< 2 Rois 19 >

1 Lorsque le roi Ézéchias eut entendu ces choses, il déchira ses vêtements, il se couvrit d'un sac, et entra dans la maison de l'Éternel.
Lè wa Ezekyas tande pawòl sa yo, li chire rad sou li tèlman sa te fè l' lapenn, li mete yon rad sak sou li, epi l' al nan tanp Seyè a.
2 Puis il envoya Éliakim, le préfet du palais, et Shebna, le secrétaire, et les anciens d'entre les sacrificateurs, couverts de sacs, vers Ésaïe, le prophète, fils d'Amots.
Li voye Elyakim, chèf moun k'ap travay nan palè a, ak Chebna, sekretè a, ansanm ak chèf prèt yo, bò kote pwofèt Ezayi, pitit Amòz la. Yo tout te gen rad sak sou yo.
3 Et ils lui dirent: Ainsi dit Ézéchias: Ce jour est un jour d'angoisse, de châtiment et d'opprobre; car les enfants sont venus jusqu'au moment de naître; mais il n'y a point de force pour enfanter.
Men mesaj Ezekyas te ba yo pou Ezayi: —Jodi a se jou malè pou nou! Bondye ap peni nou. Se yon wont pou nou. Nou tankou yon fanm ansent ki deja kase lèzo, men ki pa gen fòs pou li pouse pitit la soti.
4 Peut-être l'Éternel ton Dieu aura entendu toutes les paroles de ce Rabshaké, que le roi d'Assyrie, son maître, a envoyé pour insulter le Dieu vivant, et peut-être que l'Éternel, ton Dieu, châtiera les paroles qu'il a entendues. Fais donc monter une prière en faveur de ce qui reste encore.
Wa peyi Lasiri a te voye chèf gad palè li a manke Bondye vivan an dega. Se pou Seyè a, Bondye ou la, tande tout jouman sa yo. Se pou l' peni moun ki di pawòl sa yo. Ou menm, lapriyè pou rès moun pèp nou an ki vivan toujou.
5 Les serviteurs du roi Ézéchias vinrent donc vers Ésaïe; et Ésaïe leur dit: Vous parlerez ainsi à votre maître:
Lè moun wa Ezekyas yo al jwenn Ezayi,
6 Ainsi a dit l'Éternel: Ne crains point à cause des paroles que tu as entendues, par lesquelles les serviteurs du roi d'Assyrie m'ont outragé.
men repons Ezayi ba yo pou wa Ezekyas: —Men sa Seyè a voye di ou: Ou pa bezwen pè tout pawòl ou tande yo, tout jouman moun wa Lasiri yo di sou mwen.
7 Voici, je vais mettre en lui un esprit tel, qu'ayant appris une nouvelle, il retournera dans son pays; et je le ferai tomber par l'épée dans son pays.
Mwen pral fè wa Lasiri a tande yon sèl nouvèl, li pral kouri tounen nan peyi l'. Rive li rive, m'ap fè yon moun touye l'.
8 Rabshaké s'en retourna donc, et trouva le roi des Assyriens qui assiégeait Libna. Car il avait appris qu'il était parti de Lakis.
Chèf gad palè a te vin konnen wa Lasiri a te pati kite Lakis pou l' t al atake lavil Libna. Se la l' al jwenn wa a,
9 Or le roi entendit dire au sujet de Thirhaca, roi d'Éthiopie: Voici, il est sorti pour te combattre. C'est pourquoi Sanchérib envoya de nouveau des messagers à Ézéchias, et leur dit:
paske wa a te pran nouvèl Tiraka, wa peyi Letiopi a, t'ap moute vin atake l'. Wa a voye lòt mesaje ankò bò kote Ezekyas.
10 Vous parlerez ainsi à Ézéchias, roi de Juda: Que ton Dieu, en qui tu te confies, ne t'abuse pas, en disant: Jérusalem ne sera point livrée aux mains du roi d'Assyrie.
Li di yo: —Men mesaj n'a bay Ezekyas, wa peyi Jida a, pou mwen. Ou mèt tande Bondye ou la, Bondye ou fè konfyans la, di ou Jerizalèm p'ap tonbe nan men wa Lasiri a, pa kite l' twonpe ou.
11 Voici, tu as entendu ce que les rois d'Assyrie ont fait à tous les pays: ils les ont détruits entièrement; et toi, tu échapperais!
Ou te pran nouvèl sa wa Lasiri yo te fè tout lòt peyi anvan ou yo. Yo te soti pou detwi yo nèt. Atò, se ou menm ki pou ta chape anba men m!
12 Les dieux des nations que mes ancêtres ont détruites, les dieux de Gozan, de Charan, de Retseph et des enfants d'Éden, qui sont en Thélassar, les ont-ils délivrées?
Lè zansèt mwen yo te touye dènye moun nan lavil Gozan, nan lavil Aran, nan lavil Rezèf ak dènye moun Betedenn yo ki rete lavil Telasa, èske bondye nasyon sa yo te delivre yo?
13 Où sont le roi de Hamath, le roi d'Arpad, et le roi de la ville de Sépharvaïm, de Héna et d'Ivva?
Kote wa lavil Amak la, wa lavil Apad la, wa lavil Sefarayim lan, wa lavil Ena a ak wa lavil Iva a?
14 Or quand Ézéchias eut reçu la lettre de la main des messagers, et qu'il l'eut lue, il monta à la maison de l'Éternel; et Ézéchias la déploya devant l'Éternel.
Ezekyas pran lèt la nan men mesaje yo, li li l'. Apre sa, li pati al nan tanp lan, li mete lèt la devan lotèl Seyè a.
15 Puis Ézéchias fit sa prière à l'Éternel et dit: Éternel, Dieu d'Israël, qui sièges entre les chérubins, toi seul, tu es le Dieu de tous les royaumes de la terre; c'est toi qui as fait les cieux et la terre.
Epi li lapriyè Seyè a, li di l' konsa: —Seyè ki gen tout pouvwa, Bondye pèp Izrayèl la, ou menm ki chita sou fotèy zanj cheriben yo ap pote sou zepòl yo a, se ou menm sèl Bondye k'ap gouvènen tout peyi sou latè. Se ou menm ki fè syèl la ak latè a.
16 Éternel, incline ton oreille et écoute! Éternel, ouvre tes yeux et regarde! Écoute les paroles de Sanchérib, de celui qu'il a envoyé pour insulter le Dieu vivant.
Panche zòrèy ou non, Seyè, pou ou tande. Louvri je ou pou ou wè. Koute pawòl Senakerib voye di m', pawòl ki manke Bondye vivan an dega!
17 Il est vrai, ô Éternel, que les rois d'Assyrie ont ravagé les nations et leurs pays,
Nou konnen, Seyè, wa peyi Lasiri yo te fini ak anpil nasyon, yo te detwi peyi yo.
18 Et qu'ils ont jeté leurs dieux au feu; car ce n'étaient pas des dieux, mais l'ouvrage des mains de l'homme, du bois et de la pierre; aussi les ont-ils détruits.
Yo te boule tout bondye yo paske se pa t' bondye yo te ye. Se estati fèt an bwa ak an wòch moun te fè ak men yo. Se poutèt sa yo te rive detwi yo.
19 Maintenant donc, ô Éternel, notre Dieu, je te prie, délivre-nous de la main de Sanchérib, et que tous les royaumes de la terre sachent que c'est toi, ô Éternel, qui es le seul Dieu!
Koulye a, Seyè, Bondye nou an, tanpri, delivre nou anba men Senakerib, pou tout nasyon ki sou latè ka konnen se ou menm sèl, Seyè, ki Bondye.
20 Alors Ésaïe, fils d'Amots, envoya dire à Ézéchias: Ainsi a dit l'Éternel, le Dieu d'Israël: J'ai entendu la prière que tu m'as faite au sujet de Sanchérib, roi d'Assyrie.
Lè sa a, Ezayi, pitit Amòz la, voye mesaj sa a bay Ezekyas: —Ou te lapriyè Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, pou Senakerib, wa peyi Lasiri a. Men repons li voye ba ou.
21 C'est ici la parole que l'Éternel a prononcée contre lui: Elle te méprise, elle se rit de toi, la vierge fille de Sion; elle hoche la tête après toi, la fille de Jérusalem.
Men pawòl Seyè a di sou Senakerib: Lavil Jerizalèm ki sou mòn Siyon an ap ri ou, l'ap pase ou nan rizib. Moun lavil Jerizalèm yo ap rele chalbari dèyè ou.
22 Qui as-tu insulté et outragé? Et contre qui as-tu élevé la voix? Tu as porté les yeux en haut sur le Saint d'Israël.
Ki moun ou konprann ou derespekte, ou joure konsa? Sou ki moun ou pale fò konsa? Ki moun w'ap klere je ou gade konsa? Se sou Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa.
23 Par tes messagers tu as insulté le Seigneur, et tu as dit: Avec la multitude de mes chars, je monterai au sommet des montagnes, aux retraites du Liban; je couperai ses plus hauts cèdres et ses plus beaux cyprès; j'atteindrai sa dernière cime, la forêt de son jardin.
Ou voye moun ou yo vin manke Bondye dega. Ou deklare: O wi, avèk tout kalite cha lagè m' yo, mwen moute sou tèt tout mòn, ata sou tèt mòn Liban an. Mwen koupe pi gwo pye sèd li yo, pi bèl pye rezen li yo. Mwen rive jouk anwo nèt sou tèt li, nan mitan rakbwa li yo ki tankou bèl jaden.
24 J'ai creusé, et j'ai bu les eaux étrangères; et j'ai tari de la plante de mes pieds tous les fleuves de l'Égypte.
Mwen fouye pi nan peyi moun lòt nasyon yo, mwen bwè dlo. Mwen cheche dlo nan tout larivyè Lejip yo pou sòlda mwen yo pase san pye yo pa mouye.
25 N'as-tu pas appris que j'ai préparé ceci dès longtemps, et que dès les temps anciens, j'en ai formé le dessein? Maintenant je le fais arriver, et tu es là pour réduire les villes fortes en monceaux de ruines.
Ou pa t' konnen gen lontan depi mwen te fè lide pou tou sa te rive? Gen lontan depi sa te nan tèt mwen? Koulye a, mwen kite sa rive, pou m' te ka kraze tout lavil ak ranpa yo pou fè yo tounen yon pil demoli.
26 Leurs habitants, privés de force, sont épouvantés et confus; ils sont comme l'herbe des champs et la tendre verdure, comme l'herbe des toits et le blé brûlés avant de se former en tiges.
Moun ki te rete la te san fòs. Yo te pè, yo pa t' konn sa pou yo fè. Yo te tankou raje nan jaden, tankou zèb gazon, tankou raje k'ap pouse sou do kay, tankou pye mayi ki cheche anvan li mete zepi.
27 Mais je connais ta demeure, ta sortie et ton entrée, et ta fureur contre moi.
Mwen konnen lè ou leve, mwen konnen lè ou chita. Mwen konnen lè ou soti, mwen konnen lè ou antre. Mwen pran nouvèl jan ou fin anraje sou mwen.
28 Parce que tu es en fureur contre moi, et que ton insolence est montée à mes oreilles, je mettrai ma boucle à tes narines et mon frein entre tes lèvres; et je te ferai retourner par le chemin par lequel tu es venu.
Koulye a, mwen vin konnen jan ou move sou mwen, jan ou vin awogan. Se poutèt sa, mwen mete yon fè won nan bwa nen ou, ak yon mò nan bouch ou. Mwen pral fè ou pran menm chimen ou te pran pou vini an pou ou tounen.
29 Et voici le signe que tu en auras, ô Ézéchias. On mangera cette année ce qui viendra de soi-même aux champs; et la seconde année, ce qui croîtra encore sans qu'on sème; mais, la troisième année, vous sèmerez et vous moissonnerez, vous planterez des vignes et vous en mangerez le fruit.
Apre sa, Izayi di wa Ezekyas konsa: —Men sa ki pral sèvi yon siy pou ou. Lanne sa a, n'a manje rès grenn ki te tonbe atè. Lanne k'ap vin apre sa a, n'a manje grenn nou pa t' plante. Men, apre sa ankò, n'a ka plante, n'a ka fè rekòt. N'a plante pye rezen, n'a manje rezen.
30 Et ce qui sera réchappé et demeuré de reste à la maison de Juda, poussera ses racines en bas, et produira ses fruits en haut.
Rès moun peyi Jida ki va chape yo va pran pye. Y'a kanpe ankò.
31 Car il sortira de Jérusalem quelque reste, et de la montagne de Sion quelques réchappés. La jalousie de l'Éternel des armées fera cela.
Va gen yon ti rès moun nan lavil Jerizalèm ak sou mòn Siyon an ki va chape. Se Seyè ki gen tout pouvwa a ki soti pou fè sa, paske li renmen ou anpil.
32 C'est pourquoi, ainsi dit l'Éternel touchant le roi d'Assyrie: Il n'entrera point dans cette ville, il n'y jettera point de flèche, il ne lui présentera point le bouclier, il n'élèvera point de terrasse contre elle.
Men sa Seyè a di sou wa peyi Lasiri a: Li p'ap mete pye l' nan lavil sa a. Li p'ap gen tan voye yon sèl grenn flèch sou li. P'ap gen yon sèl sòlda ak plak pwotèj k'ap pwoche bò kote l'. Ni yo p'ap fouye twou pou sènen l'.
33 Il s'en retournera par où il est venu, et il n'entrera point dans cette ville, dit l'Éternel.
Chemen li te pran pou l' vini an, se li menm l'ap pran pou l' tounen. Li p'ap mete pye l' nan lavil sa a. Se mwen menm, Seyè a menm, ki di sa.
34 Et je protégerai cette ville pour la sauver, à cause de moi et à cause de David, mon serviteur.
M'ap pwoteje lavil sa a. M'ap delivre l' pou m' fè respè tèt mwen, pou m' kenbe pwomès mwen te fè David, sèvitè m' lan.
35 Or, cette même nuit-là, un ange de l'Éternel sortit et frappa dans le camp des Assyriens cent quatre-vingt-cinq mille hommes; et, quand on se leva le matin, voici c'étaient tous des corps morts.
Menm jou sa a, nan mitan lannwit, zanj Seyè a al nan kan moun Lasiri yo, li touye sankatrevensenk mil (185.000) sòlda. Nan maten, lè moun leve se kadav yo ase yo jwenn. Yo tout te mouri.
36 Et Sanchérib, roi des Assyriens, leva son camp, partit, et s'en retourna; et il resta à Ninive.
Senakerib, wa peyi Lasiri a, leve, li pati, li tounen lavil Neniv.
37 Et comme il était prosterné dans la maison de Nisroc, son dieu, Adrammélec et Sharetser, ses fils, le frappèrent avec l'épée; puis ils se sauvèrent au pays d'Ararat. Et Esarhaddon, son fils, régna à sa place.
Yon jou, antan wa a t'ap fè sèvis nan tanp Niswòk, bondye li a, de nan pitit gason l' yo touye l' ak nepe yo, epi yo kouri al kache nan peyi Arara. Yo te rele Adramelèk ak Sarezè. Se yon lòt nan pitit gason li yo ki te rele Asaradon ki moute wa nan plas li.

< 2 Rois 19 >