon gwo wa k'ap gouvènen sou tout latè.
3 他叫萬民服在我們以下, 又叫列邦服在我們腳下。
Li fè nou dominen sou anpil pèp, li mete anpil nasyon sou zòd nou.
4 他為我們選擇產業, 就是他所愛之雅各的榮耀。 (細拉)
Se li ki chwazi peyi kote n'ap viv la pou nou. Peyi sa a se yon lwanj pou pitit Jakòb li renmen anpil yo.
5 上帝上升,有喊聲相送; 耶和華上升,有角聲相送。
Bondye ap mache moute, tout pèp la ap rele, y'ap kònen klewon sitèlman yo kontan.
6 你們要向上帝歌頌,歌頌! 向我們王歌頌,歌頌!
Chante pou Bondye, fè lwanj li! Wi, chante pou wa nou an, fè lwanj li!
7 因為上帝是全地的王; 你們要用悟性歌頌。
Paske, se Bondye ki wa sou tout latè. Chante yon chante espesyal pou li!
8 上帝作王治理萬國; 上帝坐在他的聖寶座上。
Bondye dominen sou tout nasyon yo. Bondye chita sou fotèy ki apa pou li a.
9 列邦的君王聚集要作亞伯拉罕之上帝的民。 因為世界的盾牌是屬上帝的; 他為至高!
Chèf lòt peyi yo mete tèt yo ansanm ak pèp Bondye Abraram lan, paske se Bondye ki gen tout zam pou defann pèp yo. L'ap dominen sou tout bagay.

< 詩篇 47 >