< مزامیر 45 >

برای سالار مغنیان بر سوسنها. قصیده بنی قورح. سرود حبیبات دل من به کلام نیکو می‌جوشد. انشاءخود را درباره پادشاه می‌گویم. زبان من قلم کاتب ماهر است. ۱ 1
Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante sou menm lè ak chante ki di: Bèl ti flè savann blan yo. Se yon chante pitit Kore yo. Se yon chan damou. Mwen gen anpil bèl pawòl nan bouch mwen. Mwen pral chante yon chante pou wa a, mwen tankou yon moun ki konn konpoze bèl chante.
تو جمیل تر هستی ازبنی آدم و نعمت بر لبهای تو ریخته شده است. بنابراین، خدا تو را مبارک ساخته است تا ابدالاباد. ۲ 2
Pa gen pi bèl gason pase ou sou tout latè. Ou gen bèl pawòl dous nan bouch ou. Se poutèt sa, Bondye ap toujou beni ou.
‌ای جبار شمشیر خود را بر ران خود ببند، یعنی جلال و کبریایی خویش را. ۳ 3
Ou menm vanyan gason, pase nepe ou nan ren ou, pou moun ka wè jan ou gen pouvwa, pou yo ka gen respè pou ou.
و به کبریایی خودسوار شده، غالب شو به جهت راستی و حلم وعدالت و دست راستت چیزهای ترسناک را به توخواهد آموخت. ۴ 4
Moute sou cha ou, al goumen, pou pran defans moun ki kenbe pawòl yo, moun ki gen bon kè, moun ki mache dwat devan ou. Kouraj ou ap fè ou genyen batay la.
به تیرهای تیز تو امت‌ها زیر تومی افتند و به دل دشمنان پادشاه فرو می‌رود. ۵ 5
Flèch ou yo pwenti. Moun lòt nasyon yo ap tonbe nan pye ou. Lènmi wa a pèdi tout kouraj yo.
‌ای خدا، تخت تو تا ابدالاباد است؛ عصای راستی عصای سلطنت تو است. ۶ 6
Gouvènman ou lan la pou tout tan tout tan. W'ap gouvènen san patipri tankou yon wa nan peyi ou la.
عدالت را دوست وشرارت را دشمن داشتی. بنابراین خدا خدای توتو را به روغن شادمانی بیشتر از رفقایت مسح کرده است. ۷ 7
Ou renmen tou sa ki byen, ou rayi tou sa ki mal. Se poutèt sa, Bondye ki Bondye ou l'a chwazi ou. Li fè kè ou kontan nèt ale: Li fè pou ou bagay li pa fè pou lòt zanmi ou yo.
همه رختهای تو مر و عود و سلیخه است، از قصرهای عاج که به تارها تو را خوش ساختند. ۸ 8
Tout rad ou santi bon ak odè flè jasmen, womaren ak sitwonèl. Nan palè ou ki kouvri ak livwa, y'ap fè mizik pou fè kè ou kontan.
دختران پادشاهان از زنان نجیب توهستند. ملکه به‌دست راستت در طلای اوفیرایستاده است. ۹ 9
Pami medam k'ap sèvi lakay ou yo anpil ladan yo se pitit fi wa yo ye. Sou bò dwat ou, larenn lan kanpe byen bèl. Li gen sou li bijou fèt an lò ki soti peyi Ofi.
‌ای دختر بشنو و ببین و گوش خود را فرادار. و قوم خود و خانه پدرت رافراموش کن، ۱۰ 10
Koute, mafi! Gade byen! Tande sa m'ap di ou: -Ou mèt bliye pèp kote ou soti a. Ou mèt bliye moun kay papa ou yo.
تا پادشاه مشتاق جمال تو بشود، زیرا او خداوند تو است پس او را عبادت نما. ۱۱ 11
Wa a pa manke renmen ou, paske ou bèl. Se li ki mèt ou, se pou ou obeyi l'.
ودختر صور با ارمغانی. و دولتمندان قوم رضامندی تو را خواهند طلبید. ۱۲ 12
Moun peyi Tir ap pote anpil kado ba ou. Moun rich yo ap vin flate ou.
دختر پادشاه تمام در اندرون مجید است و رختهای او با طلا مرصع است. ۱۳ 13
Pitit fi wa a nan palè a. Ala bèl li bèl! Twal rad ki sou li a fèt ak fil lò.
به لباس طرازدار نزد پادشاه حاضر می‌شود. باکره های همراهان او در عقب وی نزد تو آورده خواهند شد. ۱۴ 14
Yo mennen l' bò kote wa a, avèk bèl rad bwode li sou li. Tout fidonè li yo ap mache dèyè l': yo prezante yo ba ou tou.
به شادمانی وخوشی آورده می‌شوند و به قصر پادشاه داخل خواهند شد. ۱۵ 15
Y'ap vini, yo kontan, y'ap chante, y'ap antre nan palè wa a.
به عوض پدرانت پسرانت خواهند بود و ایشان را بر تمامی جهان سروران خواهی ساخت. ۱۶ 16
Monwa, pitit ou yo va chita kote zansèt ou yo te chita a. W'ap mete yo chèf sou tout latè.
نام تو را در همه دهرها ذکرخواهم کرد. پس قوم‌ها تو را حمد خواهند گفت تا ابدالاباد. ۱۷ 17
Mwen vle chante pou yo pa janm bliye ou, konsa moun lòt peyi yo va fè lwanj ou tout tan tout tan.

< مزامیر 45 >