< Sòm 146 >

1 Beni SENYÈ a! Beni SENYÈ a, O nanm mwen!
Hvalite Gospoda. Hvali Gospoda, oh moja duša.
2 Mwen va beni SENYÈ a pandan mwen ap viv. Mwen va chante lwanj a Bondye pa mwen an pandan mwen sou latè a.
Medtem ko živim, bom hvalil Gospoda; medtem ko imam kakršen koli obstoj, bom prepeval hvalnice svojemu Bogu.
3 Pa mete konfyans nan prens yo. Nan lòm mòtèl, nan (sila) nanpwen Sali a.
Svojega trdnega upanja ne polagaj v prince niti v človeškega sina, v katerem ni pomoči.
4 Lespri li pa rete; li retounen nan tè a. Nan menm jou sa a, panse li yo vin peri.
Njegov dih gre dalje, vrača se k svoji zemlji; na ta isti dan propadejo njegove misli.
5 A la beni (sila) ki gen sekou nan Bondye Jacob la beni, (sila) ki mete espwa li nan SENYÈ a, Bondye li a,
Srečen je tisti, ki ima za svojo pomoč Jakobovega Boga, katerega upanje je v Gospodu, njegovemu Bogu,
6 Ki te fè syèl la avèk tè a, lanmè ak tout sa ki ladann. Ki fidèl jis pou tout tan.
ki je naredil nebo in zemljo, morje in vse, kar je tam notri, ki na veke ohranja resnico,
7 Ki egzekite jistis pou oprime yo. Ki bay manje a moun grangou yo. SENYÈ a mete prizonye yo an libète.
ki izvršuje sodbo za zatiranega, ki daje hrano lačnemu. Gospod osvobaja jetnike,
8 SENYÈ a ouvri zye a avèg yo. SENYÈ a leve (sila) ki vin pwostène yo. SENYÈ a renmen moun ladwati yo.
Gospod slepim odpira oči, Gospod dviguje tiste, ki so sklonjeni, Gospod ljubi pravične,
9 SENYÈ a pwoteje etranje yo. Li bay soutyen a òfelen an ak vèv la, men Li jennen wout mechan an.
Gospod varuje tujce in podpira osirotelega in vdovo, toda pot zlobnih postavlja na glavo.
10 SENYÈ a va renye jis pou tout tan, Bondye pa Ou a, O Sion, jis pou tout jenerasyon yo. Louwe SENYÈ a!
Gospod bo kraljeval na veke, celó tvoj Bog, oh Sion, vsem rodovom. Hvalite Gospoda.

< Sòm 146 >