< خروج 21 >

«و این است احکامی که پیش ایشان می گذاری: ۱ 1
Alò, sa yo se règleman ke ou va mete devan yo:
اگر غلام عبری بخری، شش سال خدمت کند، و در هفتمین، بی‌قیمت، آزاد بیرون رود. ۲ 2
Si ou achte yon esklav Ebre, li va sèvi pou sizane, men nan setyèm ane a li va sòti tankou yon moun lib san peye frè.
اگر تنها آمده، تنها بیرون رود. واگر صاحب زن بوده، زنش همراه او بیرون رود. ۳ 3
Si li antre li sèl li, li va sòti sèl. Si se mari a yon madanm, alò, madanm nan va sòti avè l.
اگر آقایش زنی بدو دهد و پسران یا دختران برایش بزاید، آنگاه زن و اولادش از آن آقایش باشند، و آن مرد تنها بیرون رود. ۴ 4
Si mèt li bay li yon madanm, e li fè fis oswa fi pou li, madanm nan avèk pitit li yo va rete pou mèt li, e li va sòti sèl.
لیکن هرگاه آن غلام بگوید که هرآینه آقایم و زن و فرزندان خودرا دوست می‌دارم و نمی خواهم که آزاد بیرون روم، ۵ 5
Men si esklav la di byen klè: “Mwen renmen mèt mwen, madanm mwen, ak pitit mwen yo; mwen p ap sòti tankou moun lib,”
آنگاه آقایش او را به حضور خدا بیاورد، واو را نزدیک در یا قایمه در برساند، و آقایش گوش او را با درفشی سوراخ کند، و او وی راهمیشه بندگی نماید. ۶ 6
alò, mèt li va mennen li devan Bondye, e apre li va mennen li vè pòt la, oswa chanbrann pòt la. Epi konsa, mèt li va pèse zòrèy li avèk yon pwenson, e li va sèvi li nèt jis pou tout tan.
اما اگر شخصی، دخترخود را به کنیزی بفروشد، مثل غلامان بیرون نرود. ۷ 7
Si yon mesye vann fi li kòm yon esklav femèl, li pa pou lage tankou yo kòn fè ak esklav mal yo.
هر گاه به نظر آقایش که او را برای خودنامزد کرده است ناپسند آید، بگذارد که او را فدیه دهند، اما هیچ حق ندارد که او را به قوم بیگانه بفروشد، زیرا که بدو خیانت کرده است. ۸ 8
Si li vin degoutan nan zye mèt li ki te anvizaje li pou li menm, alò, li va kite li ransone. Li pa gen otorite pou vann li a yon pèp etranje, akoz sa li fè pa jis.
و هرگاه او را به پسر خود نامزد کند، موافق رسم دختران بااو عمل نماید. ۹ 9
Si li ta dezinye l pou marye ak fis li, li va trete li selon koutim pwòp fi li yo.
اگر زنی دیگر برای خود گیرد، آنگاه خوراک و لباس و مباشرت او را کم نکند. ۱۰ 10
Si li ta vin pran pou li menm yon lòt fanm, li pa ka redwi manje li, vètman li, ni dwa konjigal li.
و اگر این سه چیز را برای او نکند، آنگاه بی‌قیمت و رایگان بیرون رود. ۱۱ 11
Si li p ap fè twa bagay sa yo pou li, alò li menm fi a va kite li gratis san peye lajan.
«هر‌که انسانی را بزند و او بمیرد، هر آینه کشته شود. ۱۲ 12
Sila ki frape yon mesye pou li mouri va vrèman mete a lanmò.
اما اگر قصد او نداشت، بلکه خداوی را بدستش رسانید، آنگاه مکانی برای تو معین کنم تا بدانجا فرار کند. ۱۳ 13
Men si sa pa t rive pa eksprè nan anbiskad, men Bondye kite sa rive, alò, Mwen va chwazi yon kote pou li kapab sove ale.
لیکن اگر شخصی عمد بر همسایه خود آید، تا او را به مکر بکشد، آنگاه او را از مذبح من کشیده، به قتل برسان. ۱۴ 14
Si, alò, yon mesye aji avèk mechanste kont vwazen li, pou l kab touye li nan koken, ou va pran li menm si se sou lotèl la, pou li kapab mouri.
و هر‌که پدر یا مادر خود را زند، هرآینه کشته شود. ۱۵ 15
Sila ki frape papa li oswa manman li, li va vrèman mete a lanmò.
وهر‌که آدمی را بدزدد و او را بفروشد یا در دستش یافت شود، هرآینه کشته شود. ۱۶ 16
Sila ki kidnape yon nonm, oswa ke li vann li, oswa yo twouve li nan posesyon li, li va vrèman mete a lanmò.
و هر‌که پدر یامادر خود را لعنت کند، هرآینه کشته شود. ۱۷ 17
Sila ki modi papa li oswa manman li, li va vrèman mete a lanmò.
واگر دو مرد نزاع کنند، و یکی دیگری را به سنگ یابه مشت زند، و او نمیرد لیکن بستری شود، ۱۸ 18
Si de mesye gen yon kont e youn frape lòt la avèk yon wòch, oswa avèk pwen li, e li pa mouri, men l pa ka leve sou kabann li,
اگربرخیزد و با عصا بیرون رود، آنگاه زننده او بی‌گناه شمرده شود، اما عوض بیکاریش را ادا نماید، وخرج معالجه او را بدهد. ۱۹ 19
si li ta leve mache deyò, malgre asistans baton li, alò, sila ki te frape li a va rete san pinisyon. Li va peye sèlman pou tan ke li pèdi a, e li va kontinye okipe li jis lè li fin geri nèt.
و اگر کسی غلام یاکنیز خود را به عصا بزند، و او زیر دست او بمیرد، هرآینه انتقام او گرفته شود. ۲۰ 20
Si yon mesye frape esklav li, kit mal kit femèl, avèk yon baton, epi li vin mouri nan men l, li va pini.
لیکن اگر یک دوروز زنده بماند، از او انتقام کشیده نشود، زیرا که زرخرید اوست. ۲۱ 21
Malgre sa, si li leve apre youn oswa de jou, li p ap pini, pwiske sèvitè a se pwòp byen li ke li ye.
و اگر مردم جنگ کنند، و زنی حامله را بزنند، و اولاد او سقط گردد، و ضرری دیگر نشود، البته غرامتی بدهد موافق آنچه شوهرزن بدو گذارد، و به حضور داوران ادا نماید. ۲۲ 22
Si de mesye vin lite youn avèk lòt, yo frape yon fanm ansent e li vin akouche avan lè, men pa gen lòt pwoblèm, li va peye yon amann jan mari a fanm nan kapab mande li, e li va peye li selon desizyon jij yo.
واگر اذیتی دیگر حاصل شود، آنگاه جان به عوض جان بده. ۲۳ 23
Men si gen plis mal ki fèt, alò, ou va òdone kòm yon penalite vi pou vi,
و چشم به عوض چشم، و دندان به عوض دندان، و دست به عوض دست، و پا به عوض پا. ۲۴ 24
zye pou zye, dan pou dan, men pou men, pye pou pye,
و داغ به عوض داغ، و زخم به عوض زخم، و لطمه به عوض لطمه. ۲۵ 25
brile pou brile, blese pou blese, brize pou brize.
و اگر کسی چشم غلام یا چشم کنیز خود را بزند که ضایع شود، او را به عوض چشمش آزاد کند. ۲۶ 26
Si yon mesye frape zye esklav li, kit mal, kit femèl, e li pèdi zye a, li va bay li libète akoz pèt zye a.
و اگردندان غلام یا دندان کنیز خود را بیندازد او را به عوض دندانش آزاد کند. ۲۷ 27
Si li kraze fè pèt a yon dan esklav li, kit mal, kit femèl, li va ba li libète akoz dan an.
و هرگاه گاوی به شاخ خود مردی یا زنی را بزند که او بمیرد، گاو را البته سنگسار کنند، و گوشتش را نخورند و صاحب گاو بی‌گناه باشد. ۲۸ 28
Si yon bèf frennen yon mesye oswa yon fanm avèk kòn li, pou l mouri, bèf la va vrèman lapide jiskaske li mouri, e chè li p ap manje; men mèt bèf la p ap pini.
و لیکن اگر گاو قبل از آن شاخ زن می‌بود، و صاحبش آگاه بود، و آن را نگاه نداشت، و او مردی یا زنی را کشت، گاو راسنگسار کنند، و صاحبش را نیز به قتل رسانند. ۲۹ 29
Men si yon bèf te deja gen abitid frennen moun e mèt li te avèti deja, men li pa t okipe sa, e li vin touye yon mesye oswa yon fanm, bèf la va lapide, e mèt li anplis va mete a lanmò.
و اگر دیه بر او گذاشته شود، آنگاه برای فدیه جان خود هرآنچه بر او مقرر شود، ادا نماید. ۳۰ 30
Si yon aman ranson vin enpoze pou konsève lavi l, nenpòt sa yo mande, li va peye l,
خواه پسر خواه دختر را شاخ زده باشد، به حسب این حکم با او عمل کنند. ۳۱ 31
Si se yon fis oswa si se yon fi ke li frennen, l ap fèt menm jan selon menm règ la.
اگر گاو، غلامی یا کنیزی را بزند، سی مثقال نقره به صاحب او داده شود، و گاو سنگسار شود. ۳۲ 32
Si bèf la frennen yon mal oswa yon femèl esklav, mèt la va bay mèt li trant sik lajan, e bèf la va lapide.
واگر کسی چاهی گشاید یا کسی چاهی حفر کند، وآن را نپوشاند، و گاوی یا الاغی در آن افتد، ۳۳ 33
Si yon mesye ouvri yon fòs, oswa fouye yon fòs e li pa kouvri li, yon bèf, oswa yon bourik tonbe ladann,
صاحب چاه عوض او را بدهد، و قیمتش را به صاحبش ادا نماید، و میته از آن او باشد. ۳۴ 34
mèt fòs la va bay rekonpans. Li va bay lajan a mèt li, e bèt mouri a va vin pou li.
و اگرگاو شخصی، گاو همسایه او را بزند، و آن بمیردپس گاو زنده را بفروشند، و قیمت آن را تقسیم کنند، و میته را نیز تقسیم نمایند، ۳۵ 35
Si bèf a yon mesye vin donmaje bèf a yon lòt, e li mouri, alò yo va vann bèf vivan an e divize pri li mwatye pou yo chak; epi osi yo va divize bèt mouri an.
اما اگر معلوم بوده باشد که آن گاو قبل از آن شاخ زن می‌بود، وصاحبش آن را نگاه نداشت، البته گاو به عوض گاو بدهد و میته از آن او باشد. ۳۶ 36
Men, si li te deja rekonèt ke bèf la te gen abitid frennen, men mèt li pa t okipe sa, li va vrèman peye bèt pou bèt, e bèt mouri an va vin pou li.

< خروج 21 >