< 2 Rois 1 >

1 Après la mort d'Achab, les Moabites se révoltèrent contre Israël.
Apre lanmò Akab, wa peyi Izrayèl la, peyi Moab pran lèzam kont moun Izrayèl yo.
2 Or Achazia tomba par le treillis de sa chambre haute, à Samarie, et il en fut malade; et il envoya des messagers, auxquels il dit: Allez, consultez Baal-Zébub, dieu d'Ékron, pour savoir si je relèverai de cette maladie.
Okozyas, wa peyi Izrayèl la, pran yon so, li soti nan balkon lakay li, li tonbe sou twati palè li lavil Samari. Li fraktire nan tout kò l'. Li voye moun al pale ak Baalzeboub, bondye moun Filisti yo ki te gen tanp li lavil Ekwon, pou konnen si l'ap refè.
3 Mais l'ange de l'Éternel dit à Élie, le Thishbite: Lève-toi, monte au-devant des messagers du roi de Samarie, et dis-leur: N'y a-t-il point de Dieu en Israël, que vous alliez consulter Baal-Zébub, dieu d'Ékron?
Men, zanj Seyè a pale ak pwofèt Eli, moun lavil Tichbe a, li di l' konsa: —Leve al kontre mesaje Okozyas, wa peyi Samari a. W'a mande yo si pa gen Bondye nan peyi Izrayèl la kifè yo pral pale ak Baalzeboub, bondye lavil Ekwon an.
4 C'est pourquoi, ainsi a dit l'Éternel: Tu ne descendras point du lit sur lequel tu es monté, mais certainement tu mourras. Et Élie s'en alla.
W'a di yo tou men mesaj Seyè a voye bay wa a: Li p'ap leve sou kabann kote li kouche a paske li pral mouri. Eli leve, li fè sa Seyè a te mande l' fè a.
5 Puis les messagers retournèrent vers Achazia, qui leur dit: Pourquoi revenez-vous?
Lè mesaje yo tounen al jwenn wa a, wa a mande yo: —Poukisa nou tounen?
6 Et ils lui répondirent: Un homme est monté au-devant de nous, et nous a dit: Allez, retournez vers le roi qui vous a envoyés, et dites-lui: Ainsi a dit l'Éternel: N'y a-t-il point de Dieu en Israël, que tu envoies consulter Baal-Zébub, dieu d'Ékron? C'est pourquoi, tu ne descendras point du lit sur lequel tu es monté, mais certainement tu mourras.
Yo reponn li: —Paske nou kontre ak yon nonm sou wout nou ki di nou: Tounen al jwenn wa ki te voye nou an. N'a di li: Men mesaj Seyè a voye ba li: Kouman? Pa gen Bondye nan peyi Izrayèl la kifè ou voye moun al pale ak Baalzeboub, bondye lavil Ekwon an? Poutèt sa ou fè a, ou p'ap leve sou kabann kote ou kouche a, ou pral mouri.
7 Alors le roi leur dit: Comment est cet homme qui est monté au-devant de vous et qui vous a dit ces paroles?
Wa a mande yo: —Moun ki te vin kontre nou an epi ki di nou tout pawòl sa yo, ki jan li te ye?
8 Et ils lui dirent: C'est un homme vêtu de poil, et ayant autour de ses reins une ceinture de cuir. Et il dit: C'est Élie, le Thishbite.
Msye yo reponn li: —Li te gen yon gwo rad fèt ak po bèt sou li ak yon sentiwon po bèt mare nan ren l'. Wa a di: —Se Eli, moun lavil Tichbe a.
9 Alors il envoya vers lui un capitaine de cinquante hommes, avec ses cinquante hommes, qui monta vers lui. Or voici, Élie se tenait sur le haut de la montagne. Et le capitaine lui dit: Homme de Dieu, le roi a dit que tu descendes.
Li voye yon kaptenn ak senkant sòlda al chache Eli. Lè yo rive, yo jwenn Eli chita sou tèt yon ti mòn. Yo di li konsa: —Sèvitè Bondye, wa a pase ou lòd pou ou desann.
10 Mais Élie répondit, et dit au capitaine des cinquante hommes: Si je suis homme de Dieu, que le feu descende des cieux et te consume, toi et tes cinquante hommes. Et le feu descendit des cieux et le consuma, lui et ses cinquante hommes.
Eli reponn: —Si m' se yon sèvitè Bondye vre, se pou dife soti nan syèl la tonbe ni sou ou ni sou sòlda ou yo pou l' kankannen nou! Lamenm, yon dife soti nan syèl la, li kankannen ni kaptenn lan ni senkant sòlda li yo.
11 Et Achazia lui envoya encore un autre capitaine de cinquante hommes, avec ses cinquante hommes, qui prit la parole et lui dit: Homme de Dieu, ainsi a dit le roi: Hâte-toi de descendre.
Wa voye yon lòt kaptenn ak senkant lòt sòlda. Lè yo rive, yo di Eli: —Sèvitè Bondye, wa a voye di ou desann koulye a san pèdi tan.
12 Mais Élie répondit et leur dit: Si je suis homme de Dieu, que le feu descende des cieux et te consume, toi et tes cinquante hommes. Et le feu de Dieu descendit des cieux, et le consuma, lui et ses cinquante hommes.
Eli reponn: —Si m' se yon sèvitè Bondye vre, se pou dife soti nan syèl la tonbe ni sou ou ni sou senkant sòlda ou yo pou l' kankannen nou. Lamenm, yon dife soti nan syèl la, li kankannen ni kaptenn lan ni senkant sòlda li yo.
13 Et Achazia envoya encore le capitaine d'une troisième cinquantaine, avec ses cinquante hommes. Et ce troisième capitaine de cinquante hommes monta, vint, et fléchit les genoux devant Élie, et, le suppliant, il lui dit: Homme de Dieu, je te prie, que ma vie et la vie de ces cinquante hommes, tes serviteurs, soit précieuse à tes yeux!
Fwa sa a ankò, wa a voye yon lòt kaptenn avèk senkant lòt sòlda. Lè kaptenn lan rive, li moute jouk kote Eli te ye a, li mete ajenou devan Eli, li di l' konsa: —Tanpri, sèvitè Bondye! Pitye pou mwen ak senkant sòlda mwen yo. Nou la pou rann ou nenpòt sèvis. Sove lavi nou!
14 Voici, le feu est descendu des cieux, et a consumé les deux premiers capitaines de cinquantaine, avec leurs cinquante hommes; mais maintenant, que ma vie soit précieuse à tes yeux!
Dife soti nan syèl la, li tonbe sou de lòt kaptenn yo ak tout sòlda ki te avèk yo! Tanpri, pitye pou mwen.
15 Et l'ange de l'Éternel dit à Élie: Descends avec lui; n'aie point peur de lui. Il se leva donc, et descendit avec lui vers le roi; et il lui dit:
Lè sa a, zanj Seyè a di Eli konsa: —Ou mèt ale ak msye. Ou pa bezwen pè l'. Eli leve, li desann ak kaptenn lan, l' al jwenn wa a.
16 Ainsi a dit l'Éternel: Parce que tu as envoyé des messagers pour consulter Baal-Zébub, dieu d'Ékron, comme s'il n'y avait point de Dieu en Israël pour consulter sa parole, tu ne descendras point du lit sur lequel tu es monté; mais certainement tu mourras!
Li di wa a konsa: —Men mesaj Seyè a voye ba ou: Paske ou voye moun al pale ak Baalzeboub, bondye lavil Ekwon an, tankou si pa gen Bondye nan peyi Izrayèl la ou ta ka al wè, ou p'ap janm leve sou kabann kote ou kouche a, ou pral mouri.
17 Achazia mourut donc, selon la parole de l'Éternel, qu'Élie avait prononcée; et Joram régna à sa place, la seconde année de Joram, fils de Josaphat, roi de Juda, parce qu'Achazia n'avait point de fils.
Okozyas mouri vre, jan Seyè a te di l' la nan bouch Eli. Okozyas pa t' gen pitit gason. Se Joram, frè li, ki moute sou fotèy la nan plas li. Lè sa a, Joram, pitit gason Jozafa a, t'ap mache sou dezan depi li t'ap gouvènen nan peyi Jida.
18 Le reste des actes d'Achazia n'est-il pas écrit au livre des Chroniques des rois d'Israël?
Tout rès istwa Okozyas la ansanm ak tou sa li te fè, n'a jwenn yo ekri nan liv Istwa wa peyi Izrayèl yo.

< 2 Rois 1 >