< Sòm 86 >

1 Yon priyè a David Prete m zòrèy Ou, O SENYÈ e reponn mwen. Paske mwen aflije e malere. 2 Konsève nanm mwen, paske mwen se yon nonm fidèl. Ou menm, Bondye mwen an, sove sèvitè Ou ki mete konfyans nan Ou a. 3 Montre m gras Ou, O SENYÈ, paske se a Ou menm mwen kriye tout lajounen. 4 Fè nanm a sèvitè Ou a kontan, paske a Ou menm, SENYÈ, mwen leve nanm mwen. 5 Paske Ou menm, Senyè a, Ou plen bonte e Ou prèt pou padone, ranpli avèk lanmou dous, pou tout (sila) ki rele sou non Ou yo. 6 Prete zòrèy Ou, O SENYÈ, a lapriyè mwen. Prete atansyon a vwa siplikasyon mwen yo. 7 Nan jou twoub mwen an, mwen va rele Ou, paske Ou va reponn mwen. 8 Nanpwen tankou Ou pami dye yo, O Senyè, ni nanpwen zèv tankou pa Ou yo. 9 Tout nasyon ke Ou te fè yo, va vini pou adore devan Ou, O Senyè, e yo va bay non Ou glwa. 10 Paske Ou gran e fè zèv ki mèvèye. Se Ou sèl ki Bondye. 11 Montre m chemen Ou an, O SENYÈ. Mwen va mache nan verite Ou. Fè kè m dispoze pou krent non Ou. 12 Mwen va ba Ou remèsiman, O SENYÈ, Bondye mwen an, avèk tout kè m. Mwen va bay glwa a non Ou jis pou tout tan. 13 Paske lanmou dous Ou anvè mwen gran, e Ou te delivre nanm mwen soti nan fon sejou lanmò yo. (Sheol h7585) 14 O Bondye, mesye awogan yo te leve kont mwen, yon bann mesye vyolan ap chache lavi mwen. Yo pa mete Ou devan yo. 15 Men Ou menm, O SENYÈ, Ou se yon Bondye ki plen ak gras avèk mizerikòd, lan nan kòlè e plen avèk lanmou dous ak verite. 16 Vire vè mwen e fè m gras. O dispoze fòs Ou a sèvitè Ou a, e fè sekou a fis a sèvant Ou a. 17 Montre m yon sign bonte Ou, pou (sila) ki rayi mwen yo kapab wè l e vin wont. Paske Ou menm, O SENYÈ, te fè m sekou, e te konsole mwen.

< Sòm 86 >