< Esras 10 >

1 Mens nu Esras lå gråtende på jorden foran Guds hus og bad og bekjente, samlet det sig om ham en meget stor skare av Israels folk, både menn og kvinner og barn; for folket gråt sårt.
Alò, pandan Esdras t ap priye e t ap fè konfesyon, t ap kriye e pwostène li devan lakay Bondye a, yon trè gran asanble, gason, fanm, ni timoun, te rasanble vè li soti an Israël; paske pèp yo te kriye byen anmè.
2 Da tok Sekanja, Jehiels sønn, av Olams barn, til orde og sa til Esras: Vi har båret oss troløst at mot vår Gud og tatt fremmede kvinner av de andre folk her i landet til hustruer; men ennu er det håp for Israel i denne sak.
Schecania, fis a Jehiel la, youn nan fis a Élam yo, te di Esdras: “Nou pa t fidèl a Bondye nou an. Nou te marye ak fanm etranje soti nan pèp peyi yo. Malgre, koulye a toujou gen espwa pou Israël.
3 Så la oss nu gjøre en pakt med vår Gud om å skille oss med alle disse kvinner og deres barn, således som Herren vil det og de menn som har ærefrykt for vår Guds bud, og la oss gå frem efter loven!
Alò pou sa a, kite nou fè yon akò avèk Bondye nou an pou mete akote tout fanm yo avèk pitit pa yo, selon konsèy a mèt mwen an, e pou sila ki tranble sou kòmandman Bondye nou yo. Epi kite sa fèt selon lalwa a.
4 Stå op! For det er du som må sørge for dette, og vi skal hjelpe dig; vær frimodig og sett det i verk!
Leve! Paske se ou menm ki responsab afè sila a, men nou va avèk nou. Pran kouraj e aji.”
5 Da stod Esras op og lot de øverste prester og levitter og hele Israels høvdinger sverge at de vilde gjøre som sagt var; og de svor på det.
Konsa, Esdras te leve, e te fè prèt prensipal yo, Levit yo ak tout Israël sèmante pou yo ta fè selon sa ki te pwopoze a. Konsa yo te sèmante.
6 Så gikk Esras bort fra plassen foran Guds hus og inn i Johanans, Eljasibs sønns kammer. Og da han var kommet dit, kunde han hverken ete eller drikke, så dypt sørget han over de hjemkomnes utroskap.
Epi Esdras te leve soti devan lakay Bondye a, e te antre nan chanm a Jochanan nan, fis a Éliaschib la. Malgre li te ale la, li pa t manje pen, ni bwè dlo, paske li te tèlman dezole akoz enfidelite a moun egzil yo.
7 Derefter lot de utrope i Juda og Jerusalem til alle de hjemkomne at de skulde samles i Jerusalem,
Yo te fè yon dekrè nan tout Juda avèk Jérusalem a tout moun egzil yo, ke yo ta dwe rasanble Jérusalem,
8 og om det var nogen som ikke kom innen tre dager, således som høvdingene og de eldste hadde fastsatt, skulde alt hans gods bannlyses, og han selv utelukkes fra de hjemkomnes menighet.
epi ke nenpòt moun ki pa ta vini nan twa jou yo, selon konsèy a chèf pa yo avèk ansyen yo, tout byen li yo va konfiske e li menm ta retire nan asanble moun egzil yo.
9 Så samledes alle Judas og Benjamins menn i Jerusalem innen de tre dager; det var den tyvende dag i den niende måned. Alt folket satt på plassen ved Guds hus og skalv både for sakens skyld og for regnbygene.
Pou sa, tout mesye Juda avèk Benjamin yo te rasanble Jérusalem nan twa jou yo. Se te nan nevyèm mwa a sou ventyèm jou nan mwa a, tout pèp te chita nan plas ouvri devan lakay Bondye a, e yo t ap tranble akoz afè sila a ak gwo lapli a.
10 Da stod presten Esras op og sa til dem: I har båret eder troløst at og tatt fremmede kvinner til hustruer, og dermed har I øket Israels skyld.
Alò, Esdras, prèt la, te kanpe epi te di yo: “Nou pa t fidèl e nou te marye avèk fanm etranje yo, ki ogmante koupabilite Israël la.
11 Så bekjenn det nu for Herren, eders fedres Gud, og gjør hans vilje! Skill eder fra de andre folk her i landet og fra de fremmede kvinner!
Alò, akoz sa a konfese a SENYÈ a, Bondye a zansèt nou yo, e fè volonte L. Separe nou menm soti nan moun a peyi yo, e separe nou de madanm etranje yo.”
12 Da svarte hele folket og sa med høi røst: Ja, som du har sagt, så er vi skyldige å gjøre.
Konsa, tout asanble a te reponn ak yon gwo vwa: “Se konsa, jan ou te di a, se devwa nou pou nou fè.
13 Men folket er tallrikt, og det er nu regntid, så vi ikke er i stand til å stå her ute, og dette er et arbeid som ikke kan utføres på en dag eller to; for det er mange av oss som har syndet i denne sak.
Men gen anpil moun, se sezon lapli a, e nou p ap kab kanpe deyò a. Ni tach la pa kab fèt nan youn oswa de jou, paske nou te fè anpil transgresyon nan afè sila a.
14 La derfor våre høvdinger stå frem for hele folket, og la alle dem i våre byer som har tatt fremmede kvinner til hustruer, møte til fastsatte tider sammen med de eldste og dommerne i hver by, til vi får vendt vår Guds brennende vrede bort fra oss, og denne sak er avgjort.
Kite chèf nou yo reprezante tout asanble a, e kite tout sila nan vil nou yo ki te marye ak fanm etranje yo vini nan lè apwente yo, ansanm avèk ansyen a chak vil yo, jiskaske kòlè fewòs Bondye nou an, akoz bagay sa a, ta vin detounen kite nou.”
15 Bare Jonatan, Asaels sønn, og Jahseja, Tikvas sønn, satte sig imot dette, og Mesullam og levitten Sabbetai støttet dem.
Sèlman Jonathan, fis Asël la avèk Jachzia, fis a Thikva a, te opoze ak sa, avèk Meschullam avèk Schabthaï, Levit ki t ap bay yo soutyen an.
16 De hjemkomne gjorde da som sagt var, og valgte presten Esras og nogen menn som var overhoder for sine familier, og som alle var nevnt ved navn, og de trådte sammen på den første dag i den tiende måned for å granske saken,
Men moun egzil yo te fè li konsa. Epi Esdras, prèt la, te chwazi mesye ki te chèf an tèt lakay zansèt yo pou chak kay zansèt, yo tout pa non yo. Konsa, yo te reyini nan premye jou nan dizyèm mwa a pou fè rechèch sou ka sila a.
17 og de blev ferdig med alle de menn som hadde tatt fremmede kvinner til hustruer, til den første dag i den første måned.
Yo te fin fè rechèch la sou tout mesye ki te marye ak fanm etranje yo pou rive nan premye jou premye mwa a.
18 Blandt prestenes sønner fant de nogen som hadde tatt fremmede kvinner til hustruer; det var: av Josvas, Josadaks sønns sønner og hans brødre: Ma'aseja og Elieser og Jarib og Gedalja;
Pami fis a prèt ki te marye ak fanm etranje yo, yo te twouve fis a Josué yo, fis a Jotsadak la e frè li yo: Maaséja, Éliézer, Jarib, avèk Guedalia.
19 de gav sin hånd på at de vilde skille sig fra sine hustruer og ofre en vær av hjorden som skyldoffer for den skyld de hadde pådradd sig.
Yo te fè sèman pou mete akote fanm pa yo e akoz koupabilite a, yo te ofri yon belye a bann mouton an pou kouvri koupabilite yo.
20 Av Immers barn var det Hanani og Sebadja;
Nan fis a Immer yo, te gen Hanani avèk Zebadia;
21 av Harims barn Ma'aseja og Elia og Semaja og Jehiel og Ussia;
Nan fis a Harim yo, Masséja, Élie, Schemaeja, Jehiel, avèk Ozias.
22 av Pashurs barn Eljoenai, Ma'aseja, Ismael, Netanel, Josabad og Elasa.
Nan fis a Paschhur yo, Eljoénaï, Maaséja, Ismaël, Nethaneel, Jozabad, avèk Éleasa.
23 Av levittene var det Josabad og Sime'i og Kelaja, det er Kelita, Petaja, Juda og Elieser;
Nan Levit yo, te gen Jozabad, Schimeï, Kélaja, (sa vle di) Kelitha, Pethachja, Juda, avèk Éliézer.
24 av sangerne Eljasib; av dørvokterne Sallum og Telem og Uri.
Pami chantè yo, te gen Éliaschab. Pami gadyen pòtay yo: Schallum, Thélem ak Uri.
25 Av Israel ellers var det: av Paros' barn Ramja og Jissija og Malkija og Mijamin og Eleasar og Malkija og Benaja;
Nan Israël, nan fis a Pareosch yo: Ramia, Jizzija, Malkija, Mijamin, Éléazar, Malkija ak Benaja.
26 av Elams barn Mattanja, Sakarja og Jehiel og Abdi og Jeremot og Elia;
Nan fis a Élam yo: Matthania, Zacharie, Jehiel, Abdi, Jerémoth, avèk Élie.
27 av Sattus barn Eljoenai, Eljasib, Mattanja og Jeremot og Sabad og Asisa;
Nan fis a Zatthu yo: Elojénaï, Éliaschib, Matthania, Jerémoth, Zabad, epi Aziza.
28 av Bebais barn Johanan, Hananja, Sabbai, Atlai;
Nan fis a Bébaï yo: Jochanan, Hanania, Zabbaï, avèk Athlaï.
29 av Banis barn Mesullam, Malluk og Adaja, Jasub og Seal og Jeremot;
Nan fis a Bani yo: Meschullam, Malluc, Adaja, Jaschub, Scheal, avèk Ramoth.
30 av Pahat-Moabs barn Adna og Kelal, Benaja, Ma'aseja, Mattanja, Besalel og Binnui og Manasse;
Nan fis a Pachath-Moab yo: Adna, Kelal, Benaja, Maaséja, Matthania, Betsaleel, Binnuï avèk Manassé.
31 fremdeles Harims barn: Elieser, Jissija, Malkija, Semaja, Simeon,
Nan fis a Harim yo: Éliézer, Jischija, Malkija, Schemaeja, Siméon.
32 Benjamin, Malluk, Semarja;
Benjamin, Malluc avèk Schemaria.
33 av Hasums barn Mattenai, Mattatta, Sabad, Elifelet, Jeremai, Manasse, Sime'i;
Nan fis yo a Haschum: Matthanaï, Matthattha, Zabad, Éliphéleth, Jerémaï, Manassé avèk Schimeï.
34 av Banis barn Ma'adai, Amram og Uel,
Nan fis a Bani yo, Maadaï, Amram, Uel,
35 Benaja, Bedeja, Keluhi,
Benaja, Bédia, Keluhu,
36 Vanja, Meremot, Eljasib,
Vania, Merémoth, Éliaschib,
37 Mattanja, Mattenai, Ja'asu
Matthania, Matthanaï, Jaasaï,
38 og Bani og Binnui, Sime'i
Bani, Binnuï, Schimeï,
39 og Selemja og Natan og Adaja,
Schélémia, Nathan, Adaja,
40 Maknadbai, Sasai, Sarai,
Macnadbaï, Schaschaï, Scharaï,
41 Asarel og Selemja, Semarja,
Azareel, Schélémia, Schemaria,
42 Sallum, Amarja, Josef;
Schallum, Amaria, avèk Joseph.
43 av Nebos barn Je'iel, Mattitja, Sabad, Sebina, Jaddu og Joel og Benaja.
Nan fis a Nebo yo, Jeïel, Matthithia, Zabad, Zebina, Jaddaï, Joël ak Benaja.
44 Alle disse hadde tatt fremmede kvinner til hustruer, og blandt dem var det nogen som hadde fått barn.
Tout nan sila yo te marye avèk fanm etranje yo e te gen nan yo ki te gen fanm avèk sila yo te fè pitit.

< Esras 10 >