< Псалтирь 108 >

1 Песнь. Псалом Давида. Готово сердце мое, Боже, готово сердце мое; буду петь и воспевать во славе моей.
Se yon chante David. Mwen pare, Bondye. Mwen pral chante, mwen pral fè lwanj ou ak tout kè mwen.
2 Воспрянь, псалтирь и гусли! Я встану рано.
M'ap pran gita mwen, m'ap pran bandjo mwen, mwen pral fè solèy leve!
3 Буду славить Тебя, Господи, между народами; буду воспевать Тебя среди племен,
Seyè, m'a fè lwanj ou nan mitan pèp yo! M'a chante pou ou nan mitan tout nasyon yo!
4 ибо превыше небес милость Твоя и до облаков истина Твоя.
Ou renmen nou anpil anpil, ou toujou kenbe pawòl ou.
5 Будь превознесен выше небес, Боже; над всею землею да будет слава Твоя,
Bondye, fè wè nan syèl la jan ou gen pouvwa! Fè yo wè pouvwa ou sou tout latè!
6 дабы избавились возлюбленные Твои: спаси десницею Твоею и услышь меня.
Delivre nou ak pouvwa ou! Reponn nou lè nou lapriyè nan pye ou, pou moun ou renmen anpil yo ka jwenn delivrans.
7 Бог сказал во святилище Своем: “восторжествую, разделю Сихем и долину Сокхоф размерю;
Bondye rete kote ki apa pou li a, li di: -Mwen kontan anpil. Mwen pral separe lavil Sichèm. Mwen pral fè apantaj Fon Soukòt.
8 Мой Галаад, Мой Манассия, Ефрем - крепость главы Моей, Иуда - скипетр Мой,
Peyi Galarad, se pou mwen li ye. Peyi Manase tou. M'ap fè peyi Efrayim tounen yon kas pou pwoteje tèt mwen. Peyi Jida, se baton kòmandman m' li ye.
9 Моав - умывальная чаша Моя, на Едома простру сапог Мой, над землею Филистимскою восклицать буду”.
Men, m'ap fè peyi Moab sèvi m' kivèt pou m' fè twalèt mwen. M'ap poze men m' sou peyi Edon. Peyi Filisti a menm, m'ap mache pran l' ak kè kontan.
10 Кто введет меня в укрепленный город? Кто доведет меня до Едома?
Ki moun ki pou mennen m' nan lavil ki byen gade a? Ki moun ki pou mennen m' lavil Edon?
11 Не Ты ли, Боже, Который отринул нас и не выходишь, Боже, с войсками нашими?
Eske se pa ou menm, Bondye, ki pou fè sa pou mwen, ou menm ki te vire do ban nou, ou menm ki pa soti ansanm ak lame nou yo ankò?
12 Подай нам помощь в тесноте, ибо защита человеческая суетна.
Tanpri, ede nou goumen kont lènmi nou yo, paske sekou lèzòm se pawòl nan bouch.
13 С Богом мы окажем силу: Он низложит врагов наших
Avèk Bondye bò kote nou, n'a fè bèl bagay nan lagè. Se li menm k'ap kraze lènmi nou yo anba pye l'.

< Псалтирь 108 >