< Исход 27 >

1 И сделай жертвенник из дерева ситтим длиною пяти локтей и шириною пяти локтей, так чтобы он был четырехугольный, и вышиною трех локтей.
“Ou va fè lotèl la avèk bwa akasya, senk koude nan longè, e senk koude nan lajè. Lotèl la va fèt kare, e wotè li va twa koude.
2 И сделай роги на четырех углах его, так чтобы роги выходили из него; и обложи его медью.
Ou va fè kòn li yo sou kat kwen. Kòn li yo va fèt nan yon sèl pyès avèk li, epi ou va vin kouvri li avèk bwonz.
3 Сделай к нему горшки для высыпания в них пепла, и лопатки, и чаши, и вилки, и угольницы; все принадлежности сделай из меди.
“Ou va fè bokit li yo pou retire sann, avèk pèl li yo, basen li yo, fouch li yo, ak po dife. Ou va fè tout bagay itil sa yo avèk bwonz.
4 Сделай к нему решетку, род сетки, из меди, и сделай на сетке, на четырех углах ее, четыре кольца медных;
Ou va fè pou li yon griyaj, yon èv trese an bronz. Epi nan très yo ou va fè kat wondèl an bwonz nan kat kwen li yo.
5 и положи ее по окраине жертвенника внизу, так чтобы сетка была до половины жертвенника.
Ou va mete li anba, arebò lotèl la, pou griyaj trese a vin monte a mwatye wotè nan lotèl la.
6 И сделай шесты для жертвенника, шесты из дерева ситтим, и обложи их медью;
“Ou va fè poto yo pou lotèl la, poto an bwa akasya yo, e kouvri yo avèk bwonz.
7 и вкладывай шесты его в кольца, так чтобы шесты были по обоим бокам жертвенника, когда нести его.
Poto yo va fonse antre nan wondèl yo, pou poto yo kab rive sou de kote lotèl la lè li pote.
8 Сделай его пустой внутри, дощатый: как показано тебе на горе, так пусть сделают его.
Ou va fè li vid, avèk planch. Fè l jan sa te montre a ou nan mòn nan, konsa yo va fè li.
9 Сделай двор скинии: с полуденной стороны к югу завесы для двора должны быть из крученого виссона, длиною во сто локтей по одной стороне;
“Ou va fè galeri tabènak la. Nan kote sid la ap gen twal fen blan k ap pandye, byen tòde e san koude nan longè pou yon bò.
10 столбов для них двадцать, и подножий для них двадцать медных; крючки у столбов и связи на них из серебра.
Pilye li yo va kontwole ven, avèk ven baz reseptikal yo an bwonz. Kwòk pilye yo avèk bann seraj pa yo va fèt an ajan.
11 Также и вдоль по северной стороне - завесы ста локтей длиною; столбов для них двадцать, и подножий для них двадцать медных; крючки у столбов и связи на них и подножия их из серебра.
Menm jan pou kote nò a, nan longè va genyen k ap pandye san koude nan longè, e ven pilye pa li yo avèk ven baz reseptikal yo an bwonz. Kwòk yo avèk bann seraj pa yo va fèt an ajan.
12 В ширину же двора с западной стороны - завесы пятидесяти локтей; столбов для них десять, и подножий к ним десять.
“Pou lajè galeri a nan kote lwès la va gen bagay k ap pann pou senkant koude, avèk dis pilye pa yo, ak dis baz reseptikal pa yo.
13 И в ширину двора с передней стороны к востоку - завесы пятидесяти локтей; столбов для них десять, и подножий для них десять.
Lajè galeri a nan kote lès la va senkant koude.
14 К одной стороне - завесы в пятнадцать локтей вышиною, столбов для них три, и подножий для них три;
Sa ki pann nan yon kote pòtay la va kenz koude avèk twa pilye pa yo, ak twa baz reseptikal pa yo.
15 и к другой стороне - завесы в пятнадцать локтей вышиною, столбов для них три, и подножий для них три.
Epi pou lòt kote a va gen ki pandye kenz koude avèk twa pilye pa yo, ak twa baz reseptikal pa yo.
16 А для ворот двора завеса в двадцать локтей из голубой и пурпуровой и червленой шерсти и из крученого виссона узорчатой работы; столбов для нее четыре, и подножий к ним четыре.
“Pou pòtay galeri a va gen yon rido ven koude, avèk twal ble, mov, e wouj avèk twal fen blan, byen tòde, lèv a yon mèt tiseran, avèk kat pilye pa yo, ak kat baz reseptikal pa yo.
17 Все столбы вокруг двора должны быть соединены связями из серебра; крючки у них из серебра, а подножия к ним из меди.
Tout pilye ki antoure galeri yo va founi avèk bann seraj yo an ajan, avèk kwòk yo an ajan, e baz reseptikal yo nan bronz.
18 Длина двора сто локтей, а ширина по всему протяжению пятьдесят, высота пять локтей; завесы из крученого виссона, а подножия у столбов из меди.
Longè a galeri a va san koude, lajè a va senkant toupatou, e wotè a, senk koude an twal fen blanc, byen tòde, avèk baz reseptikal yo an bwonz.
19 Все принадлежности скинии для всякого употребления в ней, и все колья ее, и все колья двора - из меди.
“Tout bagay itil a tabènak yo sèvi nan tout sèvis li, ak tout pikèt li yo va fèt an bwonz.
20 И вели сынам Израилевым, чтобы они приносили тебе елей чистый, выбитый из маслин, для освещения, чтобы горел светильник во всякое время;
“Ou va pase lòd a fis Israël yo pou yo pote bay ou lwil byen klè ki fèt avèk oliv byen bat pou limyè a, pou yon lanp kapab briye tout tan.
21 в скинии собрания вне завесы, которая пред ковчегом откровения, будет зажигать его Аарон и сыновья его, от вечера до утра, пред лицем Господним. Это устав вечный для поколений их от сынов Израилевых.
Nan tant rankont lan, deyò tapi a, ki avan temwayaj la, Aaron avèk fis li yo va kenbe li an lòd depi nan aswè rive jiska maten devan SENYÈ a: li va yon règleman jis pou tout tan, pou tout jenerasyon pa yo, pou fis Israël yo.”

< Исход 27 >