< Mezmurlar 40 >

1 Müzik şefi için - Davut'un mezmuru RAB'bi sabırla bekledim; Bana yönelip yakarışımı duydu.
Pou direktè koral la; Yon Sòm David Mwen te tann avèk pasyans SENYÈ a. Li te enkline vè mwen e te tande kri mwen.
2 Ölüm çukurundan, Balçıktan çıkardı beni, Ayaklarımı kaya üzerinde tuttu, Kaymayayım diye.
Li te mennen mwen sòti nan fòs k ap detwi a, sòti deyò gwo ma ajil la. Li te mete pye m sou wòch la e te fè m kanpe byen fèm.
3 Ağzıma yeni bir ezgi, Tanrımız'a bir övgü ilahisi koydu. Çokları görüp korkacak Ve RAB'be güvenecekler.
Li te mete yon chanson nèf nan bouch mwen, yon chan lwanj Bondye nou an. Anpil moun va wè, vin gen lakrent e va mete konfyans nan Bondye.
4 Ne mutlu RAB'be güvenen insana, Gururluya, yalana sapana ilgi duymayana.
A la beni se nonm ki mete konfyans li nan SENYÈ a, e ki pa t vire vè moun ògèy yo, ni a (sila) ki vin vire nan sa ki fo yo.
5 Ya RAB, Tanrım, Harikaların, düşüncelerin ne çoktur bizim için; Sana eş koşulmaz! Duyurmak, anlatmak istesem yaptıklarını, Saymakla bitmez.
Anpil, O SENYÈ Bondye mwen an, se mèvèy ke Ou te fè yo, ak panse Ou yo anvè nou. Nanpwen ki kab konpare avèk Ou. Si m ta deklare yo e pale sou yo tout, yo ta vin twòp pou m ta kab konte.
6 Kurbandan, sunudan hoşnut olmadın, Ama kulaklarımı açtın. Yakmalık sunu, günah sunusu da istemedin.
Sakrifis avèk ofrann sereyal, Ou pa t dezire yo. Ou te ouvri zòrèy mwen. Ofrann brile avèk ofrann peche yo, Ou pa t mande yo.
7 O zaman şöyle dedim: “İşte geldim; Kutsal Yazı tomarında benim için yazılmıştır. Ey Tanrım, senin isteğini yapmaktan zevk alırım ben, Yasan yüreğimin derinliğindedir.”
Konsa mwen te di: “Gade byen, mwen vini. Nan woulo liv la, li ekri de mwen menm.
8
Mwen pran plezi nan fè volonte pa Ou, O SENYÈ. Lalwa Ou nan kè m.”
9 Büyük toplantıda müjdelerim senin zaferini, Sözümü esirgemem, Ya RAB, bildiğin gibi!
Mwen te pwoklame bòn nouvèl ladwati yo nan gran asanble a; Gade byen, mwen p ap anpeche lèv mwen; O SENYÈ, Ou konnen.
10 Zaferini içimde gizlemem, Bağlılığını ve kurtarışını duyururum, Sevgini, sadakatini saklamam büyük topluluktan.
Mwen pa t kache ladwati Ou anndan kè m. Mwen te pale selon fidelite Ou, avèk sali Ou. Mwen pa t kache lanmou dous Ou avèk verite Ou devan gran asanble a.
11 Ya RAB, esirgeme sevecenliğini benden! Sevgin, sadakatin hep korusun beni!
Ou menm O SENYÈ, p ap refize mwen. Lanmou dous Ou avèk verite Ou va prezève mwen tout tan.
12 Sayısız belalar çevremi sardı, Suçlarım bana yetişti, önümü göremiyorum; Başımdaki saçlardan daha çoklar, Çaresiz kaldım.
Paske malè ki depase kontwòl yo te antoure mwen. Inikite mwen yo te fin pran m nèt jiskaske mwen pa t kab wè. Yo plis pase cheve sou tèt mwen. Kè m fin fè fayit.
13 Ne olur, ya RAB, kurtar beni! Yardımıma koş, ya RAB!
Fè l plezi Ou, O SENYÈ, pou delivre mwen. Fè vit, O SENYÈ, pou ede mwen.
14 Utansın canımı almaya çalışanlar, Yüzleri kızarsın! Geri dönsün zararımı isteyenler, Rezil olsunlar!
Kite (sila) yo vin wont e imilye ansanm, (sila) ki chache lavi mwen pou detwi li. Kite (sila) yo vire fè bak e dezonore, (sila) ki pran plezi nan fè m mal yo.
15 Bana, “Oh! Oh!” çekenler Dehşete düşsün utançlarından!
Kite (sila) yo etone nèt akoz wont yo, (sila) ki di mwen: “Wayan, wayan!”
16 Sende neşe ve sevinç bulsun Bütün sana yönelenler! “RAB yücedir!” desin hep Senin kurtarışını özleyenler!
Kite tout (sila) ki wè Ou yo rejwi e fè kè kontan nan Ou. Kite tout (sila) ki renmen sali Ou yo pale tout tan: “Ke SENYÈ a kapab leve wo!”
17 Bense mazlum ve yoksulum, Düşün beni, ya Rab. Yardımcım ve kurtarıcım sensin, Geç kalma, ey Tanrım!
Akoz mwen aflije e nan gwo bezwen, kite SENYÈ a toujou sonje mwen. Se Ou menm ki soutyen mwen ak delivrans mwen. Pa fè reta, O Bondye mwen an.

< Mezmurlar 40 >