< Sòm 22 >

1 Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante l' sou lè chante ki di: Nan granmaten yon fenmèl kabrit. Se yon sòm David. Bondye, Bondye m', poukisa ou lage m' konsa? Poukisa ou rete lwen konsa, san pote m' sekou, san koute jan m'ap plenn lan?
For the leader; set to “Deer of the Dawn”. A psalm of David. My God, my God, why have you left me, my rescue so far from the words of my roaring?
2 Tout lajounen m'ap rele ou, Bondye mwen, ou pa reponn. Tout lannwit m'ap rele, mwen pa ka dòmi.
I cry in the day, you do not answer, I cry in the night but find no rest.
3 Men, se ou menm ki Bondye, ou chita sou fotèy ki apa pou ou a. Pèp Izrayèl la ap fè lwanj ou.
You are the Holy One, throned on the praises of Israel.
4 Zansèt nou yo te mete konfyans yo nan ou. Yo te fè ou konfyans, ou te sove yo.
In you our ancestors trusted, they trusted and you delivered them.
5 Lè yo te kriye nan pye ou, ou te wete yo nan move pa. Wi, yo te mete konfyans yo nan ou, yo pa t' janm regrèt yo te fè sa.
They cried to you, and found safety, in you did they trust and were not put to shame.
6 Men, se pa moun mwen ye ankò, se yon vètè mwen tounen. Tout moun ap meprize m', tout moun ap pase m' nan betiz.
But I am a worm, not a person; insulted by others, despised by the people.
7 Tout moun ki wè m' pase m' nan rizib. Y'ap lonje dwèt sou mwen, y'ap fè siy sou mwen.
All who see me mock me, with mouths wide open and wagging heads:
8 Y'ap di m' konsa: -Jan ou te konte sou Seyè a, poukisa li pa delivre ou? Si Seyè a renmen ou, poukisa li pa ede ou?
‘He relies on the Lord; let him save him. Let him rescue the one he holds dear!’
9 Se ou menm ki te fè m' soti san danje nan vant manman m'. Se ou menm ankò ki te pwoteje m' lè m' te nan tete.
But you drew me from the womb, laid me safely on my mother’s breasts.
10 Depi nan vant manman m', se ou menm k'ap pwoteje m'. Depi anvan mwen te fèt, se ou menm ki Bondye mwen.
On your care was I cast from my very birth, you are my God from my mother’s womb.
11 Pa rete lwen m' konsa. Malè prèt pou tonbe sou mwen, mwen pa gen pesonn pou ede m'.
Be not far from me, for trouble is nigh, and there is none to help.
12 Lènmi m' yo anpil, yo sènen m' toupatou. Yo tankou gwo towo bèf peyi Bazan. Kote m' vire yo la.
I am circled by many bulls, beset by the mighty of Bashan,
13 Yo louvri bouch yo, ou ta di se lyon k'ap gwonde, ki prèt pou dechire mwen.
who face me with gaping jaws, like ravening roaring lions.
14 Mwen pèdi tout fòs mwen, tankou dlo ki tonbe atè. Tout zo nan kò m' dejwente. Mwen santi kè m' ap kase, tout zantray mwen ap bouyi.
Poured out am I like water, and all my bones are loosened. My heart is become like wax, melted within me.
15 Fòs mwen ap cheche, tankou labou nan solèy. Lang mwen kole nan fon bouch mwen. Mwen santi m' prèt pou mouri.
My palate is dry as a sherd, my tongue sticks to my jaws; in the dust of death you lay me.
16 Tankou yon bann chen, mechan yo sènen m'. Bann mechan yo fèmen m' toupatou. Yo kraze de men m' ak de pye m' yo.
For dogs are round about me, a band of knaves encircles me, gnawing my hands and my feet.
17 Tout zo nan kò m' parèt. Y'ap gade m', y'ap veye m'.
I can count my bones, every one. As for them, they feast their eyes on me.
18 Y'ap separe rad mwen ant yo menm, y'ap tire osò pou rad mwen an.
They divide my garments among them, and over my raiment cast lots.
19 Pa rete lwen m' konsa, Seyè. Ou menm ki tout fòs mwen, prese vin pote m' sekou.
But you, O Lord, be not far, O my strength, hasten to help me.
20 Pa kite yo touye m' ak kout nepe. Pa kite chen yo devore m'.
Deliver my life from the sword my life from the power of the dogs.
21 Wete m' nan bouch lyon yo. Delivre m' anba towo savann sa yo. Ou reponn mwen, Seyè!
Save me from the jaws of the lion, from the horns of the wild oxen help me.
22 M'a di frè m' yo tout sa ou te fè pou mwen. M'a fè lwanj ou lè yo tout reyini ansanm.
I will tell of your fame to my kindred, and in the assembly will praise you.
23 Nou tout ki gen krentif pou Seyè a, fè lwanj li. Nou tout pitit pitit Jakòb yo, chante pou li. Nou tout pèp Izrayèl la, adore li.
Praise the Lord, you who fear him. All Jacob’s seed, give him glory. All Israel’s seed, stand in awe of him.
24 Li pa meprize pòv yo, li pa fèmen je l' sou soufrans yo. Li pa rete lwen yo. Lè yo rele l', li reponn.
For he has not despised nor abhorred the sorrow of the sorrowful. He hid not his face from me, but he listened to my cry for help.
25 M'a fè lwanj ou pou sa ou fè, nan mitan tout moun yo lè yo reyini. M'a fè sa mwen te pwomèt ou yo, devan tout moun ki gen krentif pou ou yo.
Of you is my praise in the great congregation; my vows I will pay before those who fear him.
26 Pòv yo va manje mezi yo kapab. Moun k'ap chache Seyè a va fè lwanj li. Y'a viv ak kè poze pou tout tan.
The afflicted will eat to their heart’s desire, and those who seek after the Lord will praise him. Lift up your hearts forever.
27 Tout nasyon va chonje sa Seyè a te fè. Toupatou sou latè yo pral tounen vin jwenn li. Moun tout peyi va adore li.
All will call it to mind, to the ends of the earth, and turn to the Lord; and all tribes of the nations will bow down before you.
28 Se Seyè a ki wa. Se li ki donminen sou tout nasyon.
For the kingdom belongs to the Lord: he is the Lord of the nations.
29 Tout grannèg sou latè va bese tèt devan li. Yo tout ki la pou mouri, yo tout ki la pou al anba tè, yo pral adore li.
To him will bow down all who sleep in the earth, and before him bend all who go down to the dust, and those who could not preserve their lives.
30 Jenerasyon k'ap vini yo va sèvi li. Moun va rakonte istwa Seyè a bay pitit yo.
My descendants will tell of the Lord to the next generation;
31 Pitit yo menm, lè y'a fè pitit, y'a fè konnen jan Seyè a te delivre yo ansanm ak tou sa li te fè pou yo.
they will declare his righteousness to people yet to be born: He has done it.

< Sòm 22 >