< Proverbes 15 >

1 Une réponse douce apaise la fureur; mais la parole dure excite la colère.
Yon bon repons dous ap kalme yon moun ki ankòlè. Men, si ou reponn li rèd, w'ap fè l' pi eksite.
2 La langue des sages embellit la science; mais la bouche des insensés ne prononce que folie.
Pawòl ki soti nan bouch moun ki gen bon konprann fè ou anvi konnen tou. Men, pawòl ki soti nan bouch moun san konprann, se pawòl san sans.
3 Les yeux de l'Éternel sont en tous lieux; ils contemplent les méchants et les bons.
Je Seyè a toupatou, l'ap veye tout moun, bon kou mechan.
4 Une langue qui corrige est comme l'arbre de vie; mais une langue perverse est comme un vent qui brise tout.
Bon pawòl yon zanmi bay lavi. Men, move pawòl demanbre.
5 L'insensé méprise l'instruction de son père; mais celui qui prend garde à la réprimande deviendra prudent.
Moun fou pa koute lè papa yo ap pale yo. Men, moun ki gen bon konprann koute lè y'ap rale zòrèy yo.
6 Il y a grande abondance dans la maison du juste; mais il y a du trouble dans le revenu du méchant.
Moun ki mache dwat ap toujou gen sa yo bezwen an kantite lakay yo. Men, tou sa mechan yo genyen se tèt chaje pou yo.
7 Les lèvres des sages sèment la science; mais il n'en est pas ainsi du cœur des insensés.
Lè moun ki gen bon konprann yo ap pale, se konesans y'ap bay. Men, se pa menm bagay pou moun ki san konprann yo.
8 Le sacrifice des méchants est en abomination à l'Éternel; mais la requête des hommes droits lui est agréable.
Seyè a pa ka sipòte lè mechan yo ap ofri bèt pou touye pou li. Men, sa fè l' plezi anpil lè moun k'ap mache dwat yo ap lapriyè nan pye l'.
9 La voie du méchant est en abomination à l'Éternel; mais il aime celui qui s'adonne à la justice.
Seyè a pa ka sipòte jan mechan yo ap viv la. Men, li renmen moun k'ap fè sa ki dwat devan li.
10 Un châtiment sévère attend celui qui quitte le droit chemin; et celui qui hait d'être repris, mourra.
Moun ki fè sa ki mal mèt pare tann pinisyon yo. Men, moun ki pa ka sipòte pou yo pini yo pa lwen mouri.
11 Le séjour des morts et l'abîme sont devant l'Éternel; combien plus les cœurs des enfants des hommes? (Sheol h7585)
Seyè a konnen sa k'ap pase nan twou san fon an ak nan peyi kote mò yo ye a. Ou pa bezwen mande si l' pa konnen sa k'ap pase nan kè moun. (Sheol h7585)
12 Le moqueur n'aime point qu'on le reprenne, et il n'ira jamais vers les sages.
Moun k'ap pase moun nan betiz pa renmen moun rale zòrèy yo. Yo pa janm mande moun ki gen bon konprann konsèy.
13 Le cœur joyeux embellit le visage; mais la tristesse du cœur abat l'esprit.
Lè kè ou kontan, yo wè sa sou figi ou. Lè ou nan lapenn, ou kagou.
14 Un cœur intelligent cherche la science; mais la bouche des fous se repaît de folie.
Yon moun ki gen konprann toujou ap chache gen konesans. Men, moun sòt pran plezi nan pale koze san sans.
15 Tous les jours de l'affligé sont mauvais; mais un cœur joyeux est un festin continuel.
Lè ou nan lafliksyon, chak jou se pwoblèm. Men, lè kè ou kontan, lavi se yon fèt pou ou.
16 Peu, avec la crainte de l'Éternel, vaut mieux qu'un grand trésor, avec lequel il y a du trouble.
Pito ou pa gen anpil byen men ou gen krentif pou Bondye pase pou ou rich epi pou ou nan tèt chaje.
17 Mieux vaut un repas d'herbes, où il y a de l'amitié, qu'un festin de bœuf engraissé où il y a de la haine.
Pito ou manje mayi moulen blanch ak moun ki renmen ou pase pou ou manje vyann ou byen gra ak moun ki rayi ou.
18 L'homme violent excite les disputes; mais celui qui est lent à la colère apaise les querelles.
Yon moun ki gen san wo toujou ap pouse dife. Men, moun ki pa fè kòlè fasil toujou ap mete lapè.
19 La voie du paresseux est comme une haie de ronces; mais le sentier des hommes droits est comme un chemin battu.
Lè ou parese, ou wè pwoblèm toupatou. Men, pou moun ki pa pè travay, pa gen pwoblèm ki pou rete l'.
20 L'enfant sage réjouit son père; mais l'homme insensé méprise sa mère.
Yon pitit byen elve fè kè papa l' kontan. Men, yon moun ki san konprann meprize manman l'.
21 La folie est la joie de celui qui est dépourvu de sens; mais l'homme prudent suit le droit chemin.
Moun ki san konprann kontan lè y'ap aji tankou moun fou. Men, moun ki gen konprann ap toujou fè sa ki dwat.
22 Les projets échouent où manquent les conseils; mais ils s'affermissent lorsqu'il y a beaucoup de conseillers.
Lè ou pa pran konsèy, plan travay ou p'ap mache. Lè ou pran konsèy nan men anpil moun, ou mèt sèten travay ou ap mache byen.
23 On a de la joie à donner une réponse de sa bouche; et qu'une parole dite à propos est bonne!
Ala kontan ou kontan lè ou jwenn yon bon repons pou ou bay! Ala bon sa bon lè ou jwenn yon pawòl ki tonbe daplon!
24 Pour l'homme prudent, le chemin de la vie mène en haut, et lui fait éviter le Sépulcre qui est en bas. (Sheol h7585)
Moun ki gen konprann, se yon chemen moute y'ap swiv, chemen lavi a. Yo pa pran chemen desann, chemen lanmò a. (Sheol h7585)
25 L'Éternel démolit la maison des orgueilleux; mais il affermit les bornes de la veuve.
Seyè a ap disparèt moun awogan yo ansanm ak tout fanmi yo. Men, l'ap pwoteje kay fanm ki pèdi mari yo.
26 Les pensées du méchant sont en abomination à l'Éternel; mais les paroles pures lui sont agréables.
Seyè a pa ka sipòte lide mechan yo gen nan tèt yo. Men, sa fè l' plezi pou l' tande pawòl moun ki san repwòch.
27 Celui qui est adonné au gain déshonnête, trouble sa maison; mais celui qui hait les présents vivra.
Moun k'ap kouri dèyè lajan, se traka y'ap chache bay fanmi yo. Men, moun ki refize kite yo achte l' ap viv lontan.
28 Le cœur du juste médite ce qu'il doit répondre; mais la bouche des méchants profère des choses mauvaises.
Yon moun ki dwat kalkile anvan li bay repons. Men, mechan yo prese bay move pawòl.
29 L'Éternel s'éloigne des méchants; mais il exauce la requête des justes.
Lè mechan yo ap lapriyè, Seyè a pa sou bò yo. Men, li pare zòrèy li pou l' koute sa moun ki mache dwat yo ap di l'.
30 La lumière des yeux réjouit le cœur, et une bonne nouvelle engraisse les os.
Ou kontan lè ou wè moun ki kontan wè ou. Ou santi w'ap viv lè ou resevwa bon nouvèl.
31 L'oreille qui écoute la réprimande qui donne la vie, habitera parmi les sages.
Moun ki koute lè y'ap rale zòrèy yo pou byen yo va jwenn yon plas nan sosyete moun ki gen bon konprann.
32 Celui qui rejette l'instruction, méprise son âme; mais celui qui écoute la réprimande, acquiert du sens.
Moun ki refize mache sou prigad yo rayi tèt yo. Men, moun ki asepte lè yo rale zòrèy yo ap vin gen plis konprann.
33 La crainte de l'Éternel enseigne la sagesse, et l'humilité va devant la gloire.
Lè ou gen krentif pou Bondye, ou deja konprann anpil bagay. Lè ou soumèt devan Bondye, moun va fè lwanj ou.

< Proverbes 15 >