< Числа 33 >

1 И сии станове сынов Израилевых, егда изыдоша из земли Египетския с силою своею рукою Моисеовою и Ааронею.
Sa se vwayaj a fis Israël yo sou sila yo te sòti nan peyi Égypte la pa lame pa yo, anba direksyon Moïse avèk Aaron.
2 И написа Моисей воздвижения их и станы их, по словеси Господню. И сии станове шествия их:
Moïse te ekri yon rapò pou montre pwent kòmansman nan vwayaj yo selon kòmand SENYÈ a, e sa yo se vwayaj selon pwent kòmansman sila yo.
3 воздвигошася от Рамессы в месяц первый, в пятыйнадесять день перваго месяца: наутрие Пасхи изыдоша сынове Израилтестии рукою высокою пред всеми Египтяны:
Yo te vwayaje soti nan Ramsès nan premye mwa a, sou kenzyèm jou a. Nan jou apre Pak la, fis Israël yo te soti avèk gwo kouraj devan zye a tout Ejipsyen yo,
4 и Египтяне погребаху умершыя от них вся, яже изби Господь всякаго первенца в земли Египетстей: и в бозех их сотвори отмщение Господь.
pandan tout Ejipsyen yo t ap antere tout premye ne ke SENYÈ a te frape detwi pami yo. SENYÈ a te osi egzekite jijman sou dye ki te pou yo.
5 И воздвигшеся сынове Израилевы от Рамессы, ополчишася в Сокхофе:
Alò, fis a Israël yo te vwayaje soti Ramsès pou te fè kan nan Succoth.
6 и воздвигшеся от Сокхофа, ополчишася в Вуфане, иже есть часть некая пустыни:
Yo te vwayaje soti Succoth pou te fè kan nan Etham, ki sou kote dezè a.
7 и воздвигошася от Вуфана, и ополчишася во устии Ирофа, иже есть прямо Веельсепфону, и ополчишася прямо Магдолу:
Yo te vwayaje soti Etham pou te vire fè bak jis nan Pi-Hahiroth, ki anfas Baal-Tsephon, e yo te vin fè kan devan Migdol.
8 и воздвигошася прямо Ирофу, и проидоша среди моря в пустыню: и идоша путем три дни в пустыни тии, и ополчишася в Горькостех.
Yo te vwayaje soti devan Pi-Hahiroth. Yo te pase nan mitan lanmè a pou rive nan dezè a, yo te vwayaje pandan twa jou nan dezè Étham an, e yo te vin fè kan nan Mara.
9 И воздвигошася от Горькостей и приидоша в Елим: и в Елиме (быша) дванадесять источники вод, и седмьдесят стеблий фиников, и ополчишася у воды тамо.
Yo te vwayaje soti Mara pou te rive nan Élim. Nan Élim, te gen douz sous dlo, swasann-dis pye palmis, e yo te fè kan an.
10 И воздвигошася от Елима и ополчишася у моря Чермнаго:
Yo te vwayaje soti nan Élim, pou te fè kan bò kote Lamè Wouj.
11 и воздвигошася от моря Чермнаго и ополчишася в пустыни Син:
Yo te vwayaje soti Lamè Wouj pou te fè kan nan dezè Tsin nan.
12 и воздвигошася от пустыни Син и ополчишася в Рафаке:
Yo te vwayaje soti nan dezè Tsin nan pou te fè kan nan Dophka.
13 и воздвигошася от Рафака и ополчишася в Елусе:
Yo te vwayaje soti nan Dophka pou te fè kan nan Alusch.
14 и воздвигошася от Елуса и ополчишася в Рафидине: и не бысть тамо воды людем пити.
Yo te vwayaje soti Alusch pou te fè kan nan Rephidim. Se te la ke pèp la pa t gen dlo pou bwè a.
15 И воздвигошася от Рафидина и ополчишася в пустыни Сина:
Yo te vwayaje soti nan Rephidim pou te fè kan nan dezè Sinaï a.
16 и воздвигошася от пустыни Сина и ополчишася во гробех Похотения:
Yo te vwayaje soti nan dezè Sinaï a pou te fè kan nan Kibroth-Hattaava.
17 и воздвигошася от Гробов Похотения и ополчишася во Асирофе:
Yo te vwayaje soti nan Kibroth-Hattaava pou te fè kan nan Hatséroth.
18 и воздвигошася от Асирофа и ополчишася в Рафаме:
Yo te vwayaje soti nan Hatséroth pou te fè kan nan Rithma.
19 и воздвигошася от Рафама и ополчишася в Ремнон-Фаресе:
Yo te vwayaje soti nan Rithma pou te fè kan nan Rimmon-Pérets.
20 и воздвигошася от Ремнон-Фареса и ополчишася в Лемвоне:
Yo te vwayaje soti nan Rimmon-Pérets pou te fè kan nan Libna.
21 и воздвигошася от Лемвона и ополчишася в Рессане:
Yo te vwayaje soti nan Libna pou te fè kan nan Rissa.
22 и воздвигошася от Рессана и ополчишася в Макеллафе:
Yo te vwayaje soti nan Rissa pou te fè kan nan Kehélatha.
23 и воздвигошася от Макеллафа и ополчишася во Арсафафе:
Yo te vwayaje soti nan Kehélatha pou te fè kan nan Schapher.
24 и воздвигошася от Арсафафа горы и ополчишася в Харадафе:
Yo te vwayaje soti nan Mòn Schapher pou te fè kan nan Harda.
25 и воздвигошася от Харадафа и ополчишася в Макидофе:
Yo te vwayaje soti nan Harda pou te fè kan nan Makhéloth.
26 и воздвигошася от Макидофа и ополчишася в Катаафе:
Yo te vwayaje soti nan Makhéloth pou te fè kan nan Tahath.
27 и воздвигошася от Катаафа и ополчишася во Фарафе:
Yo te vwayaje soti nan Tahath pou te fè kan nan Tarach.
28 и воздвигошася от Фарафа и ополчишася в Мафекке:
Yo te vwayaje soti nan Tarach pou te fè kan nan Mithka.
29 и воздвигошася от Мафекка и ополчишася во Аселмоне:
Yo te vwayaje soti nan Mithka pou te fè kan nan Haschmona.
30 и воздвигошася от Аселмона и ополчишася в Масуруфе:
Yo te vwayaje soti nan Haschmona pou te fè kan nan Moséroth.
31 и воздвигошася от Масуруфа и ополчишася в Ванаккане:
Yo te vwayaje soti nan Moséroth pou te fè kan nan Bené-Jaakan.
32 и воздвигошася от Ванаккана и ополчишася в горе Гаддад:
Yo te vwayaje soti nan Bené-Jaakan pou te fè kan nan Hor-Guidgad.
33 и воздвигошася от горы Гаддад и ополчишася во Етевафе:
Yo te vwayaje soti nan Hor-Guidgad pou te fè kan nan Jothbatha.
34 и воздвигошася от Етевафа и ополчишася во Евроне:
Yo te vwayaje soti nan Jothbatha pou te fè kan nan Abrona.
35 и воздвигошася от Еврона и ополчишася в Гесион-Гавере:
Yo te vwayaje soti nan Abrona pou te fè kan nan Etsjon-Guéber.
36 и воздвигошася от Гесион-Гавера и ополчишася в пустыни Син: и воздвигошася от пустыни Син и ополчишася в пустыни Фарани, яже есть Кадис:
Yo te vwayaje soti nan Etsjon-Guéber pou te fè kan nan dezè a Tsin nan: sa vle di, Kadès.
37 и воздвигошася от Кадиса и ополчишася в горе Ор близ земли Едомли.
Yo te vwayaje soti nan Kadès pou te fè kan nan Mòn Hor, nan lizyè peyi Édom an.
38 И взыде Аарон жрец на гору Ор повелением Господним, и умре тамо в четыредесятое лето изшествия сынов Израилевых из земли Египетския, месяца пятаго в первый день месяца.
Konsa, Aaron, prèt la, te monte nan Mòn Hor selon lòd SENYÈ a, e li te mouri la nan karantyèm ane apre fis Israël yo te sòti nan peyi Égypte la, nan premye jou sou senkyèm mwa a.
39 И Аарон бяше ста двадесяти трех лет, егда умре в горе Ор.
Aaron te gen san-venn-twazan lè li te mouri sou Mòn Hor a.
40 И услыша Хананей царь Арадский, и сей живяше в земли Ханаани, егда вхождаху сынове Израилевы.
Alò, Kananeyen an, wa a Arad ki te rete Negev la nan peyi Canaran an, te tande ke fis Israël yo t ap pwoche.
41 И воздвигошася от горы Ор и ополчишася в Селмоне:
Alò, yo te vwayaje soti nan Mòn Hor pou te fè kan nan Tsalmona.
42 и воздвигошася от Селмона и ополчишася в Финоне:
Yo te vwayaje soti nan Tsalmona pou te fè kan nan Punon.
43 и воздвигошася от Финона и ополчишася во Овофе:
Yo te vwayaje soti nan Punon pou te fè kan nan Oboth.
44 и воздвигошася от Овофа и ополчишася в Гаи, об ону страну предел Моавлих:
Yo te vwayaje soti nan Oboth pou te fè kan nan Ijjé-Abarim nan lizyè Moab la.
45 и воздвигошася от Гаи и ополчишася в Девон-Гаде:
Yo te vwayaje soti nan Ijjé-Abarim pou te fè kan nan Dibon-Gad.
46 и воздвигошася от Девон-Гада и ополчишася в Гелмон-Девлафаиме:
Yo te vwayaje soti nan Dibon-Gad pou te fè kan nan Almon-Diblathaïm.
47 и воздвигошася от Гелмон-Девлафаима и ополчишася в горах Аваримлих прямо Нававу:
Yo te vwayaje soti nan Almon-Diblathaïm pou te fè kan nan mòn Abarim yo devan Nebo.
48 и воздвигошася от гор Аваримлих и ополчишася на западе Моавли, у Иордана при Иерихоне:
Yo te vwayaje soti nan mòn Abarim yo pou te fè kan nan plèn a Moab yo akote Jourdain an, anfas Jéricho.
49 и воздвигошася от запада Моавля и ополчишася у Иордана, между Есимофом, до Велсаттима на запады Моава.
Yo te fè kan akote Jourdain an, soti nan Beth-Jeschimoth pou jis rive nan Abel-Sittim nan plèn a Moab yo.
50 И рече Господь к Моисею в западе Моава у Иордана при Иерихоне, глаголя:
Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse nan plèn a Moab yo akote Jourdain an anfas Jéricho. Li te di:
51 глаголи сыном Израилевым и речеши к ним: вы преходите Иордан в землю Ханааню,
Pale avèk fis Israël yo e di yo, “Lè nou fin travèse Jourdain an pou antre nan peyi Canaran an,
52 и погубите вся живущыя на земли от лица вашего, и разрушите стражбы их, и вся идолы излиянныя их сокрушите я, и вся капища их разрушите,
alò, nou va chase deyò tout abitan nan peyi a soti devan nou. Nou va detwi tout zidòl taye an wòch pa yo, detwi tout imaj fonn yo, e kraze nèt tout wo plas yo.
53 и погубите вся живущыя на земли, и вселитеся в ню: вам бо дах землю их по жребию:
“Konsa, nou va pran posesyon peyi a pou viv ladann. Paske Mwen te bay peyi a a nou pou posede li.
54 и наследите землю их жребием по племенам вашым: многим умножите одержание их, и малым умалите одержание их: в неже изыдет имя его, тамо да будет жребий его: по племенам отечествий ваших наследите:
Nou va eritye teren an pa tiraj osò selon fanmi nou yo. Pou pi gran fanmi yo, eritaj la va vin plis, pou pi piti yo, nou va bay mwens nan eritaj la. Nenpòt lè tiraj osò a tonbe sou nenpòt fanmi, sila a va pou li. Nou va eritye pa tribi a zansèt nou yo.
55 аще же не погубите живущих на земли от лица вашего, будут, ихже оставите от них, остны во очесех ваших и стрелы в ребрах ваших, и совраждуют вам на земли, на нейже вы вселитеся:
“Men si nou pa pouse mete deyò, tout abitan peyi a devan nou, alò, li va vin rive ke sila ke nou kite pami nou yo, va vin pike zye nou. Yo va devni tankou pikan bò kote nou, e yo va twouble nou nan peyi kote nou rete a.
56 и будет якоже умыслих сотворити онем, то сотворю вам.
Epi li va rive ke sa M te anvizaje fè yo, M ap vin fè l nou.”

< Числа 33 >