< اول تواریخ 20 >

و واقع شد در وقت تحويل سال، هنگام بيرون رفتن پادشاهان، که يوآب قوت لشکر را بيرون آورد، و زمين بني عَمُّون را ويران ساخت و آمده، رَبَّه را محاصره نمود. اما داود در اورشليم ماند و يوآب رَبَّه را تسخير نموده، آن را منهدم ساخت. ۱ 1
Li te vin rive nan prentan, nan lè ke wa yo konn sòti fè lagè, ke Joab te mennen sòti lame a, e te ravaje peyi a fis a Ammon yo. Li te vin fè syèj kont Rabba. Men David te rete Jérusalem. Joab te frape Rabba e te boulvèse li nèt.
و داود تاج پادشاه ايشان را از سرش گرفت که وزنش يک وزنه طلا بود و سنگهاي گرانبها داشت و آن را بر سر داود گذاشتند و غنيمت از حد زياده از شهر بردند. ۲ 2
David te retire kouwòn a wa pa yo soti sou tèt li. Li te twouve ke li te peze yon talan lò, e te gen pyè presye yo ladann. Konsa, yo te plase li sou tèt a David. Konsa, li te mennen fè sòti piyaj nan vil la, yon trè gran kantite.
و خلق آنجا را بيرون آورده، ايشان را به ارّه ها و چومهاي آهنين و تيشه ها پاره پاره کرد؛ و داود به همين طور با جميع شهرهاي بني عَمُّون رفتار نمود. پس داود و تمامي قوم به اورشليم برگشتند. ۳ 3
Li te mennen fè sòti moun ki te ladann yo, te koupe yo avèk si ak enstriman file e avèk rach. Konsa David te fè a tout vil ki te pou fis a Ammon yo. Alò David avèk tout moun yo te retounen Jérusalem.
و بعد از آن جنگي با فلسطينيان در جازَر، واقع شد که در آن سِبکاي حُوشاتي سِفّاي را که از اولاد رافا بود کشت و ايشان مغلوب شدند. ۴ 4
Alò li te vin rive apre sa ke lagè te vin pete nan Guézer avèk Filisten yo. Konsa, Sibbecaï, Oushatit la, te touye Sippaï, youn nan desandan a jeyan yo, e yo te vin soumèt yo.
و باز جنگ با فلسطينيان واقع شد و اَلحانان بن ياعير لحميرا که برادر جُليات جَتِّي بود کُشت که چوب نيزه اش مثل نورد جولاهکان بود. ۵ 5
Te gen lagè avèk Filisten yo ankò e Elchanan, fis a Jaïr a, te touye frè a Goliath la, Gatit la. Shaf a lans li an te gwo tankou shaf aparèy tise a.
و باز جنگ در جَتّ واقع شد که در آنجا مردي بلند قد بود که بيست وچهار انگشت، شش بر هر دست و شش بر هر پا داشت و او نيز براي رافا زاييده شده بود. ۶ 6
Ankò, te gen lagè avèk Gath kote te gen yon nonm gran wotè ki te genyen venn-kat dwèt ak zòtèy, sis avèk sis e li menm, osi, te yon desandan a jeyan yo.
و چون او اسرائيل را به تنگ آورد، يهُوناتان بن شِمعا برادر داود او را کُشت. ۷ 7
Lè li te voye defi bay Israël, Jonathan, fis a Schimea a, frè David la, te touye li.
اينان براي رافا در جَتّ زاييده شدند و به دست داود و به دست بندگانش افتادند. ۸ 8
Mesye sila yo te jeyan Gath yo e yo te tonbe pa lamen David, ak lamen sèvitè li yo.

< اول تواریخ 20 >