< Књига пророка Језекиља 40 >

1 Двадесет пете године робовања нашег, у почетку године, десети дан месеца, четрнаесте године од како се узе град, исти дан дође нада ме рука Господња и одведе ме онамо.
Nan venn-senkyèm ane egzil nou an, nan kòmansman ane a, nan dizyèm jou nan mwa a, nan katòzyèm ane apre vil la te fin pran an, nan menm jou sa a, men SENYÈ a te sou mwen e Li te mennen mwen la.
2 Утварама Божјим одведе ме у земљу Израиљеву, и постави ме на гору врло високу, на којој беше с југа као саграђен град.
Nan vizyon a Bondye yo, Li te mennen m nan peyi Israël, Li te depoze m sou yon mòn byen wo. Epi sou li vè sid te gen yon konstriksyon tankou yon vil.
3 И одведе ме онамо, и гле, човек, који на очи беше као од бронзе, с ужем ланеним у руци и с трском мерачком, и стајаше на вратима.
Konsa, se la li te mennen mwen, epi gade byen, te gen yon nonm ak aparans tankou aparans a bwonz, yon lign fisèl fèt ak len ak yon baton apantaj nan men l. Konsa, li te kanpe nan pòtay la.
4 И проговори ми тај човек: Сине човечји, гледај очима својим и слушај ушима својим, и узми на ум све што ћу ти показати, јер си доведен овамо да ти покажем; кажи дому Израиљевом све што видиш.
Nonm nan te di m: “Fis a lòm, wè ak zye ou e prete atansyon a tout sa ke m va montre ou; paske ou te vin mennen isit la pou m ta ka montre ou li. Deklare a lakay Israël tout sa ke ou wè.”
5 И гле, беше зид споља око дома, а у руци оном човеку трска мерачка од шест лаката, а лакат беше с подланице дужи од обичног; и измери грађевину у ширину, и беше једна трска, и у висину, и беше једна трска.
Gade byen, te gen yon miray sou deyò a tanp lan toutozanviwon, e nan men a nonm nan, te gen yon baton ki mezire sis koude. Yo chak te yon koude plis lajè a yon pla men.
6 Па дође на врата која беху према истоку, и изиђе уз басамаке, и измери један праг вратима, и беше у ширину једна трска, и други праг, и беше у ширину једна трска;
Konsa, li te ale nan pòtay ki te gen fas li vè lès. Li te monte sou eskalye li yo, e te mezire papòt pòtay la, yon ba kann nan lajè, epi lòt papòt la te yon ba kann nan lajè.
7 И клети, и свака беше једну трску дуга и једну трску широка; а између клети беше пет лаката; и праг на вратима код трема на унутрашњим вратима, и беше с једне трске.
Chanm gad la te yon ba kann nan longè, e yon ba kann nan lajè, epi te gen senk koude antre chanm gad yo. Epi papòt pòtay la akote galri pòtay ki te ouvri pa anndan an te yon ba kann.
8 И измери трем на вратима унутрашњим, и беше једна трска.
Li te mezire galri a vè fas pòtay la pa anndan, yon ba kann.
9 И измери трем на вратима, и беше осам лаката; и довратнике им, и беху два лакта; а трем на вратима беше изнутра;
Li te mezire galri a pòtay la, uit koude, epi pilye akote li yo, de koude. Epi galri a pòtay la te vè kay la.
10 И клети код врата према истоку беху три амо и три тамо, једне мере све три, и једне мере беху довратници тамо и амо.
Chanm gad a pòtay lès yo te twa nan kote sa a, ak twa de lòt kote. Toule twa nan de kote te gen menm mezi. Pilye akote yo te gen menm mezi a nan chak kote tou.
11 И измери ширину вратима, и беше десет лаката, и тринаест лаката беше у дужину вратима.
Li te mezire lajè pòtay la, dis koude e longè pòtay la, trèz koude.
12 И пред клетима беше места један лакат, и за један лакат беше места с друге стране, и у свакој клети беше шест лаката од туда и шест лаката од овуда.
Te gen yon mi baryè yon koude lajè nan chak kote, epi chanm gad yo te sis koude kare nan chak kote.
13 После измери врата од крова једне клети до крова друге, и беше у ширину двадесет и пет лаката, врата према вратима.
Li te mezire pòtay la soti nan twati a youn nan chanm gad yo, rive nan twati a lòt la, yon lajè a venn-senk koude soti nan yon pòt jis rive nan pòt a lòt anfas la.
14 И начини довратнике од шездесет лаката, и пред довратницима трем на вратима унаоколо.
Li te fè pilye akote yo swasant koude wotè, epi lakou a te rive nan pilye yo jis li antoure pòtay la.
15 И од лица врата на која се улази до лица трема на унутрашњим вратима беше педесет лаката.
Soti devan antre a pòtay, antre a pou rive devan galri enteryè a, te gen senkant koude.
16 И беху прозори на клетима и на довратницима њиховим сужени унутра око врата, тако и на тремовима, прозори беху изнутра свуда унаоколо, и по довратницима палме.
Te gen fenèt ki fèt ak gri ki te vizavi a chanm gad yo, nan pozisyon akote pilye yo ak pòtay ki te antoure yo a, e menm jan pou galri yo. Epi te gen fenèt toutozanviwon pa anndan. Epi sou chak pilye akote yo, te gen dekorasyon pye palmis.
17 Потом ме уведе у спољашњи трем, и гле, беху клети и под начињен свуда унаоколо у трему, тридесет клети на поду.
Konsa, li te mennen mwen nan lakou eksteryè a, e gade byen, te gen chanm ak yon pave ki te fèt pou tout lakou a toupatou. Trant chanm yo te ouvri sou pave a.
18 А тај под покрај врата према дужини врата беше нижи под.
Pave a te akote pòtay yo, e te koresponn a longè pòtay yo, menm pave pi ba a.
19 Потом измери ширину од лица доњих врата до лица унутрашњег трема споља, и беше сто лаката к истоку и северу.
Epi li te mezire lajè a soti devan pòtay pi ba a pou rive devan pati eksteryè a lakou enteryè a, yon santèn koude nan lès ak nan nò.
20 И врата која беху к северу на трему спољашњем измери у дужину и у ширину;
Jan pou pòtay lakou eksteryè ki bay fas vè nò a, li te mezire longè li ak lajè li.
21 И беху три клети тамо и три амо, и довратници им и тремови беху исте мере као у првих врата; педесет лаката беше у дужину а у ширину двадесет и пет лаката;
Li te gen twa chanm gad chak kote. Pilye akote li yo ak galri li yo te gen menm mezi ak premye pòtay la. Longè li te senkant koude e lajè a te venn-senk koude.
22 И прозори им и тремови и палме беху на меру као на вратима која гледају на исток, и иђаше се к њима уза седам басамака, и тремови беху пред њима.
Fenèt li yo, galri li yo ak dekorasyon pye palmis li yo te gen menm mezi ak pòtay ki te bay fas vè lès la. Epi li te vin jwenn pa sèt mach eskalye yo, e galri li te devan yo.
23 И врата од унутрашњег трема беху према вратима северним и источним, и измери од врата до врата, и беше сто лаката.
Lakou enteryè a te gen yon pòtay anfas pòtay nan nò a, menm jan ak pòtay nan lès la. Li te mezire san koude soti nan yon pòtay a yon pòtay.
24 После ме одведе к југу, и гле, беху врата према југу; и измери им довратнике и тремове, и беше иста мера.
Nan lè sa a, li te mennen m vè sid e gade byen, te gen yon pòtay vè sid la. Li te mezire pilye akote li yo ak galri li yo selon menm mezi sila yo.
25 И беху прозори на њима и на тремовима њиховим унаоколо као они прозори; педесет лаката беше у дужину и двадесет и пет лаката у ширину.
Pòtay ak galri li yo te gen fenèt toutotou tankou lòt fenèt yo. Longè la te senkant koude e lajè a te venn-senk koude.
26 И иђаше се к њима уза седам басамака, и тремови беху пред њима, и палме једна од туда, а једна од овуда по довратницима.
Te gen sèt machpye ki t ap monte vè li e galri li yo te devan yo. Li te gen dekorasyon pye palmis yo sou pilye akote yo, youn nan chak kote.
27 И врата од унутрашњег трема беху према југу; и измери од врата до врата к југу, и беше сто лаката.
Lakou enteryè a te gen yon pòtay vè sid. Li te mezire de pòtay a pòtay vè sid, san koude.
28 Тада ме уведе у унутрашњи трем јужним вратима; и измери јужна врата, и беше иста мера.
Epi li te mennen m nan lakou enteryè a pa pòtay sid la, e li te mezire pòtay sid la selon menm mezi yo.
29 И клети њихове и довратници и тремови беху исте мере, и прозори на њима и на тремовима унаоколо; педесет лаката беше у дужину, и двадесет и пет лаката у ширину.
Chanm gad li yo tou, pilye akote li yo ak galri li yo tout selon menm mezi yo. Epi te gen fenèt nan li ak galri yo ki te antoure l toupatou. Li te senkant koude nan longè e venn-senk koude nan lajè.
30 И тремови беху унаоколо, двадесет и пет лаката у дужину и пет лаката у ширину.
Te gen galri yo toupatou, venn-senk koude longè e senk koude lajè.
31 И тремови им беху према спољашњем трему, и палме по довратницима, и уз осам басамака иђаше се к њима.
Galri li yo te vè lakou eksteryè a. Dekorasyon pye palmis yo te sou pilye akote li yo e eskalye li a te gen uit machpye.
32 Потом ме одведе у унутрашњи трем к истоку, и измери врата, и беше иста мера;
Li te mennen m nan lakou enteryè a vè lès. Li te mezire pòtay la selon menm mezi sila yo.
33 И клети им и довратници и тремови беху исте мере; и беху прозори на њима и на тремовима њиховим унаоколо; у дужину беше педесет лаката, а у ширину двадесет и пет лаката;
Chanm gad li yo tou, pilye akote li yo ak galri li yo te selon menm mezi sa yo. Pòtay ak galri li yo te gen fenèt toutotou. Li te senkant koude nan longè e venn-senk koude nan lajè.
34 И тремови им беху према спољашњем трему, и палме по довратницима и тамо и амо, и уз осам басамака иђаше се к њима.
Galri li yo te vè lakou eksteryè a. Dekorasyon pye palmis yo te sou pilye akote li yo e eskalye a te gen uit machpye.
35 Потом одведе ме на северна врата и измери их, и беху исте мере.
Ankò, li te mennen mwen antre nan pòtay nò a. Li te mezire li selon menm mezi yo—
36 Тако и клети им и довратници и тремови и прозори унаоколо; у дужину педесет лаката, а у ширину двадесет и пет лаката.
avèk chanm gad li yo, pliye akote li yo ak galri li yo. Pòtay la te gen fenèt toutotou. Longè a te senkant koude e lajè a te venn-senk koude.
37 И довратници им беху према спољашњем трему, и палме по довратницима и тамо и амо, и уз осам басамака иђаше се к њима.
Pilye akote li yo te vè lakou eksteryè a. Dekorasyon pye palmis yo te sou pilye akote li yo, youn sou chak kote. Eskalye li a te gen uit machpye.
38 И клети с вратима беху код довратника тих врата, онде се праху жртве паљенице.
Yon chanm ak pòtay li te bò pilye nan pòtay yo. La, yo te lave ofrann brile yo.
39 А у трему од врата беху два стола с једне стране и два стола с друге стране да се на њима кољу жртве паљенице и жртве за грех и за кривицу;
Nan galri pòtay la, te gen de tab nan chak kote, tab sou sila yo te touye ofrann brile yo, ofrann peche yo ak ofrann koupabilite a.
40 И на страни споља како се улази на северна врата беху два стола, и на другој страни у трему од истих врата беху два стола;
Sou kote deyò a, pandan yon moun t ap monte vè pòtay nò a, te gen de tab, epi sou lòt kote galri pòtay la, te gen de tab.
41 Четири стола беху с једне стране и четири с друге стране уз врата, осам столова, на којима се кољаше.
Kat tab te nan chak kote touprè pòtay la, ki fè uit tab antou sou sila yo te touye sakrifis yo.
42 А четири стола за жртву паљеницу беху од тесаног камена, у дужину подруг лакта, и подруг лакта у ширину а у висину један лакат, и на њима се остављаше оруђе којима се кољаху жртве паљенице и друге жртве.
Pou ofrann brile yo, te gen kat tab an wòch taye, yon koude edmi nan longè, yon koude edmi nan lajè e yon koude nan wotè, tab sou sila yo poze enstriman avèk sila yo touye ofrann brile ak sakrifis la.
43 И унутра беху куке с подланице свуда у наоколо, а на столове се меташе месо од жртава.
Kwòk yo, longè a yon pla Men te enstale toupatou nan kay la. Sou tab yo, yo te mete chè ofrann nan.
44 И споља пред вратима унутрашњим беху клети за певаче у унутрашњем трему; једне беху уз врата северна и гледаху према југу, а друге беху уз источна врата и гледаху према северу.
Soti deyò jis rive nan pòtay enteryè a, se te chanm pou chantè nan lakou enteryè yo. Youn nan sila yo te akote pòtay nò a, ak fas li vè sid ak youn akote pòtay sid la, ak fas li vè nò.
45 Тада ми рече: Ове клети што гледају на југ јесу за свештенике који служе око дома;
Li te di mwen: “Sa se chanm ki bay fas vè sid la, ki pou prèt ki responsab lokipe tanp yo.
46 А оне клети што гледају на север јесу за свештенике који служе код олтара; то су синови Садокови, који између синова Левијевих приступају ка Господу да Му служе.
Men chanm ki bay fas vè nò a se pou prèt ki responsab okipe lotèl yo. Sila yo se fis a Tsadok yo, ki soti nan fis a Levi ki vin rapwoche yo de SENYÈ a pou fè sèvis Li.”
47 Потом измери трем, и беше у дужину сто лаката и у ширину сто лаката, четвртаст; и олтар беше пред домом.
Li te mezire lakou a, an fòm kare nèt, san koude nan longè pa san koude nan lajè. Epi lotèl la te devan tanp lan.
48 После ме одведе у трем од дома, и измери довратнике трему, и беше пет лаката отуд и пет лаката одовуд; а врата беху широка три лакта отуд и три лакта одовуд;
Nan lè sa a, li te mennen m nan galri a tanp lan e li te mezire chak kote pilye a galri a, senk koude nan chak kote. Lajè a pòtay la te twa koude nan chak kote.
49 Дужина трему беше двадесет лаката, а ширина једанаест лаката, и уз басамаке се иђаше к њему, и ступови беху уз довратнике, један отуд и један одовуд.
Longè a galeri a te ven koude e lajè a te onz koude. Vè eskalye pa sila li ta ka monte a, te gen kolòn ki te apatyen a pilye akote yo, youn nan chak kote.

< Књига пророка Језекиља 40 >