< Sòm 51 >

1 Pou chèf sanba yo. Se David ki te ekri sòm sa a lè pwofèt Natan te vin pale avè l' aprè adiltè li te fè avèk Batcheba. Gen pitye pou mwen, Bondye. Jan ou gen bon kè sa a! Tanpri, efase tou sa mwen fè ki mal, paske ou gen kè sansib.
For the leader. A psalm of David, when Nathan the prophet come to him after he had been with Bathsheba. In your kindness, O God, be gracious to me, in your own great pity blot out my transgressions.
2 Lave m', foubi m' pou wete fòt mwen fè a. Netwaye m' pou efase peche m' lan.
Wash me clean of my guilt, make me pure of my sin.
3 Mwen rekonèt sa m' fè a pa bon. Se tout tan peche m' lan devan je m'.
For well I know my transgressions, my sin is ever before me.
4 Se kont ou menm menm mwen peche-pa kont lòt moun. Mwen fè bagay ou pa dakò pou moun fè. Se sak fè ou gen rezon lè ou kondannen yon moun. Moun pa ka fè ou okenn repwòch lè ou fin jije.
Against you, only you, have I sinned, and done that which is wrong in your sight: you therefore are just when you speak, and clear when you utter judgment.
5 Wi, depi m' fèt, mwen fèt ak peche nan kè m'. Depi nan vant manman m', mwen gen peche nan kè m'.
See! In guilt was I brought to the birth, and in sin did my mother conceive me.
6 Men, ou vle pou yon moun sensè nan tou sa l'ap fè. Tanpri, fè m' konprann tout bagay non!
It’s the innermost truth you desire, give me therefore true wisdom of heart.
7 Wete peche m' lan avèk yon branch izòp, konsa m'a nan kondisyon pou m' fè sèvis pou ou. Lave m', m'a pi blan pase koton.
Purge me clean with hyssop, wash me whiter than snow.
8 Fè m' tande pawòl ki pou fè kè m' kontan an, pawòl ki pou fè m' chante a. Wi, ou te kraze tout zo nan kò m', men w'a fè kè m' kontan ankò.
Fill me with joy and gladness, let the bones you have broken rejoice.
9 Wete peche mwen yo devan je ou. Efase tout fòt mwen fè yo.
Hide your face from my sins, and blot out my guilt altogether.
10 O Bondye, pa kite okenn move lide nan kè m'. Mete bon lide nan tèt mwen, pou m' sa kenbe fèm.
Create me a clean heart, O God, put a new steadfast spirit within me.
11 Pa voye m' jete. Pa wete lespri ou te ban mwen an.
Cast me not forth from your presence, withdraw not your holy spirit.
12 Sove m'. Fè kè m' kontan ankò. Ban m' bon lide ki pou fè m' toujou obeyisan.
Give me back the joy of your help, with a willing spirit sustain me.
13 Lè sa a, m'a moutre moun k'ap fè peche yo tout kòmandman ou yo, pou yo sa tounen vin jwenn ou.
I will teach your ways to transgressors, and sinners shall turn to you.
14 Pa kite yo tire revanj sou mwen, Bondye, se ou k'ap sove lavi m'. N'a fè konnen jan ou gen bon kè.
Save me from blood, O God, and my tongue shall ring out your faithfulness.
15 Seyè mwen, mete pawòl nan bouch mwen pou m' ka fè lwanj ou.
Open my lips, O Lord, and my mouth shall declare your praise.
16 Si se bèt ou ta vle yo touye pou ofri ou, mwen ta ofri bèt ba ou. Men, ou pa pran plezi nan vyann bèt y'ap boule ofri ba ou yo.
For in sacrifice you have no pleasure, in gifts of burnt-offering no delight.
17 Ofrann ki fè Bondye plezi, se lè yon moun soumèt tèt li devan li. Bondye, ou p'ap janm meprize moun ki soumèt tèt li devan ou, moun ki rekonèt tò li.
The sacrifice pleasing to God is a spirit that is broken; a heart that is crushed, O God, you will not despise.
18 O Bondye, fe anpil byen pou mòn Siyon, paske ou gen bon kè. Rebati miray lavil Jerizalèm yo.
Do good in your pleasure to Zion, build the walls of Jerusalem.
19 Se lè sa a w'a pran plezi nan ofrann bèt ou mande pou yo touye pou ou yo, nan vyann bèt ak lòt ofrann y'ap boule nèt pou ou yo. Se lè sa a y'a ofri jenn towo bèf sou lotèl ou a.
Then will you welcome the due forms of sacrifice, then on your altars shall bullocks be offered.

< Sòm 51 >