< Sòm 89 >

1 Yon Refleksyon pa Éthan, Ezrachit la Mwen va chante lanmou dous SENYÈ a jis pou tout tan. Ak bouch mwen, mwen va fè tout jenerasyon yo konnen fidelite Ou. 2 Paske mwen te di: “Lanmou dous Ou a va kanpe janm jis pou tout tan. Ou te etabli syèl yo. Fidelite Ou rete nan yo. 3 “Mwen, Bondye, te fè yon akò avèk moun apwente mwen a. Mwen te sèmante pa David, sèvitè mwen an, 4 ‘Mwen va etabli jèm ou nèt e bati twòn Ou pandan tout jenerasyon yo.’” Tan 5 Syèl yo va louwe mèvèy Ou yo, O SENYÈ, ansanm ak fidelite Ou nan asanble sen yo. 6 Paske kilès nan syèl la ki konpare ak SENYÈ a? Kilès pami fis a pwisan yo ki tankou SENYÈ a, 7 Yon Bondye ki resevwa lakrent anpil nan asanble a sen yo, e mèvèye plis pase tout (sila) ki antoure Li yo? 8 O SENYÈ Bondye dèzame yo, se kilès ki tankou Ou, O SENYÈ pwisan an? Anplis, fidelite Ou antoure Ou. 9 Ou domine ògèy lanmè a. Lè vag li yo vin leve, Ou kalme yo. 10 Ou menm, Ou te kraze Rahab (Égypte) tankou yon moun ki fin touye. Ou te gaye lènmi Ou yo avèk men pwisan Ou. 11 Syèl yo se pou Ou. Tè a se pa Ou tou. Lemond ak tout sa ki ladann, se Ou menm ki te etabli yo. 12 Nò ak sid, se Ou menm ki te kreye yo. Thabor avèk Hermon kriye avèk jwa a non Ou. 13 Ou gen yon men byen fò. Men dwat Ou leve byen wo. 14 Ladwati avèk jistis se fondasyon twòn Ou an. Lanmou dous avèk verite mache devan Ou. 15 A la beni, pèp ki konnen son lajwa a beni! O SENYÈ, yo mache nan limyè a vizaj Ou a. 16 Nan non Ou, yo rejwi tout lajounen, e pa ladwati Ou, yo vin egzalte. 17 Paske Ou se glwa a fòs yo, e pa favè Ou, kòn nou vin egzalte. 18 Paske boukliye nou apatyen a SENYÈ a, e wa nou an se (Sila) Ki Sen An Israël la. 19 Yon fwa, Ou te pale nan yon vizyon a fidèl Ou yo. Ou te di: “Mwen te bay soutyen a yon moun ki pwisan. Mwen te fè leve yon jenn nom ki te chwazi pami pèp la. 20 Mwen te twouve David, sèvitè Mwen an. Avèk lwil sen Mwen an, mwen te onksyone l. 21 Avèk li menm, men M va vin etabli. Anplis, bra M va ranfòse li. 22 Lènmi an p ap twonpe li. Ni fis a mechanste a p ap aflije li. 23 Men Mwen va kraze advèsè li yo devan l, e frape (sila) ki rayi li yo. 24 Fidelite Mwen avèk lanmou dous Mwen va avèk li. Nan non Mwen, kòn li va vin egzalte. 25 Mwen va osi mete men li sou lanmè a, ak men dwat li sou rivyè yo. 26 Li va kriye a Mwen: ‘Ou se papa m, Bondy m Wòch a sali mwen an. 27 Anplis, Mwen va fè li premye ne Mwen, pi wo pami tout wa latè yo.’ 28 Lanmou dous Mwen va kenbe pou li jis pou tout tan, e akò Mwen va konfime a li menm. 29 Konsa, Mwen va etabli desandan li yo jis pou tout tan, e twòn li tankou jou syèl yo. 30 Si fis li yo abandone lalwa Mwen an, e pa mache nan jijman Mwen yo, 31 si yo vyole règleman Mwen yo, e pa kenbe kòmandman Mwen yo, 32 alò Mwen va pini transgresyon yo avèk yon baton, e inikite yo avèk kout fwèt. 33 Men Mwen p ap retire lanmou dous sou li, ni aji avèk movèz fwa selon fidelite mwen. 34 Mwen p ap vyole akò mwen an, ni fè okenn chanjman nan pawòl ki te sòti nan lèv Mwen yo. 35 Depi Mwen fin sèmante selon sentete Mwen, Mwen p ap manti a David. 36 Desandan li yo va dire jis pou tout tan, e twòn li va tankou solèy la devan M. 37 Li va etabli jis pou tout tan tankou lalin nan, temwen nan syèl la ki toujou fidèl.” 38 Men koulye a Ou vin refize ak rejete, Ou te plen ak kòlè kont onksyone Ou a. 39 Ou te desann e rejte akò a sèvitè ou a. Ou te pwofane kouwòn li an nan pousyè. 40 Ou te kraze tout miray li yo. Ou te fè sitadèl li yo kraze nèt. 41 Tout moun ki pase akote piyaje li. Li devni yon objè abominab pami vwazen li yo. 42 Ou te egzalte men dwat a advèsè li yo. Ou te fè lènmi li yo rejwi. 43 Anplis, ou te plwaye lam nepe li a, e fè l pa kanpe pou batay la. 44 Ou te fè mayifisans li vin kraze fini e te jete twòn li jis atè. 45 Ou te fè jou a jenès li yo vin kout. Ou te kouvri li ak gwo wont. 46 Jiskilè, O SENYÈ? Èske Ou va kache figi Ou jis pou tout tan? Èske kòlè Ou va brile tankou dife pou tout tan? 47 Sonje longè lavi mwen genyen tèlman kout ke li tankou yon foli! Se Ou ki te kreye tout fis a lòm yo! 48 Ki moun ki kab viv e pa wè lanmò? Èske li kab delivre nanm li de pouvwa sejou lanmò a? Tan (Sheol h7585) 49 Kote lanmou dous Ou te kon genyen, O SENYÈ? Sa Ou te sèmante a David nan fidelite Ou a? 50 Sonje, O Senyè, repwòch a sèvitè Ou yo, jan mwen pote nan lestonmak mwen, repwòch a tout nasyon pwisant yo, 51 Avèk (sila) lènmi Ou yo te fè repwòch yo, O SENYÈ. Se konsa yo te repwoche mak pla pye onksyone Ou a. 52 Beni se SENYÈ a pou tout tan! Amen, e Amen.

< Sòm 89 >