< مزامیر 61 >

برای سالار مغنیان برذوات اوتار. مزمور داود ای خدا فریاد مرا بشنو! و دعای مرااجابت فرما! ۱ 1
Pou chèf sanba yo. Se sou enstriman akòd pou yo jwe mizik la. Se yon sòm David. Bondye, tande jan m'ap rele nan pye ou! Koute lè m'ap lapriyè ou!
از اقصای جهان تو راخواهم خواند، هنگامی که دلم بیهوش می‌شود، مرا به صخره‌ای که از من بلندتر است هدایت نما. ۲ 2
Kè m' kase, mwen lwen lakay mwen. M'ap rele ou. Tanpri, mennen m' al chache pwoteksyon sou wòch kote mwen pa ka rive a.
زیرا که تو ملجای من بوده‌ای و برج قوی ازروی دشمن. ۳ 3
Paske, se ou k'ap pwoteje m', se ou k'ap pran defans mwen kont lènmi m' yo.
در خیمه تو ساکن خواهم بود تاابدالاباد. زیر سایه بالهای تو پناه خواهم برد، سلاه. ۴ 4
Mwen ta renmen pase tout lavi m' lakay ou. Mwen ta renmen rete kache anba zèl ou.
زیرا تو‌ای خدا نذرهای مرا شنیده‌ای ومیراث ترسندگان نام خود را به من عطا کرده‌ای. ۵ 5
Bondye, ou tande pwomès mwen fè. Ban mwen sa ou bay tout moun ki respekte non ou lan.
بر عمر پادشاه روزها خواهی افزود و سالهای اوتا نسل‌ها باقی خواهد ماند. ۶ 6
Mete kèk jou sou lavi wa a: Se pou l' viv lontan lontan ankò.
به حضور خداخواهد نشست تا ابدالاباد. رحمت و راستی را مهیا کن تا او را محافظت کنند. ۷ 7
Se pou l' gouvènen tout tan devan Bondye. Bondye va fè l' wè jan li renmen li, jan li toujou kenbe pawòl li: Bondye va pwoteje l'.
پس نام تو را تا به ابد خواهم سرایید تا هر روز نذرهای خود را وفاکنم. ۸ 8
Konsa, mwen p'ap janm sispann chante pou ou. Chak jou m'a fè sa m' te pwomèt ou a.

< مزامیر 61 >