< Proverbes 14 >

1 Toute femme sage bâtit sa maison; mais la folle la renverse de ses mains.
Bon konprann yon fanm fè kay li mache byen. Men, yon fanm sòt ap kraze kay li ak pwòp men li.
2 Celui qui marche dans la droiture, révère l'Éternel; mais celui dont les voies sont perverses, le méprise.
Moun ki mache dwat, se yo ki gen krentif pou Seyè a. Men, moun k'ap mache kwochi pa pran Bondye pou anyen.
3 La bouche de l'insensé est une verge pour son orgueil; mais les lèvres des sages les gardent.
Pawòl nan bouch moun san konprann, se fwèt pou dèyè yo. Men, pawòl nan bouch moun ki gen bon konprann, se pwoteksyon yo.
4 Où il n'y a point de bœuf, la grange est vide; mais la force du bœuf fait abonder le revenu.
Kote ki pa gen bèf pou rale chari pa gen rekòt. Lè bèt ou anfòm w'ap fè bon rekòt.
5 Le témoin fidèle ne ment jamais; mais le faux témoin avance des faussetés.
Yon bon temwen p'ap bay manti. Yon fo temwen p'ap di verite.
6 Le moqueur cherche la sagesse et ne la trouve point; mais la science est aisée à trouver pour un homme entendu.
Moun ki gen lògèy plen kè yo, yo mèt chache konesans, yo p'ap janm jwenn li. Men, pou moun ki gen lespri, se bagay fasil.
7 Éloigne-toi de l'homme insensé, puisque tu ne connais pas en lui de paroles sages.
Pa pwoche bò kote moun san konprann. Se pa anba bouch yo w'ap pran anyen.
8 La sagesse d'un homme habile est de prendre garde à sa voie; mais la folie des insensés, c'est la fraude.
Moun ki gen bon konprann konnen sa l'ap fè. Moun sòt mete nan tèt li li konnen, men se tèt li l'ap twonpe.
9 Les insensés se raillent du péché; mais la bienveillance est parmi les hommes droits.
Moun sòt pran peche sèvi jwèt. Men, moun k'ap mache dwat pare pou rekonèt tò yo.
10 Le cœur de chacun sent l'amertume de son âme; et un autre n'aura point de part à sa joie.
Lè ou nan lapenn, se ou ki konnen sa w'ap soufri. Konsa tou, lè kè ou kontan, pesonn pa ka kontan avè ou.
11 La maison des méchants sera détruite; mais la tente des hommes droits fleurira.
Fanmi mechan yo gen pou disparèt. Men, fanmi moun k'ap mache dwat yo gen pou devlope.
12 Il y a telle voie qui semble droite à l'homme, mais dont l'issue est la voie de la mort.
Chemen ou kwè ki bon an, se li ki mennen tou dwat nan lanmò.
13 Même en riant le cœur sera triste; et la joie finit par l'ennui.
Ou mèt ap ri, kè ou ka nan lapenn. Apre kontantman, se kè sere.
14 Celui qui a le cœur pervers, sera rassasié de ses voies; mais l'homme de bien se rassasie de ce qui est en lui-même.
Moun k'ap fè sa ki mal ap jwenn sa l'ap chache a. Konsa tou, moun k'ap fè byen an ap jwenn rekonpans li.
15 Un homme simple croit tout ce qu'on dit; mais l'homme bien avisé considère ses pas.
Yon moun sòt ap kwè tou sa yo di l'. Men, moun ki gen konprann veye kote l'ap mete pye l'.
16 Le sage craint, et il évite le mal; mais l'insensé est arrogant et plein de sécurité.
Moun ki gen bon konprann pran prekosyon yo, yo egzante malè. Moun sòt yo awogan, yo toujou konprann zafè yo bon.
17 L'homme emporté fait des folies; et l'homme rusé est haï.
Lè yon moun gen san wo, l'ap toujou fè betiz. Men, moun ki kalkile anvan ap toujou rete kè pòpòz.
18 Les imprudents possèdent la folie; mais les bien avisés sont couronnés de science.
Moun san konprann aji tankou moun fou. Men, rekonpans moun ki gen lespri se konesans.
19 Les méchants seront humiliés devant les bons, et les impies seront aux portes du juste.
Move moun gen pou wete chapo devan bon moun. Moun mechan gen pou bese tèt devan moun k'ap mache dwat yo.
20 Le pauvre est haï, même de son ami; mais les amis du riche sont en grand nombre.
Lè ou pòv, ou pa gen zanmi. Lè ou rich, ou plen zanmi.
21 Celui qui méprise son prochain, s'égare; mais celui qui a pitié des affligés, est heureux.
Se yon peche ou fè lè ou meprize frè parèy ou. Men, ala bon sa bon pou moun ki gen pitye pou pòv malere!
22 Ceux qui machinent du mal, ne se fourvoient-ils pas? Mais la miséricorde et la vérité seront pour ceux qui procurent le bien.
Lè w'ap chache fè sa ki mal, ou pèdi chemen ou. Men, lè w'ap chache fè sa ki byen, moun ap toujou renmen ou, yo p'ap janm lage ou.
23 En tout travail il y a quelque profit; mais les vains discours ne tournent qu'à disette.
Travay, w'a jwenn tou sa ou bezwen. Rete chita ap pale anpil ap rann ou pòv.
24 La richesse est une couronne pour le sage; mais la folie des insensés est toujours folie.
Rekonpans moun ki gen konprann se konesans. Moun san konprann ap toujou aji tankou moun sòt.
25 Le témoin fidèle délivre les âmes; mais celui qui prononce des mensonges, n'est que tromperie.
Lè yon temwen di laverite, li sove lavi inonsan. Lè li bay manti, li twonpe jij yo.
26 Il y a une ferme assurance dans la crainte de l'Éternel; et il y aura une sûre retraite pour les enfants de celui qui le craint.
Lè yon moun gen krentif pou Bondye, li gen kote pou l' apiye. Pitit li yo ap jwenn pwoteksyon bò kot Bondye.
27 La crainte de l'Éternel est une source de vie, pour détourner des pièges de la mort.
Gen krentif pou Bondye, w'a gen lavi. Ou p'ap tonbe lè lavi ou an danje.
28 Dans la multitude du peuple est la gloire d'un roi; mais quand le peuple manque, c'est la ruine du prince.
Tout pouvwa yon wa, se lè peyi l'ap kòmande a gen anpil moun. Men, lè pa gen moun nan peyi a, wa a pa vo anyen.
29 Celui qui est lent à la colère est d'un grand sens; mais celui qui est prompt à se courroucer, étale sa folie.
Moun ki pa fè kòlè fasil, se moun ki gen bon konprann. Men, moun ki gen san wo fè wè jan li sòt.
30 Un cœur tranquille est la vie du corps; mais l'envie est la carie des os.
Lè ou gen kè ou poze, ou kenbe kò ou an sante. Men, anvye sò lòt moun se tankou yon maladi k'ap manje ou nan zo.
31 Celui qui fait tort au pauvre, déshonore celui qui l'a fait; mais celui-là l'honore qui a pitié du nécessiteux.
Lè w'ap peze pòv malere, se Bondye ki fè l' la w'ap derespekte. Men, lè ou aji byen ak pòv, se pi bèl sèvis ou ka rann Bondye.
32 Dans le malheur, le méchant est renversé; mais le juste reste en assurance, même dans la mort.
Mechanste mechan an, se sa k'ap jete l' atè. Men, moun ki fè sa ki byen, y'ap pwoteje l' menm lè lavi l' an danje.
33 La sagesse repose dans le cœur de l'homme entendu; elle est même reconnue au milieu des insensés.
Moun ki gen konprann, se tout tan y'ap chache konnen. Men, moun sòt pa chache konnen anyen.
34 La justice élève une nation; mais le péché est la honte des peuples.
Lè gen jistis nan yon peyi, sa leve peyi a. Men, peche lenjistis se yon wont pou yon nasyon.
35 La faveur du roi est pour le serviteur prudent; mais il aura de l'indignation contre celui qui lui fait honte.
Wa a kontan lè moun k'ap travay avè l' yo fè travay yo byen. Men, l'ap move sou moun k'ap fè travay yo mal.

< Proverbes 14 >